1 Istwa 23

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 David te fin vye granmoun, li te fin viv kont li, lè li mete Salomon, pitit li a, wa sou pèp Izrayèl la. 2 Li reyini tout chèf pèp Izrayèl yo, tout prèt yo ak tout moun Levi yo. 3 Li fè konte tout moun Levi yo, depi sa ki gen trantan pou pi piti rive sou sa ki pi gran yo. Antou yo jwenn trantwimil (038.000) gason. 4 David mete vennkatmil (024.000) pou dirije travay tanp lan, simil (06000) pou ekri tou sa k'ap pase ak pou rann jistis, 5 katmil (04000) pou fè pòs nan pòtay la ak katmil (04000) pou fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik David te fè fè pou sa. 6 David separe moun Levi yo fè twa gwoup dapre branch fanmi pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari. 7 Gèchon te gen de pitit gason: Layedan ak Chimèyi. 8 Layedan te fè twa pitit gason: Yekiyèl, pi gran an, Zetam ak Joèl. 9 Chimeyi te fè twa pitit gason tou: Chelomit, Aziyèl ak Aran. Se yo ki te chèf fanmi moun Layedan yo. 10 Chimeyi te gen kat lòt pitit gason: Jaka, Ziza, Jeouch ak Berya. 11 Se Jaka ki te pi gran, Ziza te dezyèm pitit la. Jeouch ak Berya pa t' gen anpil pitit. Se konsa yo mete yo ansanm, yo pase pou yon sèl branch fanmi. 12 Keyat te gen kat pitit: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. 13 Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyès ki apa nèt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyè a, pou yo sèvi l', pou yo beni pèp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan. 14 Moyiz te moun Bondye a menm. Pitit li yo te fè pati branch fanmi Levi a tou. 15 Moyiz te gen de pitit gason: Gèchòm ak Elyezè. 16 Premye pitit Gèchòm lan te rele Chebwèl. 17 Elyezè li menm te gen Rekabya pou premye pitit. Li pa t' fè lòt pitit gason ankò. Men Rekabya te fè anpil pitit. 18 Premye pitit Jizeya a te rele Chelomit. 19 Men pitit Ebwon yo: Premye a te rele Jerija, dezyèm lan Amarya, twazyèm lan Jakazyèl, katriyèm lan Jekameam. 20 Men pitit Ouzyèl yo: Miche, premye a ak Jikija, dezyèm lan. 21 Merari te gen de pitit gason: Makli ak Mouchi. Makli te gen de pitit gason: Eleaza ak Kich. 22 Eleaza mouri san kite pitit gason. Pitit fi ase li te genyen. Yo marye ak kouzen yo, pitit gason Kich yo. 23 Mouchi te gen twa pitit gason: Makli, Edè ak Jerimòt. 24 Se tout moun nan ras Levi yo sa, dapre fanmi yo, ki te gen non yo kouche nan rejis tankou chèf fanmi. Yo chak te gen travay pa yo nan sèvis kay Seyè a, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo. 25 David te di: -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te fè pèp li a viv ak kè poze. Li menm, Seyè a, l'ap toujou rete lavil Jerizalèm. 26 Konsa, moun Levi yo p'ap nan pote Tant Randevou Seyè a ankò ansanm ak tout bagay yo bezwen pou fè sèvis pou li ankò. 27 Se konsa, dapre dènye pawòl sa yo David te di lè sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo. 28 Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Seyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan. 29 Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sèvi pou fè ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan. 30 Lèfini, se pou yo la nan Tanp lan chak jou, nan maten ak nan aswè, pou di Bondye mèsi, pou fè lwanj pou li. 31 Se pou yo la tou lè y'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a jou repo yo, premye jou chak mwa yo, ak pou lòt jou fèt yo. Te gen regleman ki te bay travay moun Levi yo gen pou fè ak kantite moun ki pou fè chak travay. Se te reskonsablite yo pou yo te toujou ap sèvi Seyè a. 32 Se yo menm tou ki te reskonsab okipe Tant Randevou a, ak kote yo mete apa pou Seyè a, ak prèt yo, fanmi yo ki soti nan branch fanmi Arawon an, lè y'ap sèvi nan Tanp lan.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Istwa 23:1

1Ch 23:1. David Makes Solomon King.

1. when David was old ... he made Solomon ... king--This brief statement, which comprises the substance of 1Ki 1:32-48, is made here solely to introduce an account of the preparations carried on by David during the latter years of his life for providing a national place of worship.

1Ch 23:2-6. Number and Distribution of the Levites.

1 Istwa 23:2

2. he gathered together all the princes of Israel--All important measures relating to the public interest were submitted for consideration to a general assembly of the representatives of the tribes (1Ch 13:1; 15:25; 22:17; 26:1-32).

1 Istwa 23:3

3. the Levites were numbered ... thirty and eight thousand--Four times their number at the early census taken by Moses (see on Nu 4:1-49; 26:1-51). It was, in all likelihood, this vast increase that suggested and rendered expedient that classification, made in the last year of David's reign, which the present and three subsequent chapters describe.

by their polls, man by man--Women and children were not included.

1 Istwa 23:4

4. twenty and four thousand were to set forward the work of the house of the Lord--They were not to preside over all the services of the temple. The Levites were subject to the priests, and they were superior to the Nethinim and other servants, who were not of the race of Levi. But they had certain departments of duty assigned, some of which are here specified.

1 Istwa 23:5

5. praised the Lord with the instruments which I made--David seems to have been an inventor of many of the musical instruments used in the temple (Am 6:5).

1 Istwa 23:6

6. David divided them into courses among the sons of Levi--These are enumerated according to their fathers' houses, but no more of these are mentioned here than the twenty-four thousand who were engaged in the work connected with the Lord's house. The fathers' houses of those Levites corresponded with the classes into which they [Josephus, Antiquities] as well as the priests were divided (see on 1Ch 24:20-31; 1Ch 26:20-28).

1Ch 23:7-11. Sons of Gershon.

1 Istwa 23:7-11

7-11. the Gershonites--They had nine fathers' houses, six descended from Laadan, and three from Shimei.

1Ch 23:12-20. Of Kohath.

1 Istwa 23:12

12. The sons of Kohath--He was the founder of nine Levitical fathers' houses.

1 Istwa 23:13

13. Aaron was separated--as high priest (see on 1Ch 25:1-19).

1 Istwa 23:14

14. concerning Moses--His sons were ranked with the Levites generally, but not introduced into the distinctive portion of the descendants of Levi, who were appointed to the special functions of the priesthood.

1Ch 23:21-23. Of Merari.

1 Istwa 23:21-23

21-23. The sons of Merari--They comprised six fathers' houses. Summing them together, Gershon founded nine fathers houses, Kohath nine, and Merari six: total, twenty-four.

1Ch 23:24-32. Office of the Levites.

1 Istwa 23:24-27

24-27. These were the sons of Levi ... that did the work ... from the age of twenty years and upward--The enumeration of the Levites was made by David (1Ch 23:3) on the same rule as that followed by Moses (Nu 4:3), namely, from thirty years. But he saw afterwards that this rule might be beneficially relaxed, and that the enrolment of Levites for their proper duties might be made from twenty years of age. The ark and tabernacle being now stationary at Jerusalem, the labor of the Levites was greatly diminished, as they were no longer obliged to transport its heavy furniture from place to place. The number of thirty-eight thousand Levites, exclusive of priests, was doubtless more than sufficient for the ordinary service of the tabernacle. But this pious king thought that it would contribute to the glory of the Lord to employ as many officers in his divine service as possible. These first rules, however, which David instituted, were temporary, as very different arrangements were made after the ark had been deposited in the tabernacle of Zion.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.