Jou 48 sou 365

Resansman 25–26

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Resansman 25

1Pèp Izrayèl la vin moute tant yo nan Fon Zakasya yo. Lè sa a, mesye yo konmanse lage kò yo nan vagabondaj ak fanm peyi Moab yo. 2Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo. 3Se konsa pèp Izrayèl la pran sèvi Baal-Peyò. Sa te fè Seyè a ankòlè anpil sou moun pèp Izrayèl yo. 4Seyè a di Moyiz konsa: -Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò. 5Moyiz di chèf ki te reskonsab pèp la: -Se pou nou chak nou touye tout gason nan moun nou yo ki te al sèvi Baal-Peyò. 6Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la. 7Lè Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, wè sa, li leve, li kite moun yo kote yo te reyini an, li pase men l', li pran yon frenn. 8Li swiv nonm lan ak fanm lan anba tant lan, epi li pèse tou de, ni nonm lan ni fanm lan, ak frenn lan anba ti vant yo. Lamenm, epidemi ki t'ap ravaje pèp la sispann. 9Te gen vennkatmil (024.000) moun ki te gen tan mouri nan epidemi an. 10Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 11-Se Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit gason Arawon prèt la, ki te fè m' sispann ankòlè sou pèp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa t' ka sipòte wè yon moun nan pèp Izrayèl la kite m' pou l' al sèvi yon lòt bondye. Se poutèt sa, atout mwen t'ap fè jalouzi a, mwen pa fin touye tout pèp la nèt. 12Men sa pou ou di Fineas pou mwen: m'ap siyen yon kontra avè l' ki pou ba li kè poze. 13M'ap mete li, li menm ak tout ras fanmi l' apre li, pou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Paske li te fè m' wè jan li pa t' tolere moun sèvi lòt bondye pase mwen. Se konsa li fè m' padonnen sa pèp la te fè ki mal la. 14Nonm pèp Izrayèl ki te mouri ansanm ak fanm peyi Madyan an te rele Zimri. Se te pitit gason Salou, chèf nan branch fanmi Simeyon an. 15Fanm peyi Madyan yo te touye a te rele Kozbi. Se te pitit fi Sou, ki li menm te chèf yon branch nan fanmi moun Madyan yo. 16Lè sa a, Seyè a pale ak Moyiz, li di l': 17-Al atake moun Madyan yo. Bat yo byen bay. 18Paske se yo menm ki te atake nou anvan ak malefis yo te voye sou nou nan zafè Peyò a, ak nan zafè Kozbi a, pitit fi chèf peyi Madyan an, moun menm ras ak yo a, fanm yo te touye lè epidemi te tonbe sou nou nan peyi Peyò a.

Resansman 26

1Apre epidemi an, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, li di yo konsa: 2-Nou pral fè resansman tout moun pèp Izrayèl la, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, chak fanmi apa, dapre zansèt yo. W'a pran non tout gason nan pèp Izrayèl la ki bon pou fè lagè. 3Se konsa, antan pèp la nan plenn peyi Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ba yo lòd 4pou tout gason ki gen ventan osinon ki pi gran vin bay non yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. Men moun pèp Izrayèl la ki te soti kite peyi Lejip: 5Nan branch fanmi Woubenn, premye pitit gason Izrayèl la, te gen fanmi moun Enòk yo, fanmi moun Palou yo, 6fanmi moun Ezwon yo ak fanmi moun Kami yo. 7Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Woubenn lan. Lè resansman an, yo te jwenn karanntwamil sètsantrant (043.730) gason nan branch fanmi sa a. 8Palou te papa Eliyab. 9Eliyab te papa Nemwèl, Datan ak Abiram. Se Datan ak Abiram sa yo, de nèg moun yo te konsidere anpil, ki te revòlte kont Moyiz ak Arawon. Yo te fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a. 10Lè sa a, tè a te louvri, li vale yo, epi yo mouri ansanm ak Kore ak tout bann moun li yo. Jou sa a, dife te boule desansenkant (0250) moun. Se te yon avètisman pou pèp la. 11Men, pitit gason Kore yo pa t' mouri lè sa a. 12Men pitit gason Simeyon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Nemwèl yo, fanmi moun Yamen yo, fanmi moun Yakim yo, 13fanmi moun Zera yo ak fanmi moun Sayil yo. 14Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Simeyon an. Lè resansman an, te gen venndemil desan (022.200) gason nan branch fanmi sa a. 15Men pitit gason Gad yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Sefon yo, fanmi moun Agi yo, fanmi moun Chouni yo, 16fanmi moun Ozni yo, fanmi moun Eri yo, 17fanmi moun Awòd yo, fanmi moun Areli yo. 18Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Gad la. Lè resansman an, te gen karantmil senksan (040.500) gason nan branch fanmi sa a. 19Men pitit gason Jida yo. Te gen Er ak Onan, men yo tou de mouri nan peyi Kanaran san kite pitit. 20Apre yo, te gen Chela, Perèz ak Zirak, ki bay yo chak yon kòt fanmi. 21Perèz te gen de pitit gason. Yo chak bay yon fanmi apa. Se te fanmi Eswon an ak fanmi Amoul lan. 22Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Jida a. Lè resansman an, te gen swasannsèzmil senksan (076.500) gason nan branch fanmi sa a. 23Men pitit gason Isaka yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Tola yo, fanmi moun Pouva yo, 24fanmi moun Yachoub yo, fanmi moun Chimwon yo. 25Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Isaka a. Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil twasan (064.300) gason nan branch fanmi sa a. 26Men pitit gason Zabilon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Serèd yo, fanmi moun Elon yo, fanmi moun Yaleyèl yo. 27Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Zabilon an. Lè resansman an, yo te jwenn swasantmil senksan (060.500) gason nan branch fanmi sa a. 28Jozèf te gen de pitit gason: Manase ak Efrayim. 29Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo. 30Galarad te fè sis pitit gason, yo chak bay yon branch fanmi. Te gen fanmi moun Yezè yo, fanmi moun Elèk yo, 31fanmi moun Asriyèl yo, fanmi moun Sichèm yo, 32fanmi moun Chemida yo, fanmi moun Efè yo. 33Men Zelofeyad, pitit gason Efè a, pa t' gen pitit gason. Se annik pitit fi li te genyen. Men non yo: Se te Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tisa. 34Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Manase a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanndemil sètsan (052.700) gason nan branch fanmi sa a. 35Men pitit gason Efrayim yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Choutela yo, fanmi moun Bekè yo, fanmi moun Tayan yo. 36Choutela poutèt pa l' te gen yon pitit gason. Se te Eran ki bay yon fanmi apa. 37Se tout moun sa yo ki te nan branch Efrayim lan. Lè resansman an, yo te jwenn tranndemil senksan (032.500) gason nan branch fanmi sa a. 38Men pitit gason Benjamen yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Bela yo, fanmi moun Achbèl yo, fanmi moun Ayiram yo, 39fanmi moun Choufan yo ak fanmi moun Oufam yo. 40Bela pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan branch fanmi an ankò. Se te Ad ak Naaman. 41Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Benjamen an. Lè resansman an, yo te jwenn karannsenkmil sisan (045.600) gason nan branch fanmi sa a. 42Men pitit gason Dann lan ak tout kòt fanmi l'. Se te fanmi moun Chwanm yo. Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Dann lan. 43Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil katsan (064.400) gason nan branch fanmi sa a. 44Men pitit gason Asè yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Imna yo, fanmi moun Ichvi yo ak fanmi moun Berya yo. 45Berya pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan fanmi an ankò: Se te Ebè ak Malkiyèl. 46Asè te gen yon pitit fi yo te rele Sera. 47Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Asè a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanntwamil katsan (053.400) gason nan branch fanmi sa a. 48Men pitit gason Neftali yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Yazeyèl yo, fanmi moun Gouni yo, 49fanmi moun Yesè yo ak fanmi moun Chilèm yo. 50Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Neftali a, fanmi pa fanmi. Lè resansman an, yo te konte karannsenkmil katsan (045.400) gason nan fanmi sa yo. 51Konsa, te gen antou sisan enmil sètsantrant (0601.730) gason nan tout pèp Izrayèl la. 52Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 53-Nou pral separe peyi a bay chak fanmi pòsyon pa yo dapre kantite gason yo jwenn nan chak. 54Fanmi ki gen anpil gason va resevwa yon pi gwo pòsyon. Fanmi ki pa gen anpil gason va resevwa yon pi piti pòsyon. Chak fanmi va resevwa yon pòsyon dapre kantite gason ki gen ladan l'. 55Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l' dapre kantite moun yo te konte nan chak. 56Y'a tire osò pou yo separe bay chak branch fanmi pòsyon pa yo: yon gwo pòsyon pou chak branch fanmi ki anpil, yon ti pòsyon pou chak branch fanmi ki pa anpil. 57Men, nan branch fanmi Levi a, men moun yo te konte dapre fanmi yo. Te gen fanmi Gèchon an, fanmi Keyat la ak fanmi Merari a. 58Men lòt fanmi Levi yo: moun Libni yo, moun Ebwon yo, moun Makli yo, moun Mouchi yo ak moun Kore yo. Keyat te papa Amram. 59Madan Amram te rele Yokebèd. Se te yon pitit fi Levi. Li te fèt nan peyi Lejip. Li te fè twa pitit pou Amram: Arawon, Moyiz ak Miryam, sè yo. 60Arawon te papa kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama. 61Nadab ak Abiyou te mouri lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' dwe ofri. 62Lè resansman an, yo te jwenn nan branch fanmi sa a venntwamil (023.000) gason ki te gen yon mwa depi yo te fèt osinon ki te pi gran. Yo pa t' konte yo ansanm ak rès pèp Izrayèl la, paske yo pa t'ap resevwa okenn pòsyon nan tè ki pou pèp la. 63Men tout moun Moyiz ak Eleaza te konte lè yo t'ap fè resansman moun pèp Izrayèl la nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko. 64Pami yo pa t' gen yonn menm nan sa Moyiz ak Arawon te konte lè yo t'ap fè premye resansman pèp Izrayèl la nan dezè Sinayi a. 65Paske Seyè a te di yo tout gen pou mouri nan dezè a. Yo tout te mouri vre, esepte Kaleb, pitit gason Jefoune a ak Jozye, pitit gason Noun lan.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain