Jou 8 sou 365
Jenèz 26–28
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jenèz 26
1Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a, pi rèd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lè sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelèk, wa moun Filisti yo. 2Izarak fè yon vizyon, li wè Seyè a parèt devan l'. Seyè a di l': -Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a. 3W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou. 4M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syèl la. M'ap ba yo tout tè sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. 5tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo. 6Se konsa Izarak rete kote yo rele Gera a. 7Lè mesye ki te rete nan peyi a mande l' kisa madanm li ye pou li, li reponn yo se sè l' li ye, paske li te pè di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pa t' touye l' pou yo te ka pran Rebeka ki te bèl anpil. 8Izarak te gen kèk tan depi l' te rete la. Yon jou, Abimelek, wa moun Filisti yo, t'ap gade nan fennèt li, li te wè Izarak ki t'ap pase men sou Rebeka, madanm li. 9Lè sa a, Abimelèk voye chache Izarak. Li di l' konsa: -Gade non, monchè, se madanm ou li ye! Poukisa ou di se sè ou li ye! Izarak reponn li: -Mwen te di sa paske mwen te kwè yo ta ka touye m', si m' te di se madanm mwen li ye. 10Abimelèk di l': -Kisa ou fè nou konsa? Yonn nan mesye nou yo ta ka byen rive kouche avèk madanm ou! Se ou ki ta lakòz nou fè peche sa a. 11Se konsa Abimelèk pase lòd sa a bay tout pèp la: -Si yon moun manyen nonm sa a, osinon madanm li, y'ap touye l'. 12Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'. 13Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil. 14Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li. 15Se konsa yo konble tout pi domestik Abraram yo te fouye sou tan Abraram, papa Izarak. Yo plen yo tè. 16Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou. 17Se konsa Izarak pati kite kote l' te ye a, li ale nan Fon Gera a. Se la li moute kay li pou l' rete. 18Li fè refouye tout pi dlo yo te fouye sou tan Abraram, papa l'. Se pi sa yo moun Filisti yo te bouche apre lanmò Abraram. Izarak ba yo menm non papa l' te ba yo a. 19Domestik Izarak yo te fouye ankò nan fon an. Yo te jwenn yon sous dlo k'ap ponpe. 20Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t'ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l' dezagreman pou dlo a. 21Domestik Izarak yo fouye yon lòt pi ki te lakòz yo chache yo kont ankò. Se konsa Izarak rele pi a Pi ki fè lènmi. 22Lè l' wè sa, li wete kò l' kote l' te ye a, li fouye yon lòt pi pou sa pa t' fè kont. Se poutèt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: -Koulye a Seyè a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atò zafè nou pral mache nan peyi a. 23Izarak pati, li moute Bècheba. 24Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan. 25Izarak bati yon lotèl la, li fè sèvis pou Seyè a. Li moute kay li la. Domestik li yo fouye yon lòt pi. 26Abimelèk soti Gera, li vin wè Izarak. Li te gen avè l' Akouzat, yon bon zanmi l', ak Pikòl, kòmandan lame li a. 27Izarak mande yo: -Poukisa nou vin wè m' koulye a? Jan nou te rayi m' sa a jouk nou te rive mete m' deyò nan peyi nou an! 28Yo reponn li: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk ou. Se poutèt sa nou di n'ap fè yon kontra avè ou, n'ap sèmante yonn bay lòt. 29W'ap sèmante ou p'ap janm fè nou anyen, menm jan nou pa t' janm fè ou anyen. W'ap sèmante nou te toujou aji byen avè ou. Nou kite ou ale san bri san kont. Koulye a, ou gen benediksyon Bondye sou ou. 30Izarak fè gwo fèt pou yo. Yo manje, yo bwè. 31Nan granmaten, yo leve, yo sèmante yonn bay lòt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y al fè wout yo. 32Menm jou sa a, domestik Izarak yo vin ba l' nouvèl pi yo t'ap fouye a. Yo di l': -Nou jwenn dlo. 33Izarak rele pi a Chibeya. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele lavil la Bècheba. 34Ezaou te gen karantan lè l' marye ak Jidit, pitit fi Beri, yon moun Et. Li te gen yon lòt madanm tout yo te rele Basmat, pitit fi Elon, yon moun Et tou. 35Medam sa yo te rann Izarak ak Rebeka lavi minab.
Jenèz 27
1Izarak te fin vye granmoun, je l' pa t' bon, li pa t' kapab wè ladan yo ankò. Li rele premye pitit li a, Ezaou, li di l' konsa: -Pitit mwen, Ezaou reponn li: -Men mwen wi, papa. 2Izarak di l': -Ou wè jan m' fin vye. Mwen pa konn ki jou m'ap mouri. 3Tanpri, pran zam ou yo, flèch ou yo ak banza ou la. Ale nan bwa a, chase jibye pou mwen. 4Lèfini, pare vyann lan jan ou konnen mwen renmen l' lan, pote l' ban mwen. m'a manje. Epi m'a ba ou benediksyon mwen anvan m' mouri. 5Rebeka menm t'ap tande sa Izarak t'ap di Ezaou, gason l' lan. Ezaou soti, li pati li al lachas pou papa l'. 6Lè sa a, Rebeka di Jakòb, pitit li a: -Men mwen fèk tande papa ou di Ezaou, frè ou la: 7Al chase jibye pote pou mwen, kwit li, m'a manje. Apre sa, m'a beni ou devan Seyè a anvan m' mouri. 8Koulye a, pitit mwen, koute sa m'ap di ou: Fè sa m'ap mande ou la. 9Ale pran de jenn kabrit byen gra nan bann lan, pote yo ban mwen. m'a pare yo pou papa ou jan m' konnen li renmen l' lan. 10W'a pote l' bay papa ou, la manje, la beni ou anvan l' mouri. 11Jakòb reponn manman l': -Men manman, Ezaou, frè mwen an, gen pwal sou tout kò li. Mwen menm, po pa m' lis. 12Si papa m' manyen m', la wè se twonpe m'ap twonpe l'. Lè sa a pase li ban mwen benediksyon, la ban m' madichon pito. 13Men manman an reponn: -Madichon la ba ou a va tonbe sou mwen, pitit mwen. Ou menm, fè sa mwen di ou fè a, al chache kabrit yo mennen ban mwen. 14Jakòb ale chache bèt yo, li mennen yo bay manman l'. Manman l' pare yon manje jan li konnen papa a te renmen l' lan. 15Apre sa, Rebeka pran rad Ezaou, premye pitit li a, pi bèl rad Ezaou te gen lakay la, li mete yo anwo Jakòb, dezyèm pitit li a. 16Avèk po ti kabrit yo, li kouvri bra ak kou Jakòb. 17Apre sa, li bay Jakòb manje a avèk pen li te fè. 18Jakòb al jwenn papa l', li di: -Papa. Izarak reponn li: -Men mwen, pitit mwen. Kilès nan nou ki la a? 19Jakòb reponn: -Se mwen menm Ezaou, premye gason ou lan. Mwen fè sa ou te di m' fè a. Leve non, chita. Manje vyann mwen pote pou ou a. Apre sa, wa ban mwen benediksyon. 20Izarak di Jakòb: -Ki jan ou fè jwenn bèt la vit konsa, pitit mwen? Jakòb reponn li: -Seyè a, Bondye ou la, ede m'. Li fè jibye a vin devan mwen. 21Izarak di: -Pwoche non. Vini mwen manyen ou, pitit mwen, pou m' wè si wi ou non ou se Ezaou, pitit mwen an. 22Jakòb pwoche bò kote Izarak, papa l', ki manyen l'. Epi Izarak di: -Vwa a se vwa Jakòb, men bra a se bra Ezaou. 23Li pa t' rekonèt Jakòb, paske bra li te plen pwal tankou bra Ezaou, frè li a. Izarak beni l'. 24Li di l': -Se vre, se Ezaou, pitit mwen, ou ye? Jakòb reponn li: -Se mwen wi. 25Izarak di l': -Sèvi m' non. m'a manje vyann ou pote a. Apre sa, m'a beni ou. Jakòb sèvi l' manje a, li manje. Lèfini, Jakòb ba li diven, li bwè. 26Izarak, papa l', di l': -Pwoche non, pitit mwen. vin bo m'. 27Jakòb pwoche, li bo papa l'. Papa a pran sant rad ki te sou li a, epi li ba li benediksyon l'. Li di l': -Sant kò pitit mwen an tankou sant yon jaden Seyè a beni. 28Se pou Bondye ba ou lawouze ki soti nan syèl la. Se pou l' fè jaden ou donnen anpil. Se pou l' ba ou bèl rekòt ble ak rezen. 29Se pou kantite pèp soumèt devan ou. Se pou kantite nasyon bese tèt devan ou. Se ou menm ki pou mèt frè ou yo. Se pou pitit pitit manman ou yo bese tèt devan ou. Se pou tout moun ki ba ou madichon jwenn madichon. Se pou tout moun ki beni ou jwenn benediksyon. 30Izarak te fin beni Jakòb. Jakòb te fèk kite papa li, Izarak, lè Ezaou, frè li a, antre soti lachas. 31Li te pare yon bon plat manje, li pote l' bay papa l'. Li di l': -Leve chita non, papa. Manje vyann pitit ou pote pou ou a, pou ou ka beni l'. 32Izarak, papa l', mande: -Ki moun sa a? Li reponn: -Se mwen menm, Ezaou, premye pitit gason ou lan. 33Tande Izarak tande sa, li sezi, li pran tranble kou fèy bwa. Li di: -Kilès sa ki te pote ban m' manje jibye li sot chase a? Mwen fèk fin manje anvan ou rive la a. Mwen ba li benediksyon m' lan ki pou li nèt. 34Lè Ezaou tande sa, yon sèl kòlè moute l', li tonbe rele byen fò: -Beni m' tout non, papa! 35Izarak reponn li: -Frè ou la vini, li twonpe m'. Li pran benediksyon ki te pou ou a. 36Ezaou di: -Sa fè dezyèm fwa li pran sak pou mwen. Eske se paske li rele Jakòb la kifè l'ap pase devan m' konsa? Premye fwa a, li te pran dwa m' kòm premye pitit. Men koulye a, li pran benediksyon ki te pou mwen an! Apre sa, li di: -Men papa, èske ou pa gen yon lòt benediksyon pou mwen? 37Izarak reponn Ezaou: -Mwen mete l' chèf sou ou. Mwen fè tout rès fanmi an tounen moun k'ap sèvi l'. Mwen ba li mezi pwovizyon l'. Kisa m' ka fè pou ou ankò, pitit mwen? 38Ezaou di papa a: -Se sèl benediksyon sa a ou te genyen, papa? Tanpri, beni m' tout non, papa! Lè sa a, Ezaou pete yon sèl rèl, li kriye byen fò. 39Se konsa Izarak di l': -Latè p'ap ba ou sa l' te dwe ba ou. p'ap gen lawouze ki soti nan syèl la pou wouze jaden ou. 40Se zam ou k'ap fè ou viv. W'ap sèvi frè ou la, se vre. Men, se pye poudre ou ye, w'a soti anba men l'. 41Ezaou te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l': Papa m' pa lwen mouri. Fini yo fini antere l', m'ap touye Jakòb, frè mwen an. 42Yo vin rapòte bay Rebeka sa ki te soti nan bouch Ezaou, premye pitit gason l' lan. Li fè rele Jakòb, dezyèm pitit li a, li di l': -Koute! Ezaou, frè ou la, vle tire revanj sou ou. Li vle touye ou. 43Koulye a, pitit mwen, koute sa m'ap di ou la. Leve, pati ale kay Laban, frè mwen an ki rete nan peyi Karan. 44W'a rete kèk tan la avèk li, jouk tan kòlè frè ou la va bese, 45jouk tan la sispann move sou ou, jouk li va bliye sa ou te fè l' la. Lè sa a, atò, m'a voye chache ou, m'a fè ou tounen. Poukisa pou m' ta pèdi tou de pitit gason m' yo yon sèl jou a? 46Rebeka di Izarak konsa: -Mwen degoute, mwen bouke ak bann fi Et sa yo. Pase pou m' ta wè Jakòb pran yonn nan moun sa yo, yonn nan bann fi Et sa yo k'ap viv nan peyi a pou madanm, pito m' mouri!
Jenèz 28
1Izarak rele Jakòb, li beni l'. Apre sa, li ba li lòd sa a: -Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou. 2Leve non, ale Mezopotami lakay Betwèl, papa manman ou. W'a pran yonn nan piti fi Laban yo pou madanm. Laban, se frè manman ou. 3Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' beni maryaj ou, pou l' ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon. 4Se pou l' beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv koulye a, peyi li te deja bay Abraram lan. 5Se konsa Izarak fè Jakòb pati. Jakòb ale nan Mezopotami lakay Laban, pitit Betwèl, moun peyi Aram lan. Laban se te frè Rebeka, manman Jakòb ak Ezaou. 6Ezaou vin konnen ki jan Izarak te beni Jakòb, ki jan li te voye l' Mezopotami al chache yon madanm. Li vin konnen tout lè Izarak t'ap beni Jakòb la, li te pase l' lòd sa a: Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou. 7Ezaou te wè Jakob te obeyi papa l' ak manman l', li te pati pou Mezopotami. 8Konsa, Ezaou vin wè Izarak papa l' pa t' renmen fi peyi Kanaran yo. 9Li leve, li ale lakay Izmayèl, lòt pitit gason Abraram lan, li pran yon lòt madanm mete sou sa li te genyen deja yo. Li marye ak Maalat, yonn nan pitit fi Izmayèl yo. Maalat sa a, se te sè Nebajòt. 10Jakòb kite Bècheba, li pati pou Karan. 11Li rive yon kote, li rete pase nwit la la, paske sòlèy te fin kouche. Li pran yon wòch sèvi l' zòrye, epi li kouche atè a konsa pou l' dòmi. 12Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l' atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la. 13Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo. 14Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè. 15Pa bliye, m'ap toujou la avèk ou, m'ap voye je sou ou kote ou pase. M'ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p'ap lage ou san m' pa fè tout sa mwen sot di ou la a. 16Jakòb leve nan dòmi an, li di: -Wè pa wè, Seyè a isit la, mwen pa t' konn sa. 17Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la. 18Jakòb leve byen bònè, li pran wòch li te fè sèvi l' zòrye a, li plante l' tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye. 19Li rele kote sa a Betèl. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.) 20Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fè a, si li ban m' manje pou m' manje ak rad pou m' met sou mwen, 21si l' fè m' tounen ak kè poze lakay papa m', Seyè a va Bondye m' vre. 22Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m'a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
