Jou 74 sou 365

Jij 6–8

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jij 6

1Pèp Izrayèl la lage kò l' ankò nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan sètan. 2Moun peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo. 3Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo. 4Yo moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik. 5Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l'. 6Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Seyè a, yo mande l' sekou. 7Lè pèp Izrayèl la te kriye nan pye Seyè a pou moun peyi Madyan yo, 8Seyè a te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. 9Mwen te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lòt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyò pou yo fè plas pou nou, lèfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete. 10Mwen te di nou se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an. Koulye a nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n' al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pa t' koute m' lè m' te pale nou. 11Lè sa a, zanj Seyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre yon ti bouk yo rele Ofra, ki te pou Joas, moun fanmi Abyezè yo. Jedeyon, pitit gason l' lan, t'ap bat ble an kachèt anndan kay kote yo konn kraze rezen an, pou moun Madyan yo pa t' vin pran l' nan men l'. 12Zanj Seyè a parèt devan l', li di l' konsa: -Bonjou, vanyan sòlda! Seyè a avè ou! 13Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou. 14Lè sa a, Seyè a bay Jedeyon lòd sa a, li di l': -Ale non. Avèk fòs kouraj ou genyen an, w'a delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou! 15Jedeyon reponn li! -Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m', se mwen menm ki pi piti lakay papa m'. 16Seyè a di l': -Ou ka fè l', paske m'ap kanpe la avè ou. Ou pral kraze moun Madyan yo tankou si se te yon sèl moun yo te ye. 17Jedeyon reponn: -Si reyèlman vre ou vle fè m' favè sa a, ban m' yon prèv se ou menm tout bon k'ap pale avè m' la a. 18Tanpri, pa deplase kote ou ye a jouk m'a pote yon ofrann mete nan pye ou. Li reponn: -M'ap rete la tann ou. 19Se konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fè pen san li pa mete ledven ladan l'. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sòs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Seyè a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li. 20Zanj lan di l': -Mete vyann lan ak pen yo sou gwo wòch ou wè la a, epi vide sòs la sou yo. Jedeyon fè sa vre. 21Zanj Seyè a leve baton ki te nan men l' lan, li lonje l', li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife soti nan wòch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Seyè a disparèt devan li. 22Lè Jèdeyon wè se zanj Seyè a menm ki te parèt devan l', li di: -Bondye Seyè o! Gade malè ki rive m' non! Mwen wè zanj Seyè a fas pou fas! 23Men, Seyè a di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Poze san ou. Ou p'ap mouri pou sa. 24Jedeyon bati yon lotèl pou Seyè a la menm. Epi li rele l': Seyè a bay kè poze. Jouk jòdi a lotèl la la nan ti bouk Ofra a, sou pwopryete ki pou moun Abyezè yo. 25Menm jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Pran towo bèf papa ou la, ansanm ak yon lòt towo ki gen sètan. Kraze lotèl papa ou te fè pou Baal la. Koupe poto Achera ki bò kote l' la. 26Moute sou ti bit sa a, bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye ou la, jan yo konn fè l' la. Lèfini, pran dezyèm towo a, boule l' nèt sou lotèl la pou mwen nan dife w'a fè avèk moso poto Achera ou te koupe a. 27Jedeyon pran dis nan domestik li yo, epi li fè tou sa Seyè a te di l' fè. Men, li te pè fanmi l' yo ak lòt moun yo ki rete nan lavil la. Li pa t' fè sa lajounen, l' al fè l' lannwit. 28Lè mesye yo ki rete nan lavil la leve granmaten, yo wè lotèl Baal la kraze, poto Achera a koupe, epi dezyèm towo a menm boule sou lotèl yo te bati la a. 29Yonn di lòt: Ki moun ki fè sa, en? Yo tonbe chache, yo t'ap mande moun ki jan sa fè fèt. Yo vin konnen se Jedeyon, pitit Joas la, ki te fè sa. 30Mesye yo al di Joas konsa: -Fè pitit gason ou lan soti vin jwenn nou isit la. Se pou n' touye l'! Li kraze lotèl Baal la, epi li koupe gwo poto Achera ki te bò kote l' la. 31Joas reponn tout moun ki te kanpe devan l' yo. Li di yo: -Anhan! Se nou ki pou goumen pou Baal? Se nou ki pou defann li? Enben, moun ki vle goumen pou Baal gen pou l' mouri anvan solèy leve. Si Baal se yon bondye vre, se li ki pou defann tèt li. Se lotèl li a yo kraze! 32Depi jou sa a yo rele Jedeyon Jewoubaal paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotèl Baal la li te kraze. 33Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la. 34Lespri Seyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li. 35Apre sa, li voye mesaje nan tout peyi Manase a al rele moun yo pou yo vin jwenn li tou. Li voye mesaje nan peyi Asè, nan peyi Zabilon ak nan peyi Neftali. Tout moun sa yo moute vin jwenn li. 36Lè sa a, Jedeyon di Bondye konsa: -Si se ou menm vre ki vle sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la, 37men mwen mete yon moso lenn sou glasi a. Si denmen maten mwen wè gen lawouze sou moso lenn lan sèlman epi tout rès glasi a chèch, lè sa a m'a konnen se ou menm vre ki pral sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la. 38Se sa ki te rive vre. Nan denmen maten, lè Jedeyon leve byen bonè, li tòde moso lenn lan, li wete dlo ladan l' kont pou ta plen yon bòl. 39Lèfini, Jedeyon di Bondye ankò: -Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m' di ou yon dènye bagay. Kite m' fè esperyans moso lenn lan yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chèch, epi pou lawouze sou tout glasi a. 40Jou lannwit sa a, Bondye fè sa konsa vre: moso lenn lan te rete byen chèch, men te gen lawouze sou tout glasi a.

Jij 7

1Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an. 2Seyè a di Jedeyon konsa: -Ou gen twòp moun avè ou pou m' kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouraj yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo. 3Koulye a, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt al fè wout yo lakay yo, kite nou sou mòn Gilboa a. Se konsa venndemil (022.000) moun al lakay yo. Te rete dimil (010.000). 4Seyè a di Jedeyon ankò: -Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete. 5Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Seyè a di Jedeyon konsa: -Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò. 6Te gen twasan (0300) gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo. 7Seyè a di Jedeyon! -Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo. 8Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan (0300) moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan. 9Jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Leve non! Desann al atake kan moun Madyan yo. Mwen lage yo nan men ou. 10Men si ou pè atake, desann bò kan moun Madyan yo ansanm ak Poura, domestik ou a. 11W'a tande sa y'ap di. Lè sa a, w'a pran kouraj epi w'a desann al atake yo. Se konsa Jedeyon desann ansanm ak Poura, domestik li a, li rive toupre avanpòs kan an. 12Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè. 13Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l' yon rèv li te fè. Li t'ap di l' konsa: -Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l' al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè. 14Zanmi an reponn li: -Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l'. 15Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l' atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: -Ann ale! Seyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou. 16Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la. 17Epi li di yo: -Se pou tout moun gade sou mwen pou wè sa m'ap fè. Lè n'a rive toupre kan an, tou sa n'a wè m' fè, n'a fè l' tou. 18N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m' yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Seyè a ak pou Jedeyon! 19Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l' yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonnè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo. 20Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: -Ann al goumen pou Seyè a ak pou Jedeyon! 21Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò. 22Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat. 23Lè sa a yo rele tout gason nan branch fanmi Neftali a, nan branch fanmi Asè a ak nan tout branch fanmi Manase a, epi yo pran kouri dèyè moun Madyan yo. 24Jedeyon menm voye mesaje nan tout mòn Efrayim yo pou di mesye yo: -Desann, vin goumen ak moun Madyan yo. Al bare yo bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara pou anpeche yo pase. Tout moun Efrayim yo reyini vre. Epi y' al bare wout la sou bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara. 25Yo mete men sou Orèb ak Zeyèb, de nan chèf moun Madyan yo. Yo touye Orèb sou Wòch Orèb la, Zeyèb nan basen rezen Zeyèb la. Apre sa, yo kouri toujou dèyè moun Madyan yo. Lèfini, yo pote tèt Orèb ak tèt Zeyèb bay Jedeyon ki te sou bò solèy leve larivyè Jouden an.

Jij 8

1Moun fanmi Efrayim yo di Jedeyon konsa: -Poukisa ou pa t' rele nou depi lè ou tapral goumen ak moun peyi Madyan yo? Poukisa ou fè nou sa? Yo te fache anpil sou li. 2Men, li di yo: -Sa m' fè a pa ka parèt devan sa nou menm nou fè a! Ti sa nou menm moun Efrayim yo, nou fè a pi plis pase sa nou menm ti fanmi Abyezè a, nou fè! 3Bondye lage Orèb ak Zeyèb, de chèf moun Madyan yo, nan men nou. Kisa mwen fè ki ka parèt devan sa? Fini li fin di yo sa, mesye Efrayim yo pa fache sou li ankò. 4Jedeyon rive bò larivyè Jouden an avèk twasan mesye ki te avè l' yo. Yo janbe larivyè a. Apre tout kouri sa a yo te fè dèyè lènmi yo, yo te bouke anpil. 5Jedeyon pale ak moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Tanpri, bay mesye m' yo kèk moso pen pou yo manje. Yo bouke anpil. M'ap kouri dèyè Zebak ak Salmouna, wa moun Madyan yo. 6Men chèf lavil Soukòt yo di l' konsa: -Poukisa ou vle pou nou bay lame ou la manje! Ala ou poko mete men sou Zebak ak Salmouna! 7Jedeyon di yo: -Anhan! Se konsa! Bon! Lè Seyè a va fin lage Zebak ak Salmouna nan men mwen, m'ap tounen pou nou! M'ap filange nou ak fwèt pikan ak chadwon savann. 8Li kite lavil Soukòt, li moute lavil Penyèl. Li mande yo menm bagay la. Men, moun lavil Penyèl yo reponn li tankou moun lavil Soukòt yo. 9Jedeyon di yo: -Mwen gen pou m' tounen apre batay la! Lè sa a, m'ap kraze gwo fò won sa a. 10Zebak ak Salmouna te lavil Kakò avèk tout lame yo. Nan tout kantite sòlda moun dezè yo, te gen sanvenmil (0120.000) sòlda ki te mouri. Te rete sèlman kenzmil (015.000) gason. 11Jedeyon pran wout ki pase nan dezè a, sou bò solèy leve lavil Nobak ak lavil Yogbeya, epi li tonbe sou lame a ki te kwè pa t' gen danje pou yo ankò. 12Zebak ak Salmouna, de wa Madyan yo, kouri met deyò. Jedeyon kouri dèyè yo, li mete men sou yo, li gaye tout lame a, li fè yo kraze rak. 13Lè Jedeyon, pitit Joas la, tounen soti nan lagè a, li pase sou ti mòn Erès la. 14Li fè yo mete men sou yon jenn gason ki te rete lavil Soukòt epi li keksyonnen l'. Jenn gason an ekri non swasanndisèt moun ki te otorite ak chèf fanmi lavil Soukòt li bay Jedeyon. 15Apre sa, Jedeyon al jwenn moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Nou chonje jan nou te joure m' pou Zebak ak Salmouna! Nou te di m' nou pa t' ka bay mesye m' yo moso pen pou yo manje atout yo te bouke, paske mwen pa t' ankò mete men sou Zebak ak Salmouna. Men yo tande! 16Lèfini, li pran branch pikan ak chadwon nan savann lan, li bat chèf lavil Soukòt yo byen bat. 17Apre sa, l' al kraze gwo fò won lavil Penwèl la, epi li touye mezi gason ki te rete nan lavil la. 18Lèfini, li di Zebak ak Salmouna: -Moun nou te touye sou mòn Tabò a, ki jan yo te ye? Sa yo te sanble? Yo reponn: -Yo te sanble avè ou. Nou ta di yo tout se pitit wa yo ye. 19Li di yo: -Se frè m' yo te ye, pitit menm manman avè m'. Mwen fè sèman, devan Bondye ki vivan an, si nou pa t' touye yo, mwen pa ta touye nou tou! 20Epi li di Jetè, premye pitit gason l' lan: -Annavan! Touye yo! Men, jenn gason an pa wete nepe l' nan djenn li. Li te pè paske li te timoun toujou. 21Lè sa a, Zebak ak Salmouna di: -Annavan non, monchè! Se ou menm ki pou touye nou! Se gason tout bon ki pou fè kalite travay konsa. Jedeyon leve vre, li touye Zebak ak Salmouna. Apre sa, li pran tout bijou ki te gen fòm dekou lalen ki te mare nan kou chamo yo. 22Apre sa, moun pèp Izrayèl yo di Jedeyon konsa: -Se pou ou vin chèf sou nou, ou menm, pitit ou ak pitit pitit ou apre ou. Paske ou delivre nou anba men moun Madyan yo. 23Men, Jedeyon reponn yo: -Mwen p'ap chèf nou, ni pitit mwen p'ap chèf nou tou. Se Seyè a ki va chèf nou. 24Apre sa, Jedeyon di yo: -Yon sèl bagay m'ap mande nou: Se pou chak moun wete yon grenn zanno nan sa li pran an ban mwen. Moun Madyan yo te pote zanno lò, tankou lòt moun k'ap viv nan dezè a. 25Moun pèp Izrayèl yo reponn li: -Se tout plezi nou pou n' ba ou yo! Yo louvri yon rad atè, epi chak moun pran yon zanno nan sa yo te pran an, yo mete l' sou rad la. 26Tout zanno Jedeyon te mande yo te fè antou swasant liv lò konsa, san konte bijou ki te gen fòm dekou lalen yo, kolye yo, bèl rad wouj ki te sou wa yo, ak kolye ki te mare nan kou chamo yo. 27Jedeyon fè yon estati ak lò a, li mete l' nan lavil Ofra, kote l' moun lan. Tout moun pèp Izrayèl yo vire do bay Bondye, yo vin adore estati a lavil Ofra. Sa te tounen yon pèlen pou Jedeyon ak tout fanmi li yo. 28Se konsa moun Madyan yo te vin soumèt devan moun pèp Izrayèl la. Depi jou sa a yo pa janm leve tèt yo ankò. Pandan karantan te gen lapè nan peyi a jouk jou Jedeyon mouri. 29Jedeyon, pitit Joas la, ki rele Jewoubaal tou, tounen al rete lakay li. 30Li te gen swasanndis pitit gason, paske li te gen anpil manman pitit. 31Li te gen yon fanm kay ki te rete Sichèm. Ti fanm sa a te fè yon pitit gason pou li, li rele l' Abimelèk. 32Lè Jedeyon, pitit Joas la, mouri, li te gen yon bèl laj sou tèt li. Yo antere l' nan kavo Joas, papa l', te genyen lavil Ofra, lavil ki te pou fanmi Abyezè yo. 33Apre Jedeyon mouri, pèp Izrayèl la vire do bay Bondye ankò, yo pran fè sèvis pou Baal yo. Yo fè Baal-Berit sèvi yo bondye. 34Se konsa, yo pa dòmi reve Seyè a, Bondye yo a, li menm ki te delivre yo anba men lènmi ki te sènen yo toupatou. 35Yo moutre yo engra, yo bliye fanmi Jedeyon an ansanm ak tout byen li te fè pou pèp Izrayèl la.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain