Jou 84 sou 365
1 Samyèl 13–14
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
1 Samyèl 13
1Sayil te majè lè yo te fè l' wa. Li pase kèk tan ap gouvènen pèp Izrayèl la. 2Sayil chwazi twamil (03000) gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l' lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. 3Jonatan touye chèf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kònen twonpèt nan tout peyi a pou avèti pèp ebre a. 4Nouvèl la gaye nan tout pèp Izrayèl la: Sayil te touye chèf moun Filisti yo. Koulye a moun Filisti yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Se konsa tout pèp la vin jwenn Sayil lavil Gilgal, yo kanpe avè l'. 5Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (030.000) cha lagè, simil (06000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn. 6Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè. 7Genyen ki menm janbe lòt bò larivyè Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo. Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avè l' yo t'ap tranble sitèlman yo te pè. 8Dapre dat Samyèl te fikse ba li a, li rete la sèt jou ap tann Samyèl. Sèt jou yo pase, Samyèl pa vin lavil Gilgal. Pèp la konmanse vire do yo kite Sayil. 9Lè Sayil wè sa, li di yo: -Mennen bèt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lòt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fè ofrann pou boule nan dife a. 10Li t'ap fini fè sèvis ofrann pou boule nan dife a lè Samyèl parèt. Sayil al kontre l' pou di l' bonjou. 11Samyèl di li: -Kisa ou fè konsa? Sayil reponn li: -Mwen wè pèp la t'ap pati kite m'. Ou menm, ou pa t' vini lè ou te di ou t'ap vini an. Lèfini, moun Filisti yo t'ap sanble bò lavil Mikmas la. 12Mwen di nan kè m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Seyè a bò kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Seyè a. 13Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba. 14Men koulye a, rèy ou pa la pou lontan. Seyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l' fè, l'a mete l' chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pa t' swiv lòd Seyè a te ba ou a. 15Epi Samyèl leve, li kite lavil Gilgal l' al fè wout li. Tout rès pèp la pran swiv Sayil ki leve al jwenn sòlda li yo. Yo pati kite Gilgal, y' ale lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Sayil fè enspeksyon lame ki te avè l' la. Te gen sisan (0600) sòlda konsa. 16Sayil rete nan peyi moun Benjamen yo ansanm ak Jonatan, pitit gason l' lan, ak moun ki te avè l' yo. Moun Filisti yo menm pran pozisyon lavil Mikmas. 17Sòlda Filisti yo soti kote yo te ye a pou y' al kraze brize. Yo fè twa gwoup. Yon gwoup pran chemen ki mennen lavil Ofra nan peyi Chwal la. 18Yon lòt gwoup pran chemen ki mennen lavil Bètowon, ak yon lòt gwoup pran chemen ki mennen sou fwontyè a, kote moun ka donminen tout fon Zeboyim lan ale nan dezè a. 19Lè sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayèl la yo pa t' ka jwenn fòjon paske moun Filisti yo te soti pou pa kite ebre yo fè ni nepe ni lans fè. 20Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te blije al lakay moun Filisti yo pou fè dan chari yo, wou yo, rach yo ak kouto digo yo. 21Moun Filisti yo te mande yo yon ti pyès ajan pou file chak dan rach epi pou fè pwent frenn yo, de ti pyès ajan pou fè dan chari yo ak pwent wou yo. 22Se sa ki fè, lè jou batay la rive, pa t' gen yonn nan mesye ki te avèk Sayil ak Jonatan yo ki te gen yon nepe osinon yon lans fè. Sèl Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, te gen yonn pou yo chak. 23Moun Filisti yo voye yon ganizon al defann pas Mikmas la.
1 Samyèl 14
1Yon jou, Jonatan, pitit Sayil la, pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Ann al avè m'! Ann travèse lòt bò a, nan kan moun Filisti yo. Men Jonatan pa t' avèti papa l'. 2Sayil menm te moute kan li anba pye grenad Migwon an, sou lizyè peyi Gibeya a. Li te gen sisan (0600) sòlda konsa avè l'. 3Prèt ki t'ap pote jile Bondye a te rele Akija. Se te pitit Akitoub, pitit frè Ikabòd la. Yo te pitit Fineas ki li menm te pitit Eli, ki te prèt Seyè a lavil Silo. Sòlda yo pa t' konnen Jonatan te pati. 4Nan pas kote Jonatan t'ap chache janbe larivyè pou ale nan kan moun Filisti yo, te gen de gwo wòch, yonn chak bò pas la. Yonn te rele Bozès, lòt la Sene. 5Yonn te sou bò nò anfas lavil Mikmas, lòt la sou bò sid anfas lavil Geba. 6Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil. 7Jenn gason an reponn li: -Fè sa ou gen nan lide ou. Ale non! M'ap kanpe avè ou! 8Jonatan di l': -Bon! Nou pral janbe lòt bò a epi n'ap kite yo wè nou. 9Si yo di nou rete kote nou ye a, y'ap vin jwenn nou, n'ap rete kote nou ye a, nou p'ap mache sou yo. 10Men, si yo di nou moute vin jwenn yo, enben! n'a mache sou yo. Paske, sa vle di Seyè a gen tan lage yo nan men nou. 11Yo parèt kò yo, yo kite moun Filisti yo wè yo. Moun Filisti yo di: -Gade! Men kèk ebre k'ap soti nan twou kote yo te kache. 12Sòlda Filisti yo rele Jonatan ak jenn gason an, yo di yo: -Moute vin jwenn nou non. Nou gen yon bagay pou n' di nou. Lè sa a, Jonatan di jenn gason an: -Swiv mwen. Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la. 13Jonatan grenpe moute sou men l' ak sou pye l' yo, jenn gason an t'ap swiv li. Jonatan atake moun Filisti yo, li jete yo atè. Jenn gason an menm t'ap touye yo dèyè l'. 14Nan premye atak sa a, Jonatan ak jenn gason an te touye vin sòlda konsa, sou yon ti teren ki pa t' menm mezire yon ka (01/4) kawo tè. 15Tout moun Filisti ki te nan kan an, nan tout plenn lan, vin pè anpil. Sòlda yo te mete an avangad yo ak tout rès lame a te vin pè tou. Tè a pran tranble, te gen yon gwo kouri nan tout peyi a. 16Faksyonnè Sayil te mete ap veye lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo wè te gen yon sèl debandad nan mitan moun Filisti yo ki t'ap kouri tankou moun fou. 17Sayil di moun ki te avè l' yo: -Konte sòlda yo! Gade kilès ki pa la! Yo konte, yo pa jwenn ni Jonatan ni jenn gason ki te konn pote zam li yo. 18Lè sa a, Sayil di Akija konsa: -Pwoche ak Bwat Kontra Bondye a isit. Li te di sa paske jou sa a se Akija ki t'ap pote bwat la devan pèp Izrayèl la. 19Pandan Sayil t'ap pale ak prèt la, kouri a te vin pi rèd nan mitan moun Filisti yo. Sayil di prèt la konsa: -Rete sou sa ou fè! 20Li leve ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo ale kote batay la te cho a. Moun Filisti yo menm te fin pèdi tèt yo, yo t'ap goumen yonn ak lòt. 21Gen kèk ebre ki te mete tèt yo bò kote moun Filisti yo, yo te la avèk yo nan kan an. Lè sa a, yo vire kont moun Filisti yo, yo mete yo bò moun pèp Izrayèl yo ki te avèk Sayil ak Jonatan. 22Moun pèp Izrayèl ki te kache nan mòn Efrayim yo vin tande moun Filisti yo t'ap kraze rak. Yo menm tou yo vini, yo lage kò yo nan batay la, yo t'ap kouri dèyè moun Filisti yo. 23Se konsa jou sa a, Seyè a te sove pèp Izrayèl la. Yo rive jouk lòt bò lavil Bèt-Avenn, yo t'ap goumen toujou. 24Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a. 25Pèp la rive nan yon gwo rakbwa kote ki te gen anpil siwo myèl. 26Siwo myèl t'ap koule konsa atè nan rakbwa a, men pesonn pa goute menm ladan l' paske yo te pè pou malè Sayil te di a pa rive yo. 27Men, Jonatan pa t' konnen papa l' te bay pèp la prigad sa a. Sa li fè, li lonje baton ki te nan men l' lan, li tranpe bout baton an nan yon gato myèl, epi li mete l' nan bouch li. Lamenm, li santi li vin gen fòs ankò. 28Men, yonn nan mesye yo di li: -Tout moun ap tonbe feblès, yo pa manje paske papa ou te ban nou prigad sa a, li te di: Madichon pou nenpòt moun ki manje anyen jòdi a. 29Jonatan reponn li: -Sa papa m' fè pèp la la a pa bon menm! Gade jan m' santi m' gen fòs ankò, paske mwen goute yon ti siwo myèl. 30Si pèp la te manje nan manje li pran lakay moun Filisti yo jòdi a, koulye a èske nou wè kantite moun Filisti nou ta ka touye met sou sa nou touye deja yo? 31Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Filisti yo byen bat, depi lavil Mikmas jouk lavil Ajalon. Pèp la t'ap tonbe feblès tèlman yo te grangou. 32Se konsa yo lage kò yo sou sa yo te pran nan men lènmi yo: yo pran mouton, kabrit, gwo bèf, ti bèf, yo touye yo lamenm epi yo manje vyann lan ak tout san an ladan l'. 33Y' al di Sayil konsa: -Gade! Men pèp la ap peche kont Seyè a: Y'ap manje vyann ak tout san an ladan l'. Sayil di konsa: -Nou se yon bann lach! Woule yon gwo wòch bò isit la ban mwen. 34Apre sa, li bay lòd sa a: -Gaye kò nou nan tout pèp la. Al di pou chak moun mennen bèf yo ak mouton yo ban mwen. Se isit la n'a touye yo, se isit la n'a manje yo pou nou pa fè peche kont Seyè a, pou nou pa manje vyann yo ak tout san yo ladan yo. Jou swa sa a, chak moun mennen bèt yo te genyen, yo touye yo la. 35Sayil bati yon lotèl pou Seyè a. Se te premye lotèl li te bati. 36Sayil di moun yo: -Ann desann dèyè moun Filisti yo. Ann pase nwit lan ap bat yo, n'a piye yo jouk bajou kase, n'a touye yo tout. Yo reponn li: -Fè sa ou wè ki bon! Men, prèt la di: -Ann gade sa Seyè a di nou sou sa! 37Sayil mande Seyè a: -Eske se pou m' desann dèyè moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men pèp Izrayèl la? Men Seyè a pa reponn li jou sa a. 38Lè sa a, li rele tout chèf pèp la, li di yo: -Pwoche devan la a. Chache konnen ki peche nou te fè jòdi a. 39Mwen bay pawòl mwen. Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, li menm ki delivre pèp Izrayèl la, menm si se Jonatan, pitit mwen, ki koupab, se pou l' mouri. Pesonn pa louvri bouch yo di anyen. 40Epi li di tout pèp Izrayèl la: -Nou menm kanpe bò isit. Mwen menm ak Jonatan, pitit gason m' lan, m'ap kanpe bò la. Pèp la di Sayil: -Fè sa ou wè ki bon! 41Sayil di Seyè a: -Bondye pèp Izrayèl la! Poukisa ou pa reponn mwen jòdi a? Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, reponn mwen nan ourim ak toumim yo. Si se mwen menm osinon Jonatan ki koupab, w'a bay ourim yo. Men, si se yon moun nan pèp la ki koupab, w'a bay toumim yo. Seyè a fè yo konnen se bò Sayil ak Jonatan fòt la te ye, pèp la te pou anyen nan sa. 42Sayil di: -Koulye a, ant Jonatan avè m', di kilès nan nou de a ki koupab. Seyè a fè konnen se Jonatan. 43Lè sa a, Sayil mande Jonatan: -Kisa ou fè? Jonatan reponn: -Mwen te pran ti gout siwo myèl nan pwent baton ki te nan men m' lan, mwen goute. Men mwen! Mwen pare pou m' mouri. 44Sayil di li: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou. 45Men pèp la di Sayil konsa: -Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou fè sèman devan Seyè ki vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa l' fè jòdi a. Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri. 46Apre sa, Sayil sispann kouri dèyè moun Filisti yo. Moun Filisti yo menm tounen nan peyi yo. 47Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l' yo alawonnbadè: ak moun Moab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo. 48Li te fè wè jan li te yon vanyan sòlda. Li bat ata moun Amalèk yo. Konsa, li delivre pèp Izrayèl la anba men tout moun ki t'ap piye l' yo. 49Men pitit gason Sayil te genyen: Se te Jonatan, Yichwi ak Malkichwa. Men non de pitit fi li yo: Pi gran an te rele Merab, pi piti a te rele Mikal. 50Madan Sayil te rele Akinoam. Se te pitit Akimas. Kòmandan lame a te rele Abnè. Se te pitit Nè, tonton Sayil. 51Kich, papa Sayil, ak Nè, papa Abnè, te pitit gason Abiyèl. 52Sayil pase tout lavi li ap mennen gwo batay ak moun Filisti yo. Chak fwa li te jwenn yon vanyan gason osinon yon moun ki te gen anpil fòs ak kouraj, li te mete l' nan lame li a.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
