1 Samyèl 2

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen. 2 Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an. 3 Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès soti nan bouch nou. Paske Seyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè. 4 L'ap kraze zam ki nan men vanyan sòlda yo. Men l'ap bay moun ki fèb yo fòs kouraj. 5 Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankò. Fanm ki pa t' ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen. 6 Seyè a touye, lèfini li bay lavi ankò. Li fè moun desann nan peyi kote mò yo ye a. Li mennen yo tounen ankò. 7 Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò. 8 Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la. 9 L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l' ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k'ap fè l' genyen. 10 Seyè a ap kraze tout lènmi l' yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loraj tonbe sou yo. Seyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a. 11 Apre sa, Elkana tounen lakay li lavil Rama, men yo kite ti gason an lavil Silo pou l' te sèvi Seyè a sou zòd Eli, prèt la. 12 Pitit gason Eli yo te yon bann vòryen. Pou yo, Seyè a pa t' egziste, 13 ni yo pa t' aji jan prèt yo fèt pou aji ak pèp la. Chak fwa yon nonm t'ap touye bèt pou ofri bay Bondye, domestik prèt la vini avèk yon gwo fouchèt twa dan nan men l'. Antan vyann lan ap kwit nan dife a, 14 li plonje fouchèt la nan kaswòl la, nan chodyè a, nan mamit la osinon nan bonm lan. Tou sa fouchèt la te pran, se te pou prèt la. Se konsa yo te fè sa lavil Silo ak tout moun pèp Izrayèl la ki te vin fè ofrann yo la. 15 Sa ki pi rèd ankò, anvan menm yo te wete grès pou boule yo, domestik prèt la vini, epi li di nonm ki t'ap ofri bèt yo te touye a konsa: -Ban m' moso vyann pou prèt la fè woti. Li p'ap asepte ou ba li vyann bouyi. Li bezwen vyann fre. 16 Men, si nonm lan ta reponn li: Tann yo boule grès la anvan, apre sa w'a pran sa ou vle, domestik prèt la ap di l': -Non! Ban mwen l' koulye a. Si ou pa ban mwen li, m'ap pran l' ak fòs pa m'. 17 Peche pitit gason Eli yo te grav anpil anpil devan Seyè a, paske yo pa t' respekte ofrann yo te fè pou Seyè a. 18 Ti Samyèl menm t'ap sèvi Seyè a. Li te gen yon ti jile tankou prèt yo konn mete a. 19 Chak lanne manman l' te fè yon ti rad pou li, epi li te pote l' ba li lè li moute ak mari l' pou touye bèt pou yo ofri chak lanne a. 20 Se konsa, Eli te beni Elkana ansanm ak madanm li. Li di Elkana: -M'ap lapriyè Seyè a pou l' ba ou lòt pitit avèk madanm sa a pou ranplase pitit ou mete apa pou Seyè a. Apre sa yo tounen lakay yo. 21 Seyè a beni Ana ankò. Ana fè senk lòt pitit, de fi twa gason. Ti Samyèl menm t'ap grandi nan kay Seyè a. 22 Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l' yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a. 23 Lè sa a, li di yo konsa: -Poukisa n'ap fè bagay konsa? Mwen tande tout vye koze y'ap di sou nou nan pèp la. 24 Sispann non, pitit mwen yo! Paske, sa m' tande y'ap di sou nou yo se pa bèl bagay menm. 25 Si yon moun fè yon lòt yon bagay mal, Seyè a ka pran defans li. Men lè se Bondye menm yon moun fè mal, ki moun ki va pran defans li? Men, mesye yo pa t' vle koute sa papa a t'ap di yo, paske Seyè a te fin pran desizyon l' pou l' te touye yo. 26 Ti Samyèl menm t'ap grandi toujou. Li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi. 27 Yon pwofèt Bondye vin jwenn Eli, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Lè zansèt ou yo, Arawon ak moun fanmi l' yo, te esklav nan peyi Lejip ap sèvi farawon an, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye. 28 Nan tout branch fanmi pèp Izrayèl yo se fanmi pa li a mwen te chwazi pou sèvi m' prèt devan lotèl mwen, pou yo boule lansan, pou pote ti jile prèt yo devan m'. Epi mwen ba yo dwa pou yo pran yon pòsyon nan tout bèt yo ofri pou boule pou mwen sou lotèl la. 29 Pouki nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m', kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen? 30 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 31 Gade! Koulye a lè a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansèt ou a. Konsa p'ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun. 32 Lespri ou pral boulvèse lè w'a wè tout bagay ap mache byen pou pèp la, men pesonn nan fanmi ou p'ap janm viv lontan jouk pou yo rive granmoun. 33 M'ap kite yonn nan fanmi ou yo vivan pou li ka sèvi m' prèt. Men, l'ap pèdi de grenn je l' yo, epi lapenn ap fini avè l'. Tout lòt fanmi ou yo pral mouri tou jenn nan move kondisyon. 34 Lè w'a wè de pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, tonbe mouri menm jou a, w'a konnen sa m' te di a se vre. 35 Mwen pral chwazi yon lòt prèt ki p'ap janm twonpe m'. L'a fè tou sa m'a vle l' fè, tou sa mwen ta renmen wè l' fè. M'a ba li yon fanmi ki p'ap janm disparèt, se yo ki va toujou sèvi wa mwen va chwazi a. 36 Men, moun ki va rete vivan nan fanmi ou lan va ale bò kote prèt sa a pou mande l' yon ti lajan ak yon ti manje, l'a lapriyè nan pye prèt la pou prèt la kite l' ede lòt prèt yo pou li ka jwenn kichòy pou l' manje.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Samyèl 2:1

1Sa 2:1-11. Hannah's Song in Thankfulness to God.

1. Hannah prayed, and said--Praise and prayer are inseparably conjoined in Scripture (Col 4:2; 1Ti 2:1). This beautiful song was her tribute of thanks for the divine goodness in answering her petition.

mine horn is exalted in the Lord--Allusion is here made to a peculiarity in the dress of Eastern women about Lebanon, which seems to have obtained anciently among the Israelite women, that of wearing a tin or silver horn on the forehead, on which their veil is suspended. Wives, who have no children, wear it projecting in an oblique direction, while those who become mothers forthwith raise it a few inches higher, inclining towards the perpendicular, and by this slight but observable change in their headdress, make known, wherever they go, the maternal character which they now bear.

1 Samyèl 2:5

5. they that were hungry ceased--that is, to hunger.

the barren hath born seven--that is, many children.

1 Samyèl 2:6

6. he bringeth down to the grave, and bringeth up--that is, He reduces to the lowest state of degradation and misery, and restores to prosperity and happiness.

1 Samyèl 2:8

8. He raiseth up the poor out of the dust, and lifteth up the beggar from the dunghill--The dunghill, a pile of horse, cow, or camel offal, heaped up to dry in the sun, and used as fuel, was, and is, one of the common haunts of the poorest mendicants; and the change that had been made in the social position of Hannah, appeared to her grateful heart as auspicious and as great as the elevation of a poor despised beggar to the highest and most dignified rank.

inherit the throne of glory--that is, possesses seats of honor.

1 Samyèl 2:10

10. the Lord shall judge the ends of the earth ... exalt the horn of his anointed--This is the first place in Scripture where the word "anointed," or Messiah, occurs; and as there was no king in Israel at the time, it seems the best interpretation to refer it to Christ. There is, indeed, a remarkable resemblance between the song of Hannah and that of Mary (Lu 1:46).

1 Samyèl 2:11

11. the child did minister unto the Lord before Eli the priest--He must have been engaged in some occupation suited to his tender age, as in playing upon the cymbals, or other instruments of music; in lighting the lamps, or similar easy and interesting services.

1Sa 2:12-17. The Sin of Eli's Sons.

1 Samyèl 2:12

12. Now the sons of Eli were sons of Belial--not only careless and irreligious, but men loose in their actions, and vicious and scandalous in their habits. Though professionally engaged in sacred duties, they were not only strangers to the power of religion in the heart, but they had thrown off its restraints, and even ran, as is sometimes done in similar cases by the sons of eminent ministers, to the opposite extreme of reckless and open profligacy.

1 Samyèl 2:13-17

13-17. the priests' custom with the people--When persons wished to present a sacrifice of peace offering on the altar, the offering was brought in the first instance to the priest, and as the Lord's part was burnt, the parts appropriated respectively to the priests and offerers were to be sodden. But Eli's sons, unsatisfied with the breast and shoulder, which were the perquisites appointed to them by the divine law (Ex 29:27; Le 7:31, 32), not only claimed part of the offerer's share, but rapaciously seized them previous to the sacred ceremony of heaving or waving (see on Le 7:29); and moreover they committed the additional injustice of taking up with their fork those portions which they preferred, while still raw. Pious people revolted at such rapacious and profane encroachments on the dues of the altar, as well as what should have gone to constitute the family and social feast of the offerer. The truth is, the priests having become haughty and unwilling in many instances to accept invitations to those feasts, presents of meat were sent to them; and this, though done in courtesy at first, being, in course of time, established into a right, gave rise to all the rapacious keenness of Eli's sons.

1Sa 2:18-26. Samuel's Ministry.

1 Samyèl 2:18

18. But Samuel ministered before the Lord, being a child--This notice of his early services in the outer courts of the tabernacle was made to pave the way for the remarkable prophecy regarding the high priest's family.

girded with a linen ephod--A small shoulder-garment or apron, used in the sacred service by the inferior priests and Levites; sometimes also by judges or eminent persons, and hence allowed to Samuel, who, though not a Levite, was devoted to God from his birth.

1 Samyèl 2:19

19. his mother made him a little coat, and brought it to him from year to year--Aware that he could not yet render any useful service to the tabernacle, she undertook the expense of supplying him with wearing apparel. All weaving stuffs, manufacture of cloth, and making of suits were anciently the employment of women.

1 Samyèl 2:20

20. Eli blessed Elkanah and his wife--This blessing, like that which he had formerly pronounced, had a prophetic virtue; which, before long, appeared in the increase of Hannah's family (1Sa 2:21), and the growing qualifications of Samuel for the service of the sanctuary.

1 Samyèl 2:22-24

22-24. the women that assembled at the door of the tabernacle--This was an institution of holy women of a strictly ascetic order, who had relinquished worldly cares and devoted themselves to the Lord; an institution which continued down to the time of Christ (Lu 2:37). Eli was, on the whole, a good man, but lacking in the moral and religious training of his family. He erred on the side of parental indulgence; and though he reprimanded them (see on De 21:18), yet, from fear or indolence, he shrank from laying on them the restraints, or subjecting them to the discipline, their gross delinquencies called for. In his judicial capacity, he winked at their flagrant acts of maladministration and suffered them to make reckless encroachments on the constitution, by which the most serious injuries were inflicted both on the rights of the people and the laws of God.

1 Samyèl 2:25

25. they hearkened not unto the voice of their father, because--it should be therefore.

the Lord would slay them--It was not God's preordination, but their own wilful and impenitent disobedience which was the cause of their destruction.

1Sa 2:27-35. A Prophecy against Eli's House.

1 Samyèl 2:27

27. there came a man of God unto Eli, and said ... that there shall not be an old man in thine house--So much importance has always, in the East, been attached to old age, that it would be felt to be a great calamity, and sensibly to lower the respectability of any family which could boast of few or no old men. The prediction of this prophet was fully confirmed by the afflictions, degradation, poverty, and many untimely deaths with which the house of Eli was visited after its announcement (see 1Sa 4:11; 14:3; 22:18-23; 1Ki 2:27).

1 Samyèl 2:31

31. I will cut off thine arm, and the arm of thy father's house--By the withdrawal of the high priesthood from Eleazar, the elder of Aaron's two sons (after Nadab and Abihu were destroyed, [Nu 3:4]), that dignity had been conferred on the family of Ithamar, to which Eli belonged, and now that his descendants had forfeited the honor, it was to be taken from them and restored to the elder branch.

1 Samyèl 2:32

32. thou shalt see an enemy in my habitation--A successful rival for the office of high priest shall rise out of another family (2Sa 15:35; 1Ch 24:3; 29:22). But the marginal reading, "thou shalt see the affliction of the tabernacle," seems to be a preferable translation.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.