2 Istwa 10
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Woboram moute lavil Sichèm, paske se la tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa. 2 Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen lakay li. 3 Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l'. Yo tout ansanm, yo al jwenn Woboram, yo di l' konsa: 4 -Papa ou te di anpil ak nou. Li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale. 5 Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons. Epi moun yo al fè wout yo. 6 Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè li t'ap viv la, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen? 7 Yo reponn li: -Si ou aji byen ak pèp la, si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou, 8 Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, li al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la pou ba l' konsèy tou. 9 Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m' reponn pèp la k'ap mande m' pou m' fè yon leve men pou yo? 10 Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo a. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'. 11 Wi, w'a di yo: Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm se mete m'ap mete sou chay la anko. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou. 12 Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout moun Izrayèl yo vin jwenn wa Woboram, jan li te di yo a. 13 Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la. 14 Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy la. Li di yo: -Papa m' te peze nou anba chay lou, mwen menm, m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm, m'ap pase fwèt la anba sann pou nou. 15 Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre. 16 Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a, yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa gen anyen pou n' separe ak pitit Izayi a. Nou menm pèp Izrayèl la, ann al lakay nou! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl la vire do al lakay yo. 17 Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a. 18 Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo al bò kote moun Izrayèl yo. Men, moun Izrayèl yo kalonnen li koutwòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm. 19 Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 10:1
2Ch 10:1-15. Rehoboam Refusing the Old Men's Good Counsel.
1. Rehoboam went to Shechem--(See on 1Ki 12:1). This chapter is, with a few verbal alterations, the same as in 1Ki 12:1-19.
2 Istwa 10:3
3. And they sent--rather, "for they had sent," &c. This is stated as the reason of Jeroboam's return from Egypt.
2 Istwa 10:7
7. If thou be kind to this people, and please them, and speak good words to them--In the Book of Kings [1Ki 12:7], the words are, "If thou wilt be a servant unto this people, and wilt serve them." The meaning in both is the same, namely, If thou wilt make some reasonable concessions, redress their grievances, and restore their abridged liberties, thou wilt secure their strong and lasting attachment to thy person and government.
2 Istwa 10:15-17
15-17. the king hearkened not unto the people, for the cause was of God--Rehoboam, in following an evil counsel, and the Hebrew people, in making a revolutionary movement, each acted as free agents, obeying their own will and passions. But God, who permitted the revolt of the northern tribes, intended it as a punishment of the house of David for Solomon's apostasy. That event demonstrates the immediate superintendence of His providence over the revolutions of kingdoms; and thus it affords an instance, similar to many other striking instances that are found in Scripture, of divine predictions, uttered long before, being accomplished by the operation of human passions, and in the natural course of events.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
