Jou 62 sou 365

Deteronòm 30–32

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Deteronòm 30

1Mwen mete benediksyon ak madichon dèvan nou pou n' chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Seyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m' te di nou, 2si nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, si nou koute l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a, 3enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò. 4Yo mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, Seyè a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l' sanble nou ankò. 5Seyè a va fè nou tounen nan peyi kote zansèt nou yo te rete a, n'a tounen pran l' pou nou ankò. L'a fè nou plis byen pase sa l' te fè pou zansèt nou yo, l'a fè nou vin pi plis pase zansèt nou yo. 6Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi. 7Seyè a, Bondye nou an, va fè tout madichon sa yo tonbe sou lènmi nou yo, sou moun ki pa t' vle wè nou yo, sou moun ki t'ap maltrete nou yo. 8Men, nou menm, n'a tounen vin jwenn Seyè a, n'a koute l', n'a fè tou sa li ban nou lòd fè a, jan mwen mande nou li jòdi a. 9Seyè a, Bondye nou an, va kouvri nou anba benediksyon. Li va fè tout zafè nou mache byen, l'a ban nou anpil pitit, l'a ban nou anpil bèt, l'a fè jaden nou yo bay bèl rekòt. Paske, Seyè a va pran plezi ankò pou l' fè nou viv ak kè kontan, menm jan li te pran plezi fè sa pou zansèt nou yo. 10Men, n'a gen pou nou koute Seyè a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. 11Kòmandman m'ap ban nou jòdi a, se pa bagay nou pa kapab fè, bagay nou pa ka rive fè. 12Se pa nan syèl la li ye pou n' ta di: Kilès ki pral moute al chache l' nan syèl la pou fè nou tande l', pou n' ka fè sa l' mande nou fè a? 13Se pa lòt bò lanmè li ye non plis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l' pou nou ka tande sa l' di, pou nou ka fè sa l' mande nou fè a? 14Non. Li la toupre nou. Li nan bouch nou, li nan tèt nou pou nou ka fè sa l' mande nou fè a. 15Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi. 16Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l' la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an. 17Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l', si nou kite yo pran tèt nou pou n' al mete ajenou devan lòt bondye, pou n' al fè sèvis pou yo, 18m'ap avèti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an. 19Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. 20renmen Seyè a, Bondye nou an. Koute l'. Pa lage l' menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Seyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.

Deteronòm 31

1Moyiz pale ankò ak tout pèp Izrayèl la, li di yo: 2-Koulye a, mwen gen sanventan sou tèt mwen. Mwen pa gen fòs pou m' fè anyen ankò. Lèfini, Seyè a te tou di m' mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an. 3Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki pral pran devan nou. L'ap detwi tout nasyon sa yo devan je nou pou nou ka pran peyi yo pou nou: Se Jozye ki va mache devan nou, jan Seyè a te di l' la. 4Seyè a va detwi nasyon sa yo nèt, menm jan li te detwi Siyon ak Og, wa peyi Amori yo, ansanm ak tout moun nan peyi yo a nèt ale. 5Seyè a pral lage yo nan men nou. Lè sa a, se pou nou aji avèk yo jan Seyè a te ban nou lòd aji ak yo a. 6Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou. 7Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l' devan tout pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l' antre pran peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a. 8Seyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble. 9Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Seyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la. 10Moyiz ba yo lòd sa a: -Chak sètan, lè lanne pou yo renmèt dèt yo va rive, pandan y'ap fete fèt Joupa yo. 11lè tout pèp Izrayèl la va vin adore Seyè a, Bondye nou an, nan kote li te chwazi pou sa a, n'a li tout liv lalwa a byen fò devan yo tout, pou yo ka tande l' nan zòrèy yo. 12N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'. 13Se konsa, pitit yo ki pa t' janm konn lalwa a va tande l'. Y'a aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, chak jou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an. 14Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l' nan Tant Randevou a pou m' ka ba li lòd sa pou l' fè. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a. 15Seyè a parèt devan yo anndan Tant Randevou a, nan yon nwaj ki te gen fòm yon gwo poto devan pòt tant lan. 16Seyè a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avèk yo a. 17Lè sa va rive, m'a fè yon sèl kòlè anwo yo, m'a lage yo tout, mwen p'ap okipe yo ankò. Se peri y'a peri. Tout kalite malè ak lafliksyon pral tonbe sou yo. Se lè sa a y'a blije rekonèt se paske Bondye yo a pa la nan mitan yo ankò kifè tout malè sa yo rive yo. 18Men malgre sa, mwen menm m'a refize ede yo paske yo te fè twòp bagay mal lè yo te al kouri dèyè lòt bondye. 19Koulye a, ekri chante sa a. W'a moutre tout moun pèp Izrayèl yo li, pou l' ka nan bouch yo tout, epi pou l' sa sèvi m' temwen kont yo. 20Lè m'ap fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a, m'a fè yo manje plen vant yo, y'a viv alèz. Men, y'a kouri dèyè lòt bondye, y'a sèvi yo. Men mwen menm, y'a voye m' jete, y'a kraze kontra mwen te pase ak yo a. 21Konsa, lè tout kalite malè ak lafliksyon va tonbe sou yo, chante sa a va sèvi m' temwen, l'ap toujou nan bouch yo, paske pitit yo p'ap janm bliye l'. Wi, depi koulye a, anvan menm mwen fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt yo a, mwen konnen sa yo gen nan tèt yo. 22Menm jou sa a, Moyiz ekri chante a epi li moutre tout moun pèp Izrayèl yo li. 23Apre sa, Seyè a bay Jozye, pitit gason Noun lan, lòd li yo. Li di l' konsa: -Mete gason sou ou. Se pou ou vanyan. Paske se ou menm ki pou fè moun pèp Izrayèl yo antre nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. M'ap kanpe la avè ou. 24Lè Moyiz fin ekri tout pawòl lalwa Bondye a nan yon liv san li pa sote anyen, 25li rele moun Levi ki te reskonsab pou pote Bwat Kontra Seyè a, li di yo konsa: 26-Pran liv lalwa a, mete l' sou kote Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an. L'a rete la, l'a sèvi temwen kont nou. 27Mwen konnen jan nou gen tèt di, jan nou pa vle koute. Si koulye a, pandan mwen vivan ankò nan mitan nou an, nou te kenbe tèt ak Seyè a konsa, lè m'a mouri menm se va pi rèd. 28Sanble bò kote m' tout chèf fanmi nou yo ak tout chèf branch fanmi nou yo pou m' fè yo tande pawòl sa yo. Mwen pral pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen sa mwen pral di nou la a. 29Paske mwen konnen, lè m'a mouri, nou pral lage kò nou nan fè move bagay, nou pral kite chemen mwen te louvri devan nou an. Lè sa a, malè pral tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal nan je Seyè a, nou te eksite kòlè li avèk tout move bagay nou t'ap fè yo. 30Lè sa a, Moyiz pran resite byen fò tout chante sa a, depi nan konmansman jouk li bout, devan tout moun pèp Izrayèl yo ki te reyini pou yo te ka tande sa l'ap di a.

Deteronòm 32

1Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral soti nan bouch mwen! 2Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant yo, tankou yon ti lapli nò k'ap tonbe sou zèb gazon. 3Mwen pral fè lwanj Seyè a! Rekonèt jan Bondye nou an gen pouvwa! 4Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis. 5Se yo menm, pèp li a, ki pa kenbe pawòl yo, bagay yon bon pitit Bondye pa ta janm fè. Se yon bann mechan k'ap mache twonpe moun. 6Se konsa nou di Seyè a mèsi pou sa l' fè pou nou, bann moun fou san konprann? Se pa li ki papa nou? Se pa li ki kreye nou? Se pa li ki fè nou sa nou ye a? Se pa li ki ban nou lavi? 7Chonje tan lontan! Repase tèt nou sou tan lontan! Mande papa nou pou li di nou sak te pase. Mande granmoun lontan yo rakonte nou istwa tan lontan. 8Lè Bondye ki anwo nan syèl la t'ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo, lè li t'ap bay kote pou chak moun rete sou latè, li fikse fwontyè tout peyi dapre kantite moun li te mete sou latè. 9Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l' la menm. 10Li te jwenn yo nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l', li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li. 11Tankou malfini k'ap moutre pitit li vole, Seyè a ap plane anwo pitit li yo. Li louvri zèl li yo pou li ka pran swen yo, li pote yo sou do l' pou yo pa tonbe. 12Seyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l'. 13Li fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a. Li fè yo manje grenn bwa nan savann. Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè. Pye oliv yo donnen nan wòch karyann. 14Bèf yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite. Y'a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit. Y'a manje pi bon kalite farin frans, y'a bwè ji rezen pou diven. 15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a. 16Y' al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Seyè a fè jalouzi, y' al fè sa ki mal, yo fè l' fè kòlè. 17Y' al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pa t' janm konnen anvan, lòt bondye ki fèk parèt, bondye zansèt yo pa t' janm gen krentif. 18Yo bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a. Yo pa chonje Bondye ki te fè yo, Bondye ki te ba yo lavi a. 19Lè Seyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l' yo ak sou pitit fi l' yo! 20Li di: mwen pral vire do m' ba yo. M'a wè sa ki pral rive yo. Se yon bann moun ki plen vis, yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt. 21Yo fè m' fè jalouzi, y' al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m' fè kòlè, y' al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann. 22Lè m' an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo. 23M'ap fè yon seri malè tonbe sou yo. M'ap voye tout flèch mwen yo sou yo. 24Y'a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo. Move maladi va minen yo. M'a voye bèt nan bwa atake yo. M'a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo. 25Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p'ap chape. 26Mwen te di mwen tapral detwi yo nèt, pou pesonn pa janm chonje yo ankò sou latè. 27Men, mwen pa ta vle kite lènmi yo pran pye sou yo. Mwen pa ta renmen pou moun ki pa vle wè m' yo mete nan tèt yo se yo menm ak fòs kouraj yo ki fè sa, pou yo pa di: Seyè a pa gen anyen pou l' wè nan sa. 28Pèp Izrayèl la, se yon pèp ki pèdi bonnanj yo. Yo pa gen konprann. 29Si yo te gen konprann, yo ta louvri je yo, yo ta wè sa ki pral rive yo. 30Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo. 31Lènmi yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la. 32Ou ta di se menm ras moun Sodòm ak Gomò yo ye. Yo tankou pye rezen k'ap donnen rezen anmè, rezen ki plen pwazon. 33Diven yo tankou pwazon nan bouch sèpan, venen nan bouch sèpan aspik k'ap touye moun frèt. 34Seyè a konnen tou sa lènmi te fè pèp la. L'ap tann lè a rive pou l' pini yo. 35Se Seyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive. 36Seyè a pral pran defans pèp li a, lè l'a wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l' yo, lè l'a wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyò. 37Lè sa a, Seyè a va mande: -Kote bondye yo a, sa ki te konn pwoteje yo a? bondye yo te konn al jwenn pou pran defans yo a? 38Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo? Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lòtèl yo? Se pou yo vin koulye a, se pou yo vin delivre nou! Se pou yo kouri vin pwoteje nou! 39Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen. 40Men m'ap leve men m' anlè, mwen fè sèman: Menm jan nou wè m' vivan pou tout tan an, 41lè m'a file bèl nepe klere mwen an, lè m'a soti pou m' rann jistis, m'a tire revanj mwen sou lènmi m' yo, m'a bay moun ki pa vle wè m' yo sa yo merite. 42Flèch mwen yo pral tranpe nan san, nan san moun blese yo ak san prizonye yo. Nepe mwen ap koupe moun san gad dèyè, l'ap koupe tèt tout chèf lènmi yo. 43Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Seyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l' yo. L'a bay moun ki pa vle wè l' yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a. 44Moyiz ak Jozye, pitit gason Noun lan, te repete tout pawòl chante sa a byen fò pou tout pèp la te tande. 45Lè Moyiz fin bay pèp Izrayèl la tout pawòl sa yo, 46li di yo konsa: -Se pou nou koute tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Y'a sèvi m' temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n'a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a. 47Paske, se pa pawòl nou ka pran konsa konsa. Se lavi yo ye pou nou. Se yo menm k'ap fè nou viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an. 48Menm jou sa a, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 49-Ale nan chenn mòn Abarim yo, ki nan peyi Moab anfas lavil Jeriko a. Moute sou mòn Nebo. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade, w'a wè peyi Kanaran an, peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo pou yo rete a. 50Ou pral mouri sou mòn kote ou pral moute a, ou pral jwenn moun pa ou yo ki deja mouri, menm jan sa te rive Arawon, frè ou la, ki te mouri sou mòn Or la, epi ki te al jwenn moun pa l' yo ki deja mouri. 51Nou tou de, nou pa t' fè sa m' te di nou fè devan pèp Izrayèl la, lè yo te bò sous dlo Meriba yo, bò lavil Kadès, nan dezè Zin lan. Nou te manke m' respe devan tout pèp Izrayèl la. 52Se poutèt sa, w'a rete byen lwen, w'a wè peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo anba nan pye ou. Men ou menm, ou p'ap mete pye ou ladan l'.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain