1 Wa 4
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Salomon te wa sou tout pèp Izrayèl la nèt. 2 Men non chèf ki te nan gouvènman li an: Azarya, pitit Zadòk, te prèt la. 3 Elikorèf ak Akija, pitit gason Chicha yo, te sekretè palè a. Jozafa, pitit Ayiloud, te reskonsab achiv wa a. 4 Benaja, pitit gason Jeojada, te kòmandan tout lame a. Zadòk ak Abyata te prèt. 5 Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonèl wa a. 6 Ayicha te chèf kanbiz palè a. Adoniram, pitit gason Abda, te reskonsab travay kòve yo. 7 Salomon te chwazi douz gouvènè pou tout peyi a. Travay yo se te ranmase manje nan zòn sou reskonsablite yo pou wa a ak tout moun lakay li yo, yo chak pandan yon mwa nan lanne a. 8 Men non douz gouvènè yo ak zòn sou reskonsablite yo chak: Bennour, pou zòn mòn Efrayim yo, 9 Benndeke, pou zòn lavil Makaz, lavil Chalbim, lavil Bèt-Chemèch, lavil Elon ak lavil Bèt anan. 10 Bennesèd, pou zòn lavil Awoubòt, lavil Soko ak tout peyi Efè a. 11 Bennabinadab, ki te marye ak Tafat, pitit fi Salomon an, pou tout zòn Dò a. 12 Bana, pitit gason Akiloud, pou zòn lavil Tanak, lavil Megido, pou tout zòn bò lavil Bèt-Chean toupre lavil Zaretan, sou bò sid lavil Jizreyèl la rive lavil Abèl Meola ak lavil Jokmeyam. 13 Benngebè, pou lavil Ramòt nan peyi Galarad, ak tout ti bouk nan peyi Galarad la ki pou branch fanmi Jayi, pitit Manase, ak tout zòn Agòb nan peyi Bazan. Antou swasant gwo lavil fèmen dèyè gwo miray ranpa ak gwo pòtay bare ak poto kwiv. 14 Akinadad, pitit gason Ido, pou zòn Manayim. 15 Akimaz, ki te marye ak Basmat, yonn nan pitit Salomon yo, pou zòn Neftali a. 16 Bana, pitit gason Ouchayi, pou zòn Asè a ak lavil Bealòt. 17 Jozafa, pitit gason Pawouk, pou zòn Isaka a. 18 Chimeyi, pitit gason Ela, pou zòn Benjamen an. 19 Gebè, pitit gason Ouri, pou zòn Galarad, ansyen peyi Siyon, wa moun Amon yo ak Og, wa peyi Bazan an. Te gen yon gouvènè jeneral tou pou tout peyi a. 20 Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè, kè yo te kontan. 21 Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri. 22 Men pwovizyon Salomon te bezwen chak jou: sansenkant (0150) barik kè ble, twasan (0300) barik farin frans, 23 dis bèf angrese nan pak, ven bèf angrese nan savann, san mouton, san konte bèt mawon, mal ak fenmèl, ak bèt volay byen gra. 24 Salomon te rive chèf sou tout peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la depi lavil Tifsak bò larivyè Lefrat la jouk lavil Gaza nan direksyon lwès. Tout ti wa ki t'ap gouvènen sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la te soumèt devan li. Salomon menm pa t' ni nan goumen ni nan kont ak ankenn peyi nan vwazinaj li. 25 Pandan tout rèy Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo. 26 Salomon te gen katmil (04.000) pak pou chwal cha lagè yo, ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda. 27 Douz gouvènè yo te gen pou ranmase pwovizyon wa Salomon te bezwen pou li menm ak pou moun k'ap manje nan palè a, yo chak pandan yon mwa nan lanne a. Yo pa janm kite anyen manke. 28 Gouvènè yo te gen pou bay lòj ak zèb tout kote yo bezwen pou chwal cha lagè yo ak lòt bèt chay. 29 Bondye te bay Salomon anpil lespri, anpil bon konprann ak yon konesans nou pa ka mezire. 30 Salomon te gen plis bon konprann pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi bò solèy leve yo, osinon pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi Lejip. 31 Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t'ap nonmen non Salomon. 32 Li te ekri twamil (03.000) pwovèb ak mil senk (01.005) chante pou pi piti. 33 Li fè bèl pawoli sou pyebwa ak tout kalite plant, depi pye sèd peyi Liban yo jouk lyann izòp ki pouse sou miray. Li pale tou sou bèt kat pat, sou zwazo, sou bèt ki trennen sou vant ak sou pwason. 34 Moun te soti toupatou pou vin tande Salomon ap pale. Ata wa tout lòt peyi latè yo te pran nouvèl jan li te gen anpil bon konprann. Yo menm tou yo te voye moun vin tande l'.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Wa 4:1
1Ki 4:1-6. Solomon's Princes.
1. So King Solomon was king over all Israel--This chapter contains a general description of the state and glory of the Hebrew kingdom during the more flourishing or later years of his reign.
1 Wa 4:2
2. these were the princes--or chief officers, as is evident from two of them marrying Solomon's daughters.
Azariah the son of Zadok the priest--rather, "the prince," as the Hebrew word frequently signifies (Ge 41:45; Ex 2:16; 2Sa 8:18); so that from the precedency given to his person in the list, he seems to have been prime minister, the highest in office next the king.
1 Wa 4:3
3. scribes--that is, secretaries of state. Under David, there had been only one [2Sa 8:17; 20:25]. The employment of three functionaries in this department indicates either improved regulations by the division of labor, or a great increase of business, occasioned by the growing prosperity of the kingdom, or a more extensive correspondence with foreign countries.
recorder--that is, historiographer, or annalist--an office of great importance in Oriental courts, and the duties of which consisted in chronicling the occurrences of every day.
1 Wa 4:4
4. Benaiah ... was over the host--formerly captain of the guard. He had succeeded Joab as commander of the forces.
Zadok and Abiathar were the priests--Only the first discharged the sacred functions; the latter had been banished to his country seat and retained nothing more than the name of high priest.
1 Wa 4:5
5. over the officers--that is, the provincial governors enumerated in 1Ki 4:17-19.
principal officer, and the king's friend--perhaps president of the privy council, and Solomon's confidential friend or favorite. This high functionary had probably been reared along with Solomon. That he should heap those honors on the sons of Nathan was most natural, considering the close intimacy of the father with the late king, and the deep obligations under which Solomon personally lay to the prophet.
1 Wa 4:6
1 Wa 4:7
7. Solomon had twelve officers over all Israel--The royal revenues were raised according to the ancient, and still, in many parts, existing usage of the East, not in money payments, but in the produce of the soil. There would be always a considerable difficulty in the collection and transmission of these tithes (1Sa 8:15). Therefore, to facilitate the work, Solomon appointed twelve officers, who had each the charge of a tribe or particular district of country, from which, in monthly rotation, the supplies for the maintenance of the king's household were drawn, having first been deposited in "the store cities" which were erected for their reception (1Ki 9:19; 2Ch 8:4, 6).
1 Wa 4:8
8. The son of Hur--or, as the Margin has it, Benhur, Bendekar. In the rural parts of Syria, and among the Arabs, it is still common to designate persons not by their own names, but as the sons of their fathers.
1 Wa 4:21
21. Solomon reigned over all kingdoms from the river--All the petty kingdoms between the Euphrates and the Mediterranean were tributary to him. Similar is the statement in 1Ki 4:24.
1 Wa 4:22-23
22-23. Solomon's provision for one day--not for the king's table only, but for all connected with the court, including, besides the royal establishment, those of his royal consorts, his principal officers, his bodyguards, his foreign visitors, &c. The quantity of fine floor used is estimated at two hundred forty bushels; that of meal or common flour at four hundred eighty. The number of cattle required for consumption, besides poultry and several kinds of game (which were abundant on the mountains) did not exceed in proportion what is needed in other courts of the East.
1 Wa 4:24
24. from Tiphsah--that is, Thapsacus, a large and flourishing town on the west bank of the Euphrates, the name of which was derived from a celebrated ford near it, the lowest on that river.
even to Azzah--that is, Gaza, on the southwestern extremity, not far from the Mediterranean.
1 Wa 4:25
25. every man under his vine and ... fig tree--This is a common and beautiful metaphor for peace and security (Mi 4:4; Zec 3:10), founded on the practice, still common in modern Syria, of training these fruit trees up the walls and stairs of houses, so as to make a shady arbor, beneath which the people sit and relax.
1 Wa 4:26
26. forty thousand stalls--for the royal mews (see on 2Ch 9:25).
1 Wa 4:28
28. Barley ... and straw--Straw is not used for litter, but barley mixed with chopped straw is the usual fodder of horses.
dromedaries--one-humped camels, distinguished for their great fleetness.
1Ki 4:29-34. His Wisdom.
1 Wa 4:29
29. God gave Solomon wisdom and understanding exceeding much, and largeness of heart--that is, high powers of mind, great capacity for receieving, as well as aptitude for communicating knowledge.
1 Wa 4:30
30. Solomon's wisdom excelled the wisdom of all the children of the east country--that is, the Arabians, Chaldeans, and Persians (Ge 25:6).
all the wisdom of Egypt--Egypt was renowned as the seat of learning and sciences, and the existing monuments, which so clearly describe the ancient state of society and the arts, show the high culture of the Egyptian people.
1 Wa 4:31
31. wiser than all men--that is, all his contemporaries, either at home or abroad.
than Ethan--or Jeduthun, of the family of Merari (1Ch 6:44).
Heman--(1Ch 15:17-19)--the chief of the temple musicians and the king's seers (1Ch 25:5); the other two are not known.
the sons of Mahol--either another name for Zerah (1Ch 2:6); or taking it as a common noun, signifying a dance, a chorus, "the sons of Mahol" signify persons eminently skilled in poetry and music.
1 Wa 4:32
32. he spake three thousand proverbs--embodying his moral sentiments and sage observations on human life and character.
songs ... a thousand and five--Psalm 72, 127, 132, and the Song of Songs are his.
1 Wa 4:33
33. he spake of trees, from the cedar ... to the hyssop--all plants, from the greatest to the least. The Spirit of God has seen fit to preserve comparatively few memorials of the fruits of his gigantic mind. The greater part of those here ascribed to him have long since fallen a prey to the ravages of time, or perished in the Babylonish captivity, probably because they were not inspired.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
