Jou 4 sou 365

Jenèz 13–17

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jenèz 13

1Abram kite peyi Lejip, li moute nan nò, li tounen nan rejyon Negèv la, ansanm ak madanm li avèk tout sa li genyen. Lòt, neve l' la, te avèk li tou. 2Abram te rich anpil, li te gen anpil mouton, anpil kabrit ak anpil bèf, li te gen anpil lajan ak anpil lò. 3Li vwayaje toujou jouk li kite Negèv la dèyè. Bout pou bout li rive bò Betèl, kote li te moute tant li anvan an, ant lavil Betèl ak lavil Ayi. 4Li tounen kote li te moute yon lotèl premye fwa a. Li fè sèvis pou Bondye ankò. 5Lòt menm, neve ki t'ap vwayaje ansanm avèk Abram lan, te gen mouton ak bèf pa l' tou. Li te gen moun tout avèk li. 6Peyi a te vin twò piti pou yo de a rete ansanm, paske yo te gen twòp zannimo pou bay manje. 7Se konsa, te vin gen yon kabouyay ant gadò mouton Abram yo ak gadò mouton Lòt yo. Lè sa a, se moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo ki te rete nan peyi a. 8Abram di Lòt konsa. Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m' yo. 9Men tout peyi a devan nou! Ann separe. Si ou fè bò dwat, m'ap fè bò gòch. Si ou fè bò gòch, m'ap fè bò dwat. 10Lòt voye je l' toupatou, li gade plenn Jouden an byen gade. tout plenn lan, rive jouk Zoa, te wouze nèt ale. Jaden yo te tankou jaden Seyè a, tankou nan peyi Lejip. (Lè sa a, Seyè a pa t' ankò disparèt lavil Sodòm ak Gomò.) 11Lòt chwazi plenn Jouden an pou li. Li pati nan direksyon solèy leve. Se konsa de mesye yo te separe. 12Abram rete nan peyi Kanaran. Lòt menm al moute kay li nan mitan lavil yo ki te nan plenn lan. Li moute kay li bò lavil Sodòm. 13Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a. 14Lè Lòt fin ale, Seyè a di Abram konsa. Kanpe kote ou ye a, voye je ou toupatou, nan tout direksyon: nò, sid, lès, lwès, 15paske mwen pral ba ou tout tè ou wè a pou ou ak pou pitit pitit ou yo pou tout tan. 16Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou. 17Bon. Koulye a, ou mèt pwonmennen mache nan tout peyi a, paske se ou menm mwen pral bay li. 18Se konsa, Abram ranmase tout zafè l', li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Seyè a.

Jenèz 14

1Lè sa a, Anmrafèl te wa Chenea, Ajòk te wa Elaza, Kedòlaòmè te wa Elam, Tideal te wa lòt nasyon yo. 2Yo kat yo leve, y al fè lagè ak senk lòt wa. Bera ki te wa Sodòm, Bicha ki te wa Gomò, Cheneab ki te wa Adma, Chemebè ki te wa zeboyim yo, ak wa peyi Bela a. Peyi sa a te rele Zoa tou. 3Senk wa sa yo mete tèt yo ansanm, yo reyini nan Fon Sidim lan kote lanmè Sèl la ye a. 4Pandan douzan, senk wa sa yo te soumèt devan Kedòlaòmè. Lanne ki fè yo trèzan an, yo revòlte. 5Lanne apre sa, ki pou ta fè yo katòzan nan pozisyon sa a, Kedòlaòmè ansanm ak twa wa ki te mete tèt ansanm ak li yo vin rive. Yo bat refayim yo nan lavil Astawòt-Kanayim, yo bat zouzim yo nan lavil Am, yo bat emim yo nan laplenn Chave-Kiryatayim. 6Yo bat orit yo sou mòn Seyi, jouk bò kote pye bwadchenn Paran an, ki toupre dezè a. 7Apre sa, yo kase tèt tounen, yo rive bò Sous jijman an, yo bat tout chèf moun Amelèk yo, yo pran tout bèt yo. Yo bat moun Amori yo tout ki rete Azazon-Tama, yo bat yo byen bat. 8Lè sa a, wa Sodòm, wa Gomò, wa Adma, wa zeboyim ansanm ak wa Bela a, yo soti, yo pran pozisyon nan Fon Sidim lan pou yo goumen 9kont Kedòlaòmè, wa Elam, Tideal, wa lòt nasyon yo, Anmrafèl, wa Chenea ak Ajòch, wa Elaza. Sa te fè kat wa kont senk wa. 10Nan Fon Sidim lan te gen anpil twou byen fon ki te plen asfat. Pandan batay la, wa Sodòm ak wa Gomò yo pran kouri pou lènmi yo, yo te vle wete kò yo nan batay la, yo tonbe nan twou asfat yo. Lòt wa yo menm kouri al kache nan mòn. 11Kat wa yo pran tout sa yo jwenn nan Sodòm ak Gomò, ata pwovizyon manje, epi y al fè wout yo. 12Yo pase men yo yo pran Lòt, pitit frè Abram lan, ansanm ak tout byen l' yo, paske se Sodòm Lòt te rete. 13Men, yonn nan mesye ki te chape nan batay la vin di Abram sa. Lè sa a, Abram te rete toupre pye bwadchenn Manmre a. Manmre sa a, se te yon moun Amori. Se te frè Echkòl ak Ane. tout de mesye sa yo te pase kontra avèk Abram. 14Lè Abram vin konnen yo te fè neve l' la prizonye, li sanble tout domestik ki te fèt lakay li yo epi ki te konn goumen. Li pran twasandizwit (0318) antou. Epi li file dèyè wa yo jouk lavil Dann. 15La, yon jou lannwit, li separe mesye li yo, li fè yo fè de gwoup, epi li atake lènmi yo. Li bat yo byen bat, li kouri dèyè yo jouk yo rive Oba, ki sou bò nò lavil Damas. 16Li reprann tout byen yo te pran yo, li mennen Lòt, neve li a, tounen lakay li ansanm ak tout byen l' yo, tout medam yo ak tout pèp la. 17Apre Abram te fin kraze Kedòlaòmè ansanm ak tout lòt wa ki te fè tèt ansanm ak Kedòlaòmè yo, li t'ap tounen lakay li. Wa Sodòm lan vin rankontre l' nan Fon Chave a ki rele Fon Wa a tou. 18Mèlkisedèk menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen ak diven vini. Se yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye. 19Li beni Abram, li di. Se pou Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, beni Abram. 20Lwanj pou Bondye ki anwo nan syèl la. Se li menm ki te lage lènmi ou yo nan men ou. Apre sa, Abram ba li yon dizyèm nan tout sa li te pran. 21Lèfini, wa Sodòm lan di Abram. Ou mèt gade tout byen yo pou ou. Men ban mwen moun yo sèlman. 22Abram reponn wa Sodòm lan, li di l'. Mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, 23mwen p'ap pran anyen nan sa ki pou ou, li te mèt yon ti moso fil, yon kòd sapat. Konsa, ou p'ap janm ka di se ou menm ki fè Abram rich. 24Mwen pa bezwen anyen pou tèt pa m'. Men, m'ap asepte sa moun mwen yo te manje, ansanm ak pòsyon ki pou moun ki te mache avè m' yo. Wi, se pou Ane, Echkòl ak Manmre pran sa ki vin pou yo a.

Jenèz 15

1Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t'ap pale avè l'. Seyè a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou. 2Abram di. Seyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tout fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m', se Elyezè, moun peyi Damas la. 3Abram di ankò. Gade! Ou pa ban m' pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m'. 4Lè sa a, li tande Seyè a ki di l' konsa. Non, se pa li menm ki pral eritye ou. Se pwòp pitit zantray ou ki pral eritye ou. 5Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la. 6Abram mete konfyans li nan Seyè a, se konsa Seyè a fè l' gras. 7Seyè a di. Se mwen menm, Seyè a, ki te fè ou soti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m' te ka ba ou peyi sa a pou ou. 8Abram di. Seyè, Bondye, kijan pou m' fè konnen peyi sa a pou mwen vre? 9Seyè a di l'. Pran yon ti gazèl bèf twazan, yon fenmèl kabrit twazan, yon belye twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon. 10Abram al pran tout bèt sa yo, li koupe yo mitan pou mitan, li mete moso yo yonn anfas lòt. Men, li pa koupe zwazo yo an de. 11Chak fwa malfini karanklou vin pou desann sou vyann bèt yo, Abram pouse yo ale. 12Solèy tapral kouche lè dòmi vòlè Abram. Li dòmi nèt ale. Epi yon sèl lapèz pran l' nan dòmi an. Kote l' te ye a vin fè tout nwa. 13Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (0400 an). 14Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avèk anpil anpil richès. 15Kanta ou menm, ou pral mouri ak kè poze, ou pral jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Wi, anvan ou antre anba tè, wa viv lontan san ankenn pwoblèm. 16Apre kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dènye bout mechanste yo. 17Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tout limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo. 18Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la. 19Sa vle di tout peyi kote moun Keni yo, moun Kenizi yo, moun Kadmon yo, 20moun Et yo, moun Ferezi yo, moun refayim yo, 21moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.

Jenèz 16

1Sarayi, madanm Abram, pa t' janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga. 2Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l' la. 3Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gen tan gen dizan nan peyi Kanaran. 4Abram kouche ak Aga. Aga vin ansent. Lè Aga wè li ansent, lògèy vire tèt li, li pa gade Sarayi, metrès li, pou anyen ankò. 5Lè sa a, Sarayi di Abram. Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m' pou anyen ankò. Se Seyè a ki pou jije m' avè ou. 6Abram reponn Sarayi, li di l'. Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gen dwa fè sa ou vle avè l'. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li. 7Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la. 8Li di l' konsa. Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti la a? Kote ou prale? Aga reponn. M'ap kouri pou Sarayi, metrès mwen. 9Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li. 10Zanj lan di l' ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo. 11Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a. 12Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li. 13Aga di nan kè l'. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m' lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l': Ou se Bondye ki wè m' lan. 14Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m' lan. 15Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl. 16Abram te gen katrevensizan lè Aga te fè Izmayèl.

Jenèz 17

1Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch. 2M'ap pase yon kontra avè ou, m'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. 3Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l' ankò, li di l'. 4-Men kontra m'ap pase avè ou la. W'ap zansèt moun anpil nasyon. 5Yo p'ap rele ou Abram ankò. Men y'a rele ou Abraram, paske m'ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. 6M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Y'ap tounen kantite nasyon. Anpil wa ap soti nan ras ou. 7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou. 8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout. 9Bondye di Abraram. Men ou menm ansanm ak tout ras ou, de pitit an pitit, se pou nou dakò pou nou kenbe kontra a avèk mwen. 10Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi. 11Depi koulye a, se pou nou sikonsi tout gason. Se pou sa sèvi yon siy pou moutre gen yon kontra ki pase ant nou menm avè m'. 12Se pou nou sikonsi tout gason wit jou apre yo fèt, li te mèt pitit moun lakay la, osinon pitit moun lòt nasyon ou pran pou travay lakay ou. 13Wi, se pou yo tout yo sikonsi, kit yo fèt lakay ou, kit yo fèt nan peyi etranje. Se va yon mak nan kò nou pou fè wè kontra mwen pase avèk nou an, se yon kontra ki la pou tout tan. 14Si yon gason pa sikonsi, se pou yo disparèt li nan ras la, paske li pa t' kenbe kontra mwen fè ak nou an. 15Apre sa, Bondye di Abraram. Sarayi, madanm ou, p'ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y'a rele l' Sara. 16M'ap beni madanm ou, m'ap fè l' ba ou yon pitit gason. M'ap beni l', m'ap fè l' tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa. 17Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l' chonje jan l' fin granmoun. Li t'ap di nan kè l'. Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent? 18Li di Bondye. Tanpri, beni Izmayèl. Pa kite l' mouri! 19Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan. 20Ou mande m' pou m' pwoteje Izmayèl pou ou! M'ap fè l' pou ou! M'ap beni l', m'ap ba li anpil pitit ak anpil pitit pitit. Gen douz chèf k'ap soti nan fanmi li. M'ap fè pitit li yo tounen yon gwo nasyon. 21Men, m'ap kenbe kontra mwen an avèk Izarak, pitit gason Sara pral fè pou ou a. L'ap fèt lanne k'ap vini an, lè konsa. 22Lè Bondye fin pale avèk Abraram, li kite l', li moute nan syèl. 23Jou sa a Abraram pran Izmayèl, pitit gason li an, ak tout gason ki t'ap travay lakay li, kit yo te fèt nan kay la, kit se moun lòt nasyon li te pran pou sèvi l', li sikonsi yo tout menm jou a, jan Bondye te pase l' lòd la. 24Abraram poutèt pa l' te gen katrevendiznèvan lè l' te sikonsi. 25Izmayèl, pitit gason l' lan, te gen trèzan lè l' te sikonsi. 26Yo tout de, yo sikonsi yo menm jou 27ansanm ak tout domestik ki te lakay li, kit yo te fèt la, kit se achte li te achte yo nan men moun lòt nasyon yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain