2 Istwa 11

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (0180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen. Li te fè lide al goumen ak moun peyi Izrayèl yo pou l' mete yo anba lòd li ankò. 2 Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l' konsa: 3 -Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun pep Izrayèl ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo. Di yo konsa: 4 Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Piga n' al goumen ak fanmi nou yo. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen. Se mwen menm ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo pa moute al goumen ak Jewoboram. 5 Woboram rete lavil Jerizalèm, li moute ranpa nan anpil lavil peyi Jida pou pwoteje yo. 6 Se konsa, li ranfòse miray lavil Betleyèm, Eytam, Tekoa, 7 Betsou, Soko, Adoulam, 8 Gat, Marecha, Zif, 9 Adorayim, Lakis, Aseka, 10 Soreya, Ajalon, Ebwon. Tou sa se lavil ak ranpa ki te nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen. 11 Li ranfòse miray ranpa yo, li mete chèf reskonsab yo, li fè bati depo pou mete manje, lwil ak diven. 12 Lèfini, nan chak lavil, li fè bay gwo plak pwotèj ak frenn an kantite. Lavil sa yo te byen pwoteje. Se konsa Woboram te kenbe moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo anba otorite l'. 13 Prèt yo ak moun Levi yo soti toupatou nan peyi Izrayèl, yo vin jwenn Woboram. 14 Moun Levi yo te kite bèt yo nan savann ak tout lòt byen yo, yo desann lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, paske Jewoboram, wa peyi Izrayèl la ak tout wa ki te vin apre l' yo, te enpoze moun Levi yo fè sèvis yo tankou prèt Seyè a. 15 Jewoboram te chwazi prèt pa l' pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo. 16 Nan tout peyi Izrayèl la moun ki te vle sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ak tout kè yo fè tankou moun Levi yo ak prèt yo. Yo desann lavil Jerizalèm pou yo te ka ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, Bondye zansèt yo a. 17 Sa te bay gouvènman peyi Jida a anpil fòs. Pandan twazan yo kenbe la ak Woboram, pitit Salomon an, yo viv jan yo te konn viv sou rèy wa David ak wa Salomon. 18 Woboram te marye ak Malat, pitit fi Jerimòt ki te pitit David ak Abigayil, pitit fi Eliyab, pitit pitit fi Izayi. 19 Yo fè twa pitit gason: Jeouch, Chemarya ak Saram. 20 Apre sa, Woboram marye ak Maka, pitit fi Absalon, ki ba li kat pitit gason: Abija, Atayi, Ziza ak Chelomit. 21 Antou Woboram te gen dizwit madan marye ak swasant fanm kay. Li fè venntwit pitit gason ak swasant pitit fi. Nan tout madan marye li yo ak fanm kay li yo, se Maka, pitit fi Absalon an, li te pi renmen. 22 Konsa tou, li te pito Abija, pitit gason Maka te fè pou li a, pase tout lòt pitit li yo. Li mete l' chèf tout frè l' yo. Li te vle se li ki pou pran plas li lè li mouri. 23 Li te fè lide bay chak pitit gason l' yo yon reskonsablite. Se konsa, li voye yo al rete toupatou nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen, nan tout lavil li te ranfòse yo, li ba yo pwovizyon an kantite epi li marye yo ak anpil fanm.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Istwa 11:1-4

2Ch 11:1-17. Rehoboam, Raising an Army to Subdue Israel, Is Forbidden by Shemaiah.

1-4. Rehoboam ... gathered of the house of Judah and Benjamin ... to fight against Israel--(See 1Ki 12:21-24).

2 Istwa 11:5-11

5-11. built cities for defence in Judah--This is evidently used as the name of the southern kingdom. Rehoboam, having now a bitter enemy in Israel, deemed it prudent to lose no time in fortifying several cities that lay along the frontier of his kingdom. Jeroboam, on his side, took a similar precaution (1Ki 12:25). Of the fifteen cities named, Aijalon, now Yalo, and Zorah, now Surah, between Jerusalem and Jabneh [Robinson], lay within the province of Benjamin. Gath, though a Philistine city, had been subject to Solomon. And Etham, which was on the border of Simeon, now incorporated with the kingdom of Israel, was fortified to repel danger from that quarter. These fortresses Rehoboam placed under able commanders and stocked them with provisions and military stores, sufficient, if necessary, to stand a siege. In the crippled state of his kingdom, he seems to have been afraid lest it might be made the prey of some powerful neighbors.

2 Istwa 11:13-17

13-17. the priests and the Levites ... resorted to him out of all their coasts--This was an accession of moral power, for the maintenance of the true religion is the best support and safeguard of any nation; and as it was peculiarly the grand source of the strength and prosperity of the Hebrew monarchy, the great numbers of good and pious people who sought an asylum within the territories of Judah contributed greatly to consolidate the throne of Rehoboam. The cause of so extensive an emigration from the kingdom of Israel was the deep and daring policy of Jeroboam, who set himself to break the national unity by entirely abolishing, within his dominions, the religious institutions of Judaism. He dreaded an eventual reunion of the tribes if the people continued to repair thrice a year to worship in Jerusalem as they were obliged by law to do. Accordingly, on pretense that the distance of that city was too great for multitudes of his subjects, he fixed upon two more convenient places, where he established a new mode of worshipping God under gross and prohibited symbols [1Ki 12:26-33]. The priests and Levites, refusing to take part in the idolatrous ceremonies, were ejected from their living [2Ch 11:13, 14]. Along with them a large body of the people who faithfully adhered to the instituted worship of God, offended and shocked by the impious innovations, departed from the kingdom.

2 Istwa 11:18

18. Rehoboam took Mahalath--The names of her father and mother are given. Jerimoth, the father, must have been the son of one of David's concubines (1Ch 3:9). Abihail was, of course, his cousin, previous to their marriage.

2 Istwa 11:20

20. after her he took Maachah ... daughter--that is, granddaughter (2Sa 14:27) of Absalom, Tamar being, according to Josephus, her mother. (Compare 2Sa 18:18).

2 Istwa 11:21

21. he took eighteen wives, and threescore concubines--This royal harem, though far smaller than his father's, was equally in violation of the law, which forbade a king to "multiply wives unto himself" [De 17:17].

2 Istwa 11:22

22. made Abijah ... chief ... ruler among his brethren--This preference seems to have been given to Abijah solely from the king's doting fondness for his mother and through her influence over him. It is plainly implied that Abijah was not the oldest of the family. In destining a younger son for the kingdom, without a divine warrant, as in Solomon's case, Rehoboam acted in violation of the law (De 21:15).

2 Istwa 11:23

23. he dealt wisely--that is, with deep and calculating policy (Ex 1:10).

and dispersed of all his children ... unto every fenced city--The circumstance of twenty-eight sons of the king being made governors of fortresses would, in our quarter of the world, produce jealousy and dissatisfaction. But Eastern monarchs ensure peace and tranquillity to their kingdom by bestowing government offices on their sons and grandsons. They obtain an independent provision, and being kept apart, are not likely to cabal in their father's lifetime. Rehoboam acted thus, and his sagacity will appear still greater if the wives he desired for them belonged to the cities where each son was located. These connections would bind them more closely to their respective places. In the modern countries of the East, particularly Persia and Turkey, younger princes were, till very lately, shut up in the harem during their father's lifetime; and, to prevent competition, they were blinded or killed when their brother ascended the throne. In the former country the old practice of dispersing them through the country as Rehoboam did, has been again revived.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.