1 Samyèl 3

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè sa a, Samyèl te timoun toujou, li t'ap sèvi Seyè a sou zòd Eli. Nan tan sa a se pa t' fasil pou Seyè a te pale ak moun. Se bagay ki te ra anpil pou Seyè a te fè moun wè l'. 2 Je Eli yo te fin bese, li pa t' ka wè ladan yo ankò. Yon jou lannwit, Eli te kouche nan chanm li ap dòmi. 3 Samyèl menm te kouche nan Tanp Seyè a, nan pyès kote Bwat Kontra Bondye a te ye a. Lanp lan te limen toujou. 4 Seyè a rele Samyèl. Samyèl reponn: -Men mwen wi! 5 Epi li leve, l' al jwenn Eli, li di l': -Men mwen wi! M' tande ou rele m'! Eli reponn li: -Mwen pa rele ou non! Tounen nan kabann ou. Samyèl ale, li kouche. 6 Seyè a rele l' ankò. Samyèl leve, l' al jwenn Eli, li di l': -Men mwen wi! Mwen tande ou rele m'! Men, Eli reponn li: -Pitit mwen, mwen pa rele ou. Al kouche tande! 7 Samyèl pa t' ankò konnen Seyè a paske Seyè a pa t' ankò janm pale avè l' anvan sa. 8 Seyè a rele Samyèl yon twazyèm fwa. Samyèl leve, l' al jwenn Eli, epi li di l': -Mwen tande ou rele m'. Men mwen wi! Fwa sa a, Eli vin konprann se Seyè a ki t'ap rele ti gason an. 9 Li di Samyèl konsa: -Al kouche tande! Si ou tande yo rele ou ankò, w'a reponn: Pale non, Seyè! Sèvitè ou la ap koute ou! Samyèl ale, li kouche nan kabann li. 10 Seyè a vini, li kanpe, epi li rele l' jan l' te fè l' anvan an: -Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: -Pale non! Sèvitè ou la ap koute ou! 11 Seyè a di l' konsa: -Mwen pral fè yon gwo bagay nan mitan pèp Izrayèl la. Lè moun va tande sa, yo pral sezi. 12 Jou sa a, tout malè mwen te di Eli ki pou te rive fanmi l' yo pral rive vre san manke yonn. 13 Mwen te di l' mwen tapral pini fanmi l' lan yon sèl kou pou m' fini ak yo poutèt pitit gason l' yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen. 14 Se poutèt sa mwen te fè moun fanmi Eli yo konnen mwen sèmante pa gen ankenn bèt yo ka touye ni ankenn ofrann ki ka fè m' padonnen peche yo fè a. 15 Samyèl rete nan kabann li jouk denmen maten. Li leve granmaten, li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Men, li te pè al rakonte Eli vizyon li te fè a. 16 Men Eli rele l': -Samyèl, pitit mwen! Samyèl reponn li: -Men mwen wi! 17 Eli mande l': -Kisa Seyè a di ou konsa? Tanpri pa kache m' anyen. Se pou Bondye ba ou pi gwo pinisyon ki genyen si ou kache m' anyen nan sa li di ou la. 18 Se konsa Samyèl rapòte l' tout pawòl Seyè a san kache l' anyen. Epi Eli di l': -Se Seyè a li ye, l'a fè tou sa li wè ki bon. 19 Samyèl t'ap grandi, Seyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te soti nan bouch Samyèl rive vre. 20 Konsa, tout pèp Izrayèl la, depi moun ki te rete nan peyi Dann lan jouk sa ki rete lavil Bècheba, te vin rekonèt Samyèl tankou yon bon pwofèt k'ap pale pawòl Seyè a. 21 Seyè a menm te toujou ap parèt lavil Silo, paske se la li te konn fè Samyèl wè li, se la li te konn pale ak li.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Samyèl 3:1

1Sa 3:1-10. The Lord Appears to Samuel in a Vision.

1. the child Samuel ministered unto the Lord before Eli--His ministry consisted, of course, of such duties in or about the sanctuary as were suited to his age, which is supposed now to have been about twelve years. Whether the office had been specially assigned him, or it arose from the interest inspired by the story of his birth, Eli kept him as his immediate attendant; and he resided not in the sanctuary, but in one of the tents or apartments around it, assigned for the accommodation of the priests and Levites, his being near to that of the high priest.

the word of the Lord was precious in those days--It was very rarely known to the Israelites; and in point of fact only two prophets are mentioned as having appeared during the whole administration of the judges (Jud 4:4; 6:8).

there was no open vision--no publicly recognized prophet whom the people could consult, and from whom they might learn the will of God. There must have been certain indubitable evidences by which a communication from heaven could be distinguished. Eli knew them, for he may have received them, though not so frequently as is implied in the idea of an "open vision."

1 Samyèl 3:3

3. ere the lamp of God went out in the temple of the Lord--The "temple" seems to have become the established designation of the tabernacle, and the time indicated was towards the morning twilight, as the lamps were extinguished at sunrise (see Le 6:12, 13).

1 Samyèl 3:5-18

5-18. he ran unto Eli, and said, Here am I; for thou calledst me--It is evident that his sleeping chamber was close to that of the aged high priest and that he was accustomed to be called during the night. The three successive calls addressed to the boy convinced Eli of the divine character of the speaker, and he therefore exhorted the child to give a reverential attention to the message. The burden of [the Lord's message] was an extraordinary premonition of the judgments that impended over Eli's house; and the aged priest, having drawn the painful secret from the child, exclaimed, "It is the Lord; let him do what seemeth him good." Such is the spirit of meek and unmurmuring submission in which we ought to receive the dispensations of God, however severe and afflictive. But, in order to form a right estimate of Eli's language and conduct on this occasion, we must consider the overwhelming accumulation of judgments denounced against his person, his sons, his descendants--his altar, and nation. With such a threatening prospect before him, his piety and meekness were wonderful. In his personal character he seems to have been a good man, but his sons' conduct was flagrantly bad; and though his misfortunes claim our sympathy, it is impossible to approve or defend the weak and unfaithful course which, in the retributive justice of God, brought these adversities upon him.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.