1 Wa 6

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè sa a te gen katsankatreven (0480) lanne depi pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip, Salomon te gen katran depi li t'ap gouvènen pèp Izrayèl la. Nan mwa Ziv la, ki dezyèm mwa nan kalandriye jwif yo, Salomon mete men nan bati kay Seyè a. 2 Kay wa Salomon bati pou Seyè a te gen katrevendis pye longè, trant pye lajè ak karantsenk pye wotè. 3 Premye pyès devan an te gen kenz pye longè, trant pye lajè. Li te menm lajè ak kay la. 4 Miray tanp lan te gen fennèt ak griyaj bare yo. 5 Kole kole ak miray yo, sou de sou kote yo ak sou dèyè Tanp lan ak pyès dèyè a, li fè bati twa ran pyès, yonn sou lòt. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè. 6 Chak pyès nan dènye etaj anba a te gen sèt pye edmi lajè. Pyès nan etaj mitan an te gen nèf pye lajè ak pyès nan etaj anwo nèt la te gen dis pye edmi. Miray tanp lan menm te pi laj anba pase anwo. Konsa, gwo travès plafon yo te chita sou miray yo san yo pa t' bezwen fouye twou ladan yo. 7 Wòch yo te sèvi pou bati Tanp lan te pare depi nan min wòch kote yo te jwenn yo a. Konsa, pandan yo t'ap bati Tanp lan pa t' gen ankenn bri mato, bri sizo, ni bri ankenn zouti fè. 8 Pòt pou antre nan premye chanm anba yo te bay sou bò sid Tanp lan. Te gen eskalye pou moute nan premye ak nan dezyèm etaj yo. 9 Lè Salomon fin bati Tanp lan, li mete yon plafon fèt ak travès ak planch sèd. 10 Li bati pyès chanm yo tout arebò tanp lan. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè. Yo te kole kole ak miray kay la. Yo te mare sou miray la ak travès sèd. 11 Seyè a pale ak Salomon, li di l' konsa: 12 -Lè w'a fin bati tanp lan, si ou mache dapre lòd mwen, si ou fè sa m' di ou fè, si ou kenbe tout kòmandman mwen yo, m'a fè pou ou tou sa mwen te pwomèt David, papa ou. 13 M'ap rete nan mitan peyi Izrayèl la, mwen p'ap janm lage yo. 14 Se konsa Salomon fin bati Tanp lan. 15 Tout miray yo te plake sou anndan ak planch sèd depi planche a rive nan plafon an. Planche a te fèt ak bwa pichpen. 16 Li bati sou dèyè tanp lan yon gwo pyès li rele Pyès ki apa nèt pou Seyè a. Pyès la te gen trant pye longè. Panno pyès la fèt ak planch sèd ki soti depi atè rive nan plafon an. 17 Pati tanp lan ki te devan pyès ki apa nèt pou Seyè a te gen swasant pye longè. 18 Sou anndan, tout miray tanp lan te kouvri ak planch sèd, ou pa t' ka wè yon wòch. Planch sèd yo te travay ak desen flè ak ti kalbas sou tout kò yo. 19 Anndan Tanp lan, sou dèyè, li bati yon pyès apa pou Seyè a. Se la yo te mete Bwat Kontra Seyè a. 20 Pyès la te gen trant pye longè, trant pye lajè ak trant pye wotè. Li te kouvri nèt ak lò. Sou devan pyès la yo bati yon lotèl ak bwa sèd, lèfini yo te kouvri li nèt ak lò. 21 Tout miray anndan tanp lan te kouvri ak lò. Pyès apa nèt pou Seyè a te kouvri ak lò tou. Yo fè chenn lò pou fèmen pòt pyès ki apa pou Seyè a. 22 Konsa, tout anndan Tanp lan nèt ansanm ak lotèl ki te devan pyès ki apa pou Seyè a te kouvri nèt ak lò. 23 Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè. 24 Chak zèl te mezire sèt pye edmi longè. Konsa, depi pwent yon zèl rive nan pwent lòt zèl la te gen kenz pye. 25 Tou de estati yo te gen menm fòm, menm gwosè. 26 Tou de te menm wotè, yo te gen kenz pye wotè. 27 Salomon fè mete de estati yo anndan pyès ki apa pou Seyè a, kòtakòt, ak zèl yo louvri pou pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo. 28 De estati ak zèl yo te kouvri nèt ak lò. 29 Sou tout miray anndan tanp lan te gen pòtre zanj cheriben, pòtre pye palmis ak pòtre flè yo te travay nan bwa a. 30 Menm planche a te kouvri ak lò anndan kou deyò. 31 Salomon fè mete yon pòt de batan fèt ak bwa oliv pou fèmen pyès apa pou Seyè a. Lento pòt la ak de montan yo te pran yon senkyèm nan ouvèti pòt la. 32 Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay nan bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò. 33 Pòt pyès mitan Tanp lan te gen yon ankadreman fèt ak bwa oliv ki te pran yon ka nan ouvèti pòt la. 34 Pòt la menm te fèt an pichpen. Li te gen kat batan, de batan chak bò ki ka fèmen yonn sou lòt. 35 Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay sou bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò. 36 Li fè bati yon lakou fèmen devan Tanp lan. Miray lakou a te fèt ak yon ranje madriye sèd pou chak twa ranje wòch yonn sou lòt. 37 Se nan katriyèm lanne rèy Salomon, nan mwa Ziv la, yo te mete men nan fondasyon kay Seyè a. 38 Tanp lan te fin bati ak tout ti detay li yo, jan yo te fè plan an, nan onzyèm lanne rèy Salomon nan wityèm mwa kalandriye jwif yo, ki rele Boul. Salomon te pran sètan pou l' bati Tanp lan.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Wa 6:2

1Ki 6:1-4. The Building of Solomon's Temple.

2. the house which king Solomon built for the Lord--The dimensions are given in cubits, which are to be reckoned according to the early standard (2Ch 3:3), or holy cubit (Eze 40:5; 43:13), a handbreadth longer than the common or later one. It is probable that the internal elevation only is here stated.

1 Wa 6:3

3. the porch--or portico, extended across the whole front (see on 2Ch 3:4).

1 Wa 6:4

4. windows of narrow lights--that is, windows with lattices, capable of being shut and opened at pleasure, partly to let out the vapor of the lamps, the smoke of the frankincense, and partly to give light [Keil].

1Ki 6:5-10. The Chambers Thereof.

1 Wa 6:5

5. against the wall of the house he built chambers--On three sides, there were chambers in three stories, each story wider than the one beneath it, as the walls were narrowed or made thinner as they ascended, by a rebate being made, on which the beams of the side floor rested, without penetrating the wall. These chambers were approached from the right-hand side, in the interior of the under story, by a winding staircase of stone, which led to the middle and upper stories.

1 Wa 6:7

7. there was neither hammer nor axe nor any tool of iron heard in the house while it was in building--A subterranean quarry has been very recently discovered near Jerusalem, where the temple stones are supposed to have been hewn. There is unequivocal evidence in this quarry that the stones were dressed there; for there are blocks very similar in size, as well as of the same kind of stone, as those found in the ancient remains. Thence, probably, they would be moved on rollers down the Tyropean valley to the very side of the temple [Porter, Tent and Kahn].

1 Wa 6:9-10

9-10. built the house--The temple is here distinguished from the wings or chambers attached to it--and its roofing was of cedar-wood.

1 Wa 6:11-13

11-13. the word of the Lord came to Solomon--probably by a prophet. It was very seasonable, being designed: first, to encourage him to go on with the building, by confirming anew the promise made to his father David (2Sa 7:12-16); and secondly, to warn him against the pride and presumption of supposing that after the erection of so magnificent a temple, he and his people would always be sure of the presence and favor of God. The condition on which that blessing could alone be expected was expressly stated. The dwelling of God among the children of Israel refers to those symbols of His presence in the temple, which were the visible tokens of His spiritual relation to that people.

1Ki 6:15-22. The Ceiling and Adorning of It.

1 Wa 6:15-21

15-21. he built the walls of the house within--The walls were wainscotted with cedar-wood; the floor, paved with cypress planks; the interior was divided (by a partition consisting of folding doors, which were opened and shut with golden chains) into two apartments--the back or inner room, that is, the most holy place, was twenty cubits long and broad; the front, or outer room, that is, the holy place, was forty cubits. The cedar-wood was beautifully embellished with figures in relievo, representing clusters of foliage, open flowers, cherubims, and palm trees. The whole interior was overlaid with gold, so that neither wood nor stone was seen; nothing met the eye but pure gold, either plain or richly chased.

1 Wa 6:31-35

31-35. for the entering of the oracle--The door of the most holy place was made of solid olive tree and adorned with figures. The door of the holy place was made of cypress wood, the sides being of olive wood.

1 Wa 6:36

36. the inner court--was for the priests. Its wall, which had a coping of cedar, is said to have been so low that the people could see over it.

1Ki 6:37, 38. The time Taken to Build It.

1 Wa 6:37

37. In the fourth year was the foundation laid--The building was begun in the second month of the fourth year and completed in the eighth month of the eleventh year of Solomon's reign, comprising a period of seven and a half years, which is reckoned here in round numbers. It was not a very large, but a very splendid building, requiring great care, and ingenuity, and division of labor. The immense number of workmen employed, together with the previous preparation of the materials, serves to account for the short time occupied in the process of building.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.