1 Wa 3
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Salomon antre nan fanmi farawon an, wa peyi Lejip. Li marye ak pitit fi farawon an. Li mennen l' rete nan lavil David la jouk li fin bati palè li a, Tanp Bondye a ak gwo miray ranpa ki fè wonn lavil Jerizalèm yo. 2 Yo pa t' ankò bati yon kay pou Seyè a. Se sa ki fè pèp la t'ap touye bèt yo te ofri pou lòt bondye divès kote sou mòn yo toujou. 3 Salomon li menm te renmen Seyè a, li te mache dapre lòd David, papa l', te ba li. Men li menm tou, li te touye bèt pou lòt bondye, li te ofri yo lansan sou divès lotèl sou mòn yo. 4 Salomon te konn al lavil Gabawon pou touye bèt pou Bondye, paske se la ki te gen pi gwo lotèl la. Li te deja ofri mil bèt pou yo te boule nèt sou lotèl la. 5 Yon jou lannwit, Seyè a parèt devan Salomon nan dòmi lavil Gabawon, li di l' konsa: -Kisa ou ta vle m' ba ou? 6 Salomon reponn: -Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m', David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pa t' janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pa t' janm sispann fè l' wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a. 7 Seyè, Bondye mwen, koulye a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankò gen esperyans pou m' gouvènen, ou pran m', ou mete m' wa a nan plas David, defen papa m'. 8 Men mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l'. 9 Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'? 10 Seyè a te kontan wè se sa Salomon te mande l'. 11 Li di l' konsa: -Monchè, ou pa mande m' pou ou viv lontan, ou pa mande m' richès, ni ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m' yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri. 12 M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou. 13 Lèfini, m'ap ba ou sa ou pa t' mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen ankenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la. 14 Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan. 15 Lè Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avè l' nan rèv. Li tounen lavil Jerizalèm, l' ale devan Bwat Kontra Seyè a, li ofri bèt pou yo boule nèt, bèt pou yo touye pou di Seyè a mèsi. Apre sa, li bay yon gwo fèt pou tout moun k'ap travay nan gouvènman l' lan. 16 Yon jou, de fanm, de jennès, vin prezante devan wa Salomon. 17 Yonn ladan yo pran lapawòl, li di: -Monwa, madanm sa a avè m' nou rete nan menm kay. Mwen fè yon pitit gason nan kay la devan li. 18 De jou apre pitit mwen an fèt, li menm tou li akouche, li fè yon pitit gason tou. Nou de ase ki te nan kay, pa t' gen lòt moun la ankò. 19 Pandan lannwit, antan l'ap dòmi li woule sou pitit pa l' la, li toufe l'. 20 Li leve nan mitan lannwit lan, antan m'ap dòmi, li pran ti pitit mwen an ki te bò kote m', li mete l' nan kabann pa l'. Li pran ti pitit pa l' la, li mete l' tou mouri a nan kabann pa m'. 21 Nan maten lè m' leve pou m' bay ti pitit mwen an tete, mwen jwenn li mouri. Men, lè m' gade byen gade, mwen wè se pa t' pitit mwen an sa. 22 Men lòt fanm lan di: -Non, se pa vre. Se pitit pa m' lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Lè sa a, premye fanm lan reponn: -Non se pa vre. Se pitit pa m' lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Se konsa yo t'ap fè kont devan wa a. 23 Lè sa a, wa a pran lapawòl, li di: -Sa a di se pitit li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou lòt la. Lòt la menm di non, se pitit pa li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou sa a. 24 Wa a voye chache yon nepe. Lè yo pote nepe a li di konsa: 25 -Koupe ti pitit vivan an mwatye mwatye, bay chak fanm yon moso. 26 Men manman ti pitit vivan an santi zantray li ap rache pou pitit li a. Li di wa a: -Tanpri, monwa, pa touye ti pitit la. Pito ou bay madanm sa a li. Men lòt madanm lan menm di: -Ou mèt koupe l'! Li p'ap ni pou ou, ni pou mwen. 27 Lè sa a Salomon di: -Pa touye pitit la. Renmèt li bay premye fanm lan. Se li menm ki manman ti pitit ki vivan an. 28 Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Wa 3:1
1Ki 3:1. Solomon Marries Pharaoh's Daughter.
1. Solomon made affinity with Pharaoh--This was a royal title, equivalent to "sultan," and the personal name of this monarch is said to have been Vaphres. The formation, on equal terms, of this matrimonial alliance with the royal family of Egypt, shows the high consideration to which the Hebrew kingdom had now arisen. Rosellini has given, from the Egyptian monuments, what is supposed to be a portrait of this princess. She was received in the land of her adoption with great eclat; for the Song of Solomon and the forty-fifth Psalm are supposed to have been composed in honor of this occasion, although they may both have a higher typical reference to the introduction of the Gentiles into the church.
and brought her into the city of David--that is, Jerusalem. She was not admissible into the stronghold of Zion, the building where the ark was (De 23:7, 8). She seems to have been lodged at first in his mother's apartments (So 3:4; 8:2), as a suitable residence was not yet provided for her in the new palace (1Ki 7:8; 9:24; 2Ch 8:11).
building ... the wall of Jerusalem round about--Although David had begun (Psa 51:18), it was, according to Josephus, reserved for Solomon to extend and complete the fortifications of the city. It has been questioned whether this marriage was in conformity with the law (see Ex 34:16; De 7:3; Ezr 10:1-10; Ne 13:26). But it is nowhere censured in Scripture, as are the connections Solomon formed with other foreigners (1Ki 11:1-3); whence it may be inferred that he had stipulated for her abandonment of idolatry, and conforming to the Jewish religion (Psa 45:10, 11).
1Ki 3:2-5. High Places Being in Use, He Sacrifices at Gibeon.
1 Wa 3:3
3. And Solomon loved the Lord--This declaration, illustrated by what follows, affords undoubted evidence of the young king's piety; nor is the word "only," which prefaces the statement, to be understood as introducing a qualifying circumstance that reflected any degree of censure upon him. The intention of the sacred historian is to describe the generally prevailing mode of worship before the temple was built. The
high places were altars erected on natural or artificial eminences, probably from the idea that men were brought nearer to the Deity. They had been used by the patriarchs, and had become so universal among the heathen that they were almost identified with idolatry. They were prohibited in the law (Le 17:3, 4; De 12:13, 14; Jr 7:31; Eze 6:3, 4; Ho 10:8). But, so long as the tabernacle was migratory and the means for the national worship were merely provisional, the worship on those high places was tolerated. Hence, as accounting for their continuance, it is expressly stated (1Ki 3:2) that God had not yet chosen a permanent and exclusive place for his worship.
1 Wa 3:4
4. the king went to Gibeon to sacrifice there--The old tabernacle and the brazen altar which Moses had made in the wilderness were there (1Ch 16:39; 21:29; 2Ch 1:3-6). The royal progress was of public importance. It was a season of national devotion. The king was accompanied by his principal nobility (2Ch 1:2); and, as the occasion was most probably one of the great annual festivals which lasted seven days, the rank of the offerer and the succession of daily oblations may help in part to account for the immense magnitude of the sacrifices.
1 Wa 3:5
5. In Gibeon the Lord appeared to Solomon in a dream--It was probably at the close of this season, when his mind had been elevated into a high state of religious fervor by the protracted services. Solomon felt an intense desire, and he had offered an earnest petition, for the gift of wisdom. In sleep his thoughts ran upon the subject of his prayer, and he dreamed that God appeared to him and gave him the option of every thing in the world--that he asked wisdom, and that God granted his request (1Ki 3:9-12). His dream was but an imaginary repetition of his former desire, but God's grant of it was real.
1Ki 3:6-15. He Chooses Wisdom.
1 Wa 3:6
6. Solomon said--that is, had dreamed that he said.
1 Wa 3:7
7. I am but a little child--not in age, for he had reached manhood (1Ki 2:9) and must have been at least twenty years old; but he was raw and inexperienced in matters of government.
1 Wa 3:10
10. the speech pleased the Lord--It was Solomon's waking prayers that God heard and requited, but the acceptance was signified in this vision.
1 Wa 3:15
15. behold, it was a dream--The vivid impression, the indelible recollection he had of this dream, together with the new and increased energy communicated to his mind, and the flow of worldly prosperity that rushed upon him, gave him assurance that it came by divine inspiration and originated in the grace of God. The wisdom, however, that was asked and obtained was not so much of the heart as of the head--it was wisdom not for himself personally, but for his office, such as would qualify him for the administration of justice, the government of a kingdom, and for the attainment of general scientific knowledge.
1Ki 3:16-28. His Judgment between Two Harlots.
1 Wa 3:16
16. Then came there two women--Eastern monarchs, who generally administer justice in person, at least in all cases of difficulty, often appeal to the principles of human nature when they are at a loss otherwise to find a clue to the truth or see clearly their way through a mass of conflicting testimony. The modern history of the East abounds with anecdotes of judicial cases, in which the decision given was the result of an experiment similar to this of Solomon upon the natural feelings of the contending parties.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
