Jou 90 sou 365

1 Samyèl 28–31

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

1 Samyèl 28

1Kèk tan apre sa, moun Filisti yo sanble tout sòlda yo pou y' al goumen ak pèp Izrayèl la. Lè sa a, Akich di David: -Ou tou konnen se pou ou pati ansanm avè m' ak mesye ou yo pou n' al goumen. 2David reponn li: -Se moun ou mwen ye. Ou pral wè sa m' ka fè. Akich di li: -Bon! Apre sa, m'ap fè ou gad kò mwen pou tout tan. 3Samyèl te deja mouri lè sa a, tout pèp Izrayèl la te kriye kont kriye yo pou li. Apre sa, yo antere l' lavil Rama kote li te moun. Sayil te mete tout divinò deyò nan peyi a ansanm ak tout moun ki konn rele mò pou pale ak yo. 4Sòlda moun Filisti yo te sanble, yo moute kan yo bò lavil Chounèm. Sayil menm sanble tout sòlda pèp Izrayèl yo, epi li moute kan l' sou mòn Gilboa. 5Lè Sayil wè lame moun Filisti yo, li soti pè, kè l' pran bat byen fò. 6Se konsa, li mande Seyè a sa pou l' fè. Men, Seyè a pa ba li ankenn repons, ni nan rèv, ni avèk ourim yo, ni nan mesaj pwofèt yo. 7Lè sa a, Sayil rele moun k'ap sèvi avè l' yo, li ba yo lòd sa a: -Al chache kote nou ka jwenn yon fanm ki konn rele mò pou l' travay pou mwen. Yo reponn li: -Gen yonn lavil Andò. 8Sayil mete lòt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l'. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: -M' pral ba ou non yon mò pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m' konnen sa ki pral rive m'. 9Men, fanm lan di l': -Ou konnen sa wa Sayil te fè a pa vre? Li te mete tout divinò ak tout moun k'ap pale ak mò deyò nan peyi a wi. Poukisa atò w'ap seye pran m' nan plan pou fè yo touye m'? 10Sayil pran non Bondye fè sèman, li di: -Devan Seyè ki vivan an, mwen fè sèman yo p'ap fè ou anyen pou zafè sa a. 11Fanm lan di l': -Ki moun pou m' rele pou ou? Li reponn: -Rele Samyèl pou mwen. 12Lè madanm lan wè Samyèl, li pete rele, li di Sayil: -Poukisa ou twonpe m' konsa? Ou se wa Sayil! 13Wa a di l': -Ou pa bezwen pè. Kisa ou wè? Fanm lan di Sayil: -Mwen wè yon lespri k'ap moute soti anba tè a. 14Wa a di l': -Kisa ou wè li sanble? Fanm lan reponn: -Se yon vye granmoun gason k'ap moute la a. Li vlope nan yon gwo dra. Lè sa a, Sayil vin konnen se te Samyèl. Li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè. 15Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè. 16Samyèl di l': -Koulye a Seyè a vire do ba ou, li tounen lènmi ou, poukisa se mwen menm w'ap mande bagay konsa? 17Seyè a annik fè sa li te di m' di ou la: li wete gouvènman an nan men ou, li bay David li pito. 18Ou pa t' koute sa Seyè a te di ou, ou pa t' detwi moun Amalèk yo nèt ansanm ak tou sa yo te genyen. Se poutèt sa Seyè a fè ou sa li fè ou jòdi a. 19Li pral lage ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. Denmen lè konsa, ni ou menm ni pitit gason ou yo ap menm kote avè m'. Seyè a pral lage lame pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. 20Tande Sayil tande sa, li tonbe tou long atè, li te pè akòz pawòl Samyèl te di l' la a. Li te fèb anpil tou, paske li pa t' manje anyen depi maten. 21Fanm lan al jwenn Sayil atè a, li wè jan Sayil t'ap tranble tèlman li te pè. Li di l' konsa: -Tanpri, mèt, tande sa m'ap di ou: Mwen te mete lavi m' an danje pou m' te fè sa ou te mande m' fè a. 22Koulye a, tanpri, tande sa m'ap di ou. Ou pral fè sa m'a pral di ou la a: Kite m' al pare yon ti manje pou ou. W'a manje, w'a pran fòs ankò pou ou ka al fè wout ou. 23Sayil refize, li di li p'ap manje anyen. Men mesye ki te avè l' yo ansanm ak fanm lan pale avè l', yo fè l' tande rezon. Bout pou bout, li dakò, li leve sot atè a, li chita sou kabann lan. 24Fanm lan te gen yon ti bèf li t'ap angrese lakay li. Li prese touye l'. Apre sa, li pran farin, li fè pat avè l', li kwit kèk ti pen san ledven. 25Li pote tout bagay sa yo devan Sayil ak mesye l' yo. Yo manje. Lèfini, lannwit lan menm yo leve, yo pati.

1 Samyèl 29

1Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la. 2Senk chèf moun Filisti yo te pran devan, yo t'ap mache yonn dèyè lòt ak divizyon lame yo. Yo te gen batayon san sòlda ak rejiman mil sòlda. David t'ap mache dèyè nèt avèk mesye l' yo ansanm ak Akich. 3Lòt chèf moun Filisti yo di konsa: -Sa bann ebre sa yo ap fè la a? Akich reponn yo: -Se David, yonn nan mesye ki t'ap sèvi ak Sayil, wa pèp Izrayèl la. Li gen kèk tan depi li avè m'. Depi jou li kite wa pèp Izrayèl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m' repwoche l' jouk jounen jòdi a. 4Men, lòt chèf moun Filisti yo move sou Akich, yo di l' konsa: -Voye nonm sa a ale. Fè l' tounen nan lavil ou te ba li pou l' rete a. Pa kite l' al goumen avèk nou pou pandan batay la li pa vire sou do nou. Sa ka ba l' yon bèl okazyon pou l' touye moun nou yo, epi pou l' byen ankò ak mèt li. 5Lèfini, fòk nou pa bliye, se David wi. Se pou li medam yo te fè chante sa a lè yo t'ap danse a. Chante a te pati konsa: Sayil desann mil. David desann dimil. 6Akich rele David, li di l' konsa: -Mwen pran Seyè ki vivan an pou temwen, ou se yon nèg serye, ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Se ta tout plezi m' pou m' ta toujou wè ou la avè m' nan tout antre soti m' nan batay la. Paske, depi jou ou te vin jwenn mwen an rive jòdi a, mwen pa janm jwenn anyen ou fè ki mal. Men, mesye chèf yo pa fè ou konfyans. 7Konsa, tounen al lakay ou ak kè poze. Epi, piga ou janm fè anyen ki pa fè yo plezi, tande! 8David reponn li: -Men, mèt mwen, kisa m' fè? Depi premye jou mwen prezante lakay ou pou m' sèvi ou rive jòdi a, ou pa janm jwenn anyen mwen fè ki mal. Poukisa ou pa vle mwen vin goumen bò kote ou, monwa, mèt mwen, kont lènmi ou yo? 9Akich reponn David: -Ou pa bezwen di m' anyen! Pou mwen, ou bon tankou yon zanj Bondye. Men, sa ou vle m' fè? Lòt chèf yo di ou pa pral avèk nou nan batay la. 10Koulye a, David, denmen maten, ou pral leve bonè bonè, ansanm ak tout mesye ki te vire do bay Sayil, mèt ou a, pou yo te vin avè ou bò isit la vin jwenn mwen. Kou bajou kase n'a pati al fè wout nou. 11Konsa vre, nan denmen maten, bonè bonè David leve ansanm ak tout mesye l' yo, yo pati, yo tounen nan peyi Filisti a. Lame moun Filisti yo menm pran chemen pou yo ale Jizreyèl.

1 Samyèl 30

1De jou apre, David rive lavil Ziklag ansanm ak mesye l' yo. Moun Amalèk yo te gen tan anvayi tout zòn Negèv nan peyi Jida. Yo te atake lavil Ziklag tou, yo te boule lavil la nèt. 2Lèfini, yo te pran tout fanm yo ak tout rès moun ki te la yo, timoun kou granmoun, yo te pati ak yo. Yo pa t' touye pesonn, men yo te pran tout moun, yo pati ak yo al fè wout yo. 3Lè David rive ak mesye l' yo, yo jwenn lavil la te boule nèt epi madanm yo, pitit gason yo ak pitit fi yo pa t' la. Moun yo te pati ak yo tout. 4David ak mesye l' yo pran rele, yo kriye jouk yo pa kapab ankò. 5Moun yo te pati ak de madanm David yo tou, Akinoam, moun lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl. 6David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj. 7David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l' konsa: -Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David. 8David pale ak Seyè a, li di li: -Eske se pou m' ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapouswiv yo? Seyè a di li: -Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapouswiv yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo. 9Se konsa David pati avèk sisan (0600) mesye ki te avè l' yo. Lè yo rive nan ravin Bezò a, gen kèk nan mesye yo ki rete la. 10David menm kontinye sou wout li avèk katsan (0400) moun. Lòt desan (0200) yo te rete paske yo te bouke anpil, yo pa t' gen fòs pou yo te travèse dlo Bezò a. 11Mesye ki t' ale avèk David yo jwenn yon moun peyi Lejip nan zòn lan. Yo mennen l' bay David. Yo ba li manje, yo ba li bwè. 12Yo ba li yon moso gato figfrans ak de grap rezen chèch. Lè li fin manje, li reprann fòs, paske depi twa jou twa nwit li pa t' manje anyen, ni li pa t' janm bwè dlo. 13David mande l': -Ki moun ki mèt ou? Moun ki bò ou ye? Li reponn: -Mwen se moun peyi Lejip, esklav yonn nan moun Amalèk yo. Jòdi a fè twa jou depi mèt mwen kite m' dèyè, paske mwen te malad. 14Nou te anvayi zòn Negèv kote keretyen yo rete a. Apre sa, nou pase nan zòn Negèv ki nan peyi Jida a, ak zòn Negèv ki nan peyi Kalèb la. Lèfini, nou mete dife nan lavil Ziklag. 15David mande l': -Eske ou ka mennen nou kote bann moun sa yo ye a? Li reponn li: -Si ou pran Bondye pou temwen pou ou pwomèt mwen ou p'ap touye m', ni ou p'ap lage m' nan men mèt mwen an, m'ap mennen ou kote yo ye a. 16Li mennen David kote moun Amalèk yo ye a. Moun Amalèk yo te gaye toupatou. Sa ki t'ap manje t'ap manje, sa ki t'ap bwè t'ap bwè. Yo t'ap fè fèt paske yo te piye anpil bagay kay moun Filisti yo ak kay moun peyi Jida yo. 17Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pesonn pa t' chape, an wetan katsan (0400) jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gen tan kouri ale. 18David sove dènye sa moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Li sove de madanm li yo tou. 19David mennen tout pitit fi ak tout pitit gason mesye l' yo tounen ansanm ak tout bagay moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Pa t' manke anyen. 20Lèfini, li pran tout bann mouton ak bèf yo tou. Mesye yo t'ap pouse bèt yo devan, yo t'ap di: -Men, tou sa David pran pou li nan batay la. 21David t'ap tounen, li rive bò desan (0200) mesye li te kite bò ravin Bezò a paske yo te twò fèb pou ale avè l'. Yo mache vin kontre David ansanm ak lòt mesye l' yo. David mache al jwenn yo, li di yo bèl bonjou. 22Men, pami mesye ki t' ale avèk David yo, te gen kèk malveyan ak vòryen ki t'ap di: -Mesye sa yo pa t' ale avèk nou. Nou p'ap ba yo anyen nan sa nou pran an. N'ap annik renmèt yo madanm yo ak pitit yo pou y' al fè wout yo. 23Men David di yo konsa: -Frè m' yo, nou pa ka fè sa ak sa Seyè a ban nou! Li pa kite anyen rive nou, li lage bann moun ki te vin piye nou yo nan men nou. 24Pesonn pa ka dakò ak sa n'ap di la a. Nou pral separe bay chak moun sa ki pou yo: sa ki te rete dèyè nan kan an ap resevwa menm kantite ak sa ki te desann al goumen. 25Se konsa depi jou sa a, David fè prensip sa a tounen yon lwa. Jouk jòdi a y'ap swiv menm prensip sa a toujou nan peyi Izrayèl. 26Lè David tounen Ziklag, li pran nan bagay li te sezi nan men lènmi yo, li voye bay zanmi l' yo ki te chèf nan peyi Jida a, li di yo konsa: -Men kado mwen voye pou nou nan sa nou pran nan men lènmi Seyè yo. 27Li voye bay moun lavil Betèl, bay moun lavil Rama nan zòn Negèv la, bay moun lavil Yati, 28bay moun lavil Awoyè, bay moun lavil Sifmòt ak moun lavil Echtemoa, 29bay moun lavil Rakal ak moun ki rete nan lavil branch fanmi Jerakmeyèl yo ak nan lavil moun Kayen yo, 30bay moun lavil Oma, moun lavil Borachan ak moun lavil Atak, 31bay moun lavil Ebwon, bay moun ki toupatou kote David ak mesye l' yo te pase.

1 Samyèl 31

1Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò. 2Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadad ak Malchichwa frèt. 3Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble. 4Li rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou se yo ki touye m', lèfini pou yo pase m' nan betiz. Men gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li. 5Lè gad kò a wè Sayil mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe li a. Li mouri ansanm avèk Sayil. 6Se konsa, ni Sayil, ni twa pitit gason l' yo, ni gad kò a te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri. 7Lè moun pèp Izrayèl yo ki te rete lòt bò Fon Jizreyèl la ak lòt bò larivyè Jouden wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri mèt deyò epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo mete deyò tou. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo. 8Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a. 9Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bon nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la. 10Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran rès kò a, yo kloure l' sou miray lavil Bèt Chean an. 11Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil, 12tout mesye ki te brave danje yo leve, yo mache tout lannwit jouk yo rive lavil Bèt Chean, yo desann kadav Sayil la ak kadav pitit gason l' yo ki te kloure sou miray lavil la, yo tounen ak yo lavil Jabès, kote yo boule yo. 13Lèfini, yo pran zosman yo, yo antere yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain