1 Wa 15
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida. 2 Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l' te rele Maka, se te pitit fi Absalon. 3 Abijam te lage kò l' nan fè menm bagay ak papa l'. Li pa t' sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè. 4 Men poutèt David, Seyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe. 5 Seyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Seyè a. Pandan tout lavi li, li pa t' janm dezobeyi ankenn lòd Seyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la. 6 Pandan tout rèy Woboram lan, se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. 7 Toutan te gen lagè tou ant Abijam ak Jewoboram. Tout lòt bagay Abijam te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 8 Lè Abijam mouri, yo antere l' nan lavil David la, Se Asa, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li. 9 Wa Jewoboram t'ap mache sou ventan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl, lè Asa moute wa nan peyi Jida. 10 Li gouvènen pandan karanteyennan lavil Jerizalèm. Maka, pitit fi Absalon an, te grann li. 11 Asa te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou David, zansèt li. 12 Li netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l' yo te fè. 13 Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l' nan fon Sedwon an. 14 Malgre li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, limenm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan tout lavi li. 15 Li mete nan Tanp lan tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye ansanm ak tout bagay an lò ak an ajan limenm li te bay pou Bondye. 16 Pandan tout tan yo t'ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl. 17 wa Bacha anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun pase antre soti nan peyi Jida. 18 Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a: 19 -Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, konsa la blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an. 20 wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te voye di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Iyon, lavil Dann, lavil Abèl-bèt Maka, tout zòn ki toupre letan Galile a, ak tout pòsyon tè branch fanmi Neftali a. 21 Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda ki te plen lavil Rama a, l' ale lavil Tizra. 22 Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida a pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray ranpa lavil Mispa ak lavil Geba nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. 23 Tout lòt istwa sou sa wa Asa te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, sou lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Men, lè l' konmanse granmoun, yon maladi nan pye rann li enfim. 24 Lè Asa mouri, yo antere l' nan tonm fanmi li nan lavil David la. Se Jozafa, pitit li, ki moute sou fotèy la nan plas li. 25 Wa Asa te gen dezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Nadad, pitit gason Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan dezan ase. 26 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou papa l', li pa t' mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. 27 Bacha, pitit gason Akija, nan branch fanmi Isaka a, moute yon konplo pou touye Nadab. Lè sa a, Nadab ak lame Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibetou nan peyi Filisti. Se la Bacha touye Nadab. 28 Sa rive nan twazyèm lanne rèy wa Asa nan peyi Jida. Se konsa Bacha moute wa peyi Izrayèl nan plas Nadab. 29 Rive li rive wa, li touye dènye moun nan fanmi Jewoboram lan. Konsa, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Akija, moun lavil Silo, sèvitè Bondye a, li touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan, li pa kite yonn chape. 30 Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li. 31 Tout lòt bagay Nadab te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 32 Se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida a, ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, pandan tout tan yo t'ap gouvènen, chak moun bò pa yo. 33 Wa Asa t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Bacha, pitit gason Akija, moute wa nan peyi Izrayèl. 34 Li gouvènen pandan vennkatran nan lavil Tiza. Li te fè sa ki mal devan Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' mache dwat devan Bondye. Li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Wa 15:1
1Ki 15:1-8. Abijam's Wicked Reign over Judah.
1. Abijam--His name was at first Abijah (2Ch 12:16); "Jah," the name of God, according to an ancient fashion, being conjoined with it. But afterwards, when he was found "walking in all the sins of his father" [1Ki 15:3], that honorable addition was withdrawn, and his name in sacred history changed into Abijam [Lightfoot].
1 Wa 15:2
2. Three years reigned he--(compare 1Ki 15:1 with 1Ki 15:9). Parts of years are often counted in Scripture as whole years. The reign began in Jeroboam's eighteenth year, continued till the nineteenth, and ended in the course of the twentieth.
his mother's name was Maachah--or Michaiah (2Ch 13:2), probably altered from the one to the other on her becoming queen, as was very common under a change of circumstances. She is called the daughter of Abishalom, or Absalom (2Ch 11:21), of Uriel (2Ch 13:2). Hence, it has been thought probable that Tamar, the daughter of Absalom (2Sa 14:27; 18:18), had been married to Uriel, and that Maachah was their daughter.
1 Wa 15:3
3. his heart was not perfect with the Lord ... , as the heart of David his father--(Compare 1Ki 11:4; 14:22). He was not positively bad at first, for it appears that he had done something to restore the pillaged treasures of the temple (1Ki 15:15). This phrase contains a comparative reference to David's heart. His doing that which was right in the eyes of the Lord (1Ki 15:5) is frequently used in speaking of the kings of Judah, and means only that they did or did not do that which, in the general course and tendency of their government, was acceptable to God. It furnishes no evidence as to the lawfulness or piety of one specific act.
1 Wa 15:4
4. for David's sake did the Lord his God give him a lamp--"A lamp" in one's house is an Oriental phrase for continuance of family name and prosperity. Abijam was not rejected only in consequence of the divine promise to David (see on 1Ki 11:13-36).
1Ki 15:9-22. Asa's Good Reign.
1 Wa 15:10-13
10-13. his mother's name was Maachah--She was properly his grandmother, and she is here called "the king's mother," from the post of dignity which at the beginning of his reign she possessed. Asa, as a constitutional monarch, acted like the pious David, laboring to abolish the traces and polluting practices of idolatry, and in pursuance of his impartial conduct, he did not spare delinquents even of the highest rank.
1 Wa 15:15
1 Wa 15:16-17
16-17. there was war between Asa and Baasha king of Israel all their days--Asa enjoyed a ten years' peace after Jeroboam's defeat by Abijam, and this interval was wisely and energetically spent in making internal reforms, as well as increasing the means of national defense (2Ch 14:1-7). In the fifteenth year of his reign, however, the king of Israel commenced hostilities against him, and, invading his kingdom, erected a strong fortress at Ramah, which was near Gibeah, and only six Roman miles from Jerusalem. Afraid lest his subjects might quit his kingdom and return to the worship of their fathers, he wished to cut off all intercourse between the two nations. Ramah stood on an eminence overhanging a narrow ravine which separated Israel from Judah, and therefore he took up a hostile position in that place.
1 Wa 15:18-20
18-20. Then Asa took all the silver and the gold that were left in the ... house of the Lord--Asa's religious character is now seen to decline. He trusted not in the Lord (2Ch 16:7). In this emergency Asa solicited the powerful aid of the king of Damascene-Syria; and to bribe him to break off his alliance with Baasha, he transmitted to him the treasure lying in the temple and palace. The Syrian mercenaries were gained. Instances are to be found, both in the ancient and modern history of the East, of the violation of treaties equally sudden and unscrupulous, through the presentation of some tempting bribe. Ben-hadad poured an army into the northern provinces of Israel, and having captured some cities in Galilee, on the borders of Syria, compelled Baasha to withdraw from Ramah back within his own territories.
Ben-hadad--(See on 1Ki 11:14).
1 Wa 15:22
22. Then king Asa made a proclamation--The fortifications which Baasha had erected at Ramah were demolished, and with the materials were built other defenses, where Asa thought they were needed--at Geba (now Jeba) and Mizpeh (now Neby Samuil), about two hours' travelling north of Jerusalem.
1 Wa 15:23
23. in the time of his old age he was diseased in his feet--(See on 2Ch 16:12, where an additional proof is given of his religious degeneracy.)
1Ki 15:25-34. Nadab's Wicked Reign.
1 Wa 15:25
25. Nadab the son of Jeroboam began to reign--No record is given of him, except his close adherence to the bad policy of his father.
1 Wa 15:27
27. Baasha smote him at Gibbethon--This town, within the tribe of Dan, was given to the Levites (Jos 19:44). It lay on the Philistine borders, and having been seized by that people, Nadab laid siege to recover it.
1 Wa 15:29
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
