1 Istwa 24

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama. 2 Men Nadab ak Abiyou mouri anvan papa yo, san kite pitit gason. Konsa, se Eleaza ak Itama ki vin prèt apre Arawon. 3 Avèk konkou Zadòk, moun fanmi Eleaza a, ak Akimelèk, moun fanmi Itama a, wa David separe moun fanmi Arawon yo an gwoup. Chak gwoup te gen travay pa yo. 4 Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo. 5 Nan tou de fanmi yo te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo piye pou yo te ka konnen tou chak moun. 6 Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te kouche non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo piye yonn apre lòt, de moun Eleaza pou chak yon moun Itama. 7 Men nan ki lòd vennkat gwoup yo te soti lè yo fin piye: Jeoyarib soti premye, Jedaja dezyèm, 8 Arim twazyèm, Seorim katriyèm, 9 Malkija senkyèm, Mijamen sizyèm, 10 Akòz setyèm, Abija wityèm, 11 Jezwa nevyèm, Chekanya dizyèm, 12 Elyakib onzyèm, Yakim douzyèm, 13 Oupa trèzyèm, Jekebeab katòzyèm, 14 Bilga kenzyèm, Imè sèzyèm, 15 Ezi disetyèm, Apizèz dizwityèm, 16 Petaja diznevyèm, Ezekyèl ventyèm, 17 Jakin venteyenyèm, Gamoul venndezyèm, 18 Delaya venntwazyèm, Mazya vennkatriyèm. 19 Se konsa yo te enskri non moun sa yo nan jan pou yo te al nan Tanp lan pou fè travay yo yonn apre lòt, jan Arawon zansèt yo te mete l' pou yo fè l' la, dapre lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay. 20 Men non lòt chèf fanmi ki soti nan fanmi Levi a: Se te Choubayèl nan fanmi Amran, Jedeya nan fanmi Choubayèl, 21 Ichiya nan fanmi Rekabya. Se li ki te pi gran. 22 Te gen Chelomòt nan fanmi Jizeya, Jaat nan fanmi Chelomòt. 23 Nan fanmi Ebwon an te gen Jerija, pi gran an, Amarya, dezyèm lan, Jaziyèl, twazyèm lan ak Jekameam, katriyèm lan. 24 Te gen tou Miche, pitit gason Ouzyèl, Chami, pitit gason Miche. 25 Jikija, frè Miche a, Zakari, pitit gason Jikija, 26 Makli ak Mouchi, pitit gason Merari, pitit gason Jazya yo, ki te pitit Merari. 27 Nan fanmi Merari a, Jazya, pitit li, te gen twa pitit gason: Choam, Zakou ak Ibri. 28 Makli te gen de pitit gason: Eleaza ki pa t' gen pitit gason, 29 ak Kich ki te papa Jerakmeyèl. 30 Mouchi te gen twa gason: Makli, Edè ak Jerimòt. Se tout fanmi Levi yo sa dapre non zansèt yo. 31 Tankou moun fanmi Arawon yo, yo menm tou, yo piye devan wa David, devan Zadòk ak Akimelèk, devan chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo, pou yo separe travay la bay chak moun pa yo, depi sou fanmi chèf yo rive sou fanmi pi piti ladan yo, san patipri.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Istwa 24:1

1Ch 24:1-19. Division of the Sons of Aaron into Four and Twenty Orders.

1. Now these are the divisions of the sons of Aaron--(See on 1Ch 23:6).

1 Istwa 24:2

2. Nadab and Abihu died before their father--that is, not in his presence, but during his lifetime (see Nu 3:4; 26:61).

therefore Eleazar and Ithamar executed the priest's office--In consequence of the death of his two oldest sons without issue, the descendants of Aaron were comprised in the families of Eleazar and Ithamar. Both of these sons discharged the priestly functions as assistants to their father. Eleazar succeeded him, and in his line the high priesthood continued until it was transferred to the family of Ithamar, in the person of Eli.

1 Istwa 24:3

3. Zadok ... and Ahimelech of the sons of Ithamar--This statement, taken in connection with 1Ch 24:6, is not a little perplexing, since (2Sa 15:24, 35; 20:25) Abiathar is mentioned as the person conjoined in David's time with Zadok, in the collegiate exercise of the high priesthood. Some think that the words have been transposed, reading Abiathar, the son of Ahimelech. But there is no ground for regarding the text as faulty. The high priests of the line of Ithamar were the following: Ahiah or Ahimelech, his son Abiathar, his son Ahimelech. We frequently find the grandfather and grandson called by the same name (see list of high priests of the line of Eleazar, 1Ch 6:30-41). Hence the author of the Chronicles was acquainted with Ahimelech, son of Abiathar, who, for some reason, discharged the duties of high priest in David's reign, and during the lifetime of his father (for Abiathar was living in the time of Solomon, 1Ki 2:27) [Keil].

1 Istwa 24:4

4. there were more chief men found--The Hebrew may be translated, "There were more men as to heads of the sons of Eleazar." It is true, in point of fact, that by the census the number of individuals belonging to the family of Eleazar was found greater than in that of Ithamar. And this, of necessity, led to there being more fathers' houses, and consequently more chiefs or presidents in the former.

1 Istwa 24:5

5. Thus were they divided by lot--This method of allocation was adopted manifestly to remove all cause of jealousy as to precedence and the right of performing particular duties.

1 Istwa 24:6

6. one principal household--The marginal reading is preferable, "one house of the father." The lot was cast in a deliberate and solemn manner in presence of the king, the princes, the two high priests, and the chiefs of the priestly and Levitical families. The heads of families belonging to Eleazar and Ithamar were alternately brought forward to draw, and the name of each individual, as called, registered by an attendant secretary. To accommodate the casting of the lots to the inequality of the number, there being sixteen fathers' houses of Eleazar, and only eight of Ithamar, it was arranged that every house of Ithamar should be followed by two of Eleazar, or, what is the same thing, that every two houses of Eleazar should be followed by one of Ithamar. If, then, we suppose a commencement to have been made by Eleazar, the order would be as follows: one and two, Eleazar; three, Ithamar; four and five, Eleazar; six, Ithamar; seven and eight, Eleazar; nine, Ithamar; and so forth [Bertheau]. The lot determined also the order of the priests' service. That of the Levites was afterwards distributed by the same arrangement (1Ch 24:31).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.