Kòmanse

2 Istwa 21

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Jozafa mouri, yo antere l' nan tonm wa yo, nan lavil David la. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li. 2 Joram, pitit Jozafa, wa peyi Jida a, te gen sis frè: Azarya, Jeyèl, Zakari, Azaryawou, Mikayèk ak Chefatyawou. 3 Papa yo te ba yo chak yon kantite lò, ajan, ak tout kalite lòt bagay ki gen valè. Li mete yo chèf nan gwo lavil ki gen miray ranpa nan peyi Jida a. Men li te mete Joram wa nan plas li, paske Joram te premye pitit gason l'. 4 Lè Joram moute wa nan plas papa l', li chita otorite l' byen chita nan peyi a. Lèfini, li fè touye tout frè l' yo ansanm ak kèk gwo chèf pèp Izrayèl la. 5 Joram te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. 6 Li fè tankou wa Akab ak lòt wa peyi Izrayèl yo te fè. Li te marye ak yon pitit fi Akab, li fè sa ki mal nan je Seyè a. 7 Men Seyè a pa t' vle detwi fanmi David la, paske li te pase kontra ak David. Li te pwomèt David li t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a. 8 Sou rèy wa Joram, moun peyi Edon yo pran lèzam kont moun peyi Jida yo. Yo pran libète granmoun yo, yo nonmen yon wa pou gouvènen yo. 9 Se konsa Joram soti ak tout chèf li yo ak tout cha lagè li yo, li mache sou yo. Lame moun Edon yo sènen l'. Pandan lannwit, Joram ak chèf cha lagè li yo leve, yo atake moun Edon yo, yo pase soti nan mitan yo, yo chape kò yo. 10 Se depi lè sa a, peyi Edon soti anba otorite peyi Jida a. Yo granmoun lakay yo. Se menm lè sa a tou, moun lavil Libna yo soti anba otorite peyi Jida a, paske Joram te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a. 11 Li te menm rive fè bati tanp pou sèvi zidòl nan mòn peyi Jida yo. Li lakòz moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye. Li fè peyi Jida a pèdi wout li. 12 Se konsa Joram resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye ba li. Nan lèt la pwofèt la di: -Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou. 13 Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou. 14 Se poutèt sa, Seyè a pral voye yon gwo malè sou pèp la, sou pitit ou yo, sou madanm ou yo ak sou tou sa ou genyen. 15 Ou menm pou tèt pa ou, ou pral malad anpil. Ou pral gen yon sèl maladi vant ki pral fè ou soufri jouk trip ou va soti. 16 Lè sa a, te gen kèk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letiopi yo. Seyè a fè yo vin atake Joram. 17 Yo anvayi peyi Jida, yo piye palè wa a, yo fè tout madanm li yo prizonye ansanm ak tout pitit gason l' yo. Sèl pitit gason yo te kite pou li se te Joakaz, ti dènye a. 18 Apre sa, Seyè a voye yon sèl maladi vant sou li ki pa t' ka geri. 19 Pandan dezan maladi a t'ap minen l', trip li yo soti, li t'ap soufri anpil lè li mouri. Pèp la pa t' limen boukan pou li jan yo te fè l' pou zansèt li yo. 20 Joram te gen tranndezan lè li moute wa, li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. Pesonn pa t' pran lapenn pou li lè li mouri. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Istwa 21:1

Introduction

Jehoram succeeds his father Jehoshaphat; and commences his reign with the murder of his brethren, and of several of the princes of Israel, 2Chr 21:1-5. He walks in the way of Ahab, whose bad daughter, Athaliah, he had married, 2Chr 21:6. God remembers his covenant with David, and does not destroy the nation, 2Chr 21:7. The Edomites revolt, 2Chr 21:8-10. Jehoram restores the high places in the mountains of Judah, and greatly corrupts the morals of the people, 2Chr 21:11. A letter comes to him from Elijah, 2Chr 21:12-15. The Philistines and Arabians come up against him, pillage his house, and take away his wives, with all his sons except Jehoahaz, 2Chr 21:16, 2Chr 21:17. He is smitten with an incurable disease in his bowels; of which, in two years, he dies miserably, after a profligate reign of eight years, 2Chr 21:18-20.

2 Istwa 21:2

Verse 2

And he had brethren - the sons of Jehoshaphat, king of Israel. - Jehoshaphat certainly was not king of Israel, but king of Judah. ישראל Yisrael must be a corruption in the text, for יהודה Yehudah; which is the reading of the Syriac, Arabic, Septuagint, and Vulgate: the Chaldee, only agrees with the Hebrew text. And the reading of the versions is supported by thirty-eight of Kennicott's and De Rossi's MSS. The word Judah should therefore be restored to the text.

2 Istwa 21:3

Verse 3

The kingdom gave he to Jehoram - He made him co-partner with himself in the kingdom about three years before his death; so that he reigned only five years after the death of his father Jehoshaphat. See the notes on 2Kgs 8:16, etc.; and on the same, 2Chr 1:17, where an attempt is made to settle this disturbed chronology.

2 Istwa 21:4-5

Verse 4

Slew all his brethren - What a truly diabolic thing is the lust of power! it destroys all the charities of life, and renders those who are under its influence the truest resemblants of the arch fiend. That he might sit the more secure upon his throne, this execrable man imbrues his hands in the blood of his own brothers! There are more instances of this species of cruelty among bad Asiatic kings than among any other class of men. The history of every country abounds in proofs; even that of our own is not the least barren.

2 Istwa 21:6

Verse 6

He had the daughter of Ahab to wife - This was Athaliah, daughter of Ahab and Jezebel, who was famous for her impieties and cruelty, as was her most profligate mother. It is likely that she was the principal cause of Jehoram's cruelty and profaneness.

2 Istwa 21:7

Verse 7

To give a light to him - To give him a descendant.

2 Istwa 21:8-10

Verse 8

In his days the Edomites revolted - See on 2Kgs 8:21 (note).

2 Istwa 21:11

Verse 11

To commit fornication - That is, to serve idols. The Israelites were considered as joined to Jehovah as a woman is joined to her husband: when she associates with other men, this is adultery; when they served other gods, this was called by the same name, it was adultery against Jehovah. This is frequently the only meaning of the terms adultery and fornication in the Scriptures.

2 Istwa 21:12-13

Verse 12

There came a writing to him from Elijah the prophet - From 2Kgs 2:11, it is evident that Elijah had been translated in the reign of Jehoshaphat, the father of Jehoram. How then could he send a letter to the son? Some say he sent it from heaven by an angel; others, that by the spirit of prophecy he foresaw this defection of Jehoram, and left the letter with Elisha, to be sent to him when this defection should take place; others say that Elijah is put here for Elisha; and others, that this Elijah was not the same that was translated, but another prophet of the same name. There are others who think that, as Elijah was still in the body, for he did not die, but was translated, he sent this letter from that secret place in which he was hidden by the Almighty. All the versions have Elijah, and all the MSS. the same reading. Dr. Kennicott contends that Elisha was the writer; for Elijah had been taken up to heaven thirteen years before the time of this writing. Our margin says, the letter was written before his assumption, and refers to 2Kgs 2:1.

These are all conjectures; and I could add another to their number, but still we should be where we were. I should adopt the conjecture relative to Elisha, were not every Hebrew MS., and all the Oriental versions, against it; to which may be added, that the author of this book does not once mention Elisha in any part of his work. It is certainly a possible case that this writing might have been a prediction of Jehoram's impiety and miserable death, delivered in the time of the prophet, and which was now laid before this wicked king for the first time: and by it the prophet, though not among mortals, still continued to speak. I can see no solid reason against this opinion.

2 Istwa 21:14

Verse 14

Will the Lord smite - "The Word of the Lord will send a great mortality." - Targum.

2 Istwa 21:15

Verse 15

Until thy bowels fall out - This must have been occasioned by a violent inflammation: by the same death perished Antiochus Epiphanes, and Herod Agrippa.

2 Istwa 21:16

Verse 16

The Philistines, and - the Arabians - We have no other account of this war. Though it was a predatory war, yet it appears to have been completely ruinous and destructive. What a general curse fell upon this bad king; in his body, soul, substance, family, and government!

2 Istwa 21:17

Verse 17

Save Jehoahaz the youngest - This person had at least three names, Jehoahaz, Ahaziah, (2Chr 22:1), and Azariah, (2Chr 22:6).

2 Istwa 21:18

Verse 18

The Lord smote him - "And after all these things the Word of the Lord smote his bowels," etc. - Targum.

2 Istwa 21:19

Verse 19

After the end of two years, his bowels fell out - The Targum seems to intimate that he had a constipation and inflammation in his bowels; and that at last his bowels gushed out.

No burning - "His people made no burning of aromatic woods for him, as they had done for his forefathers." - Targum. See on 2Chr 16:14 (note).

2 Istwa 21:20

Verse 20

Departed without being desired - He was hated while he lived, and neglected when he died; visibly cursed of God, and necessarily execrated by the people whom he had lived only to corrupt and oppress. No annalist is mentioned as having taken the pains to write any account of his vile life. This summary mention of him consigns him to the execration of posterity, and holds in the view of every prudent governor, the rock on which he split and wrecked the state.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.