Jou 3 sou 365
Jenèz 9–12
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jenèz 9
1Bondye beni Noe ak pitit li yo, li di yo. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. 2Se pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout. 3Koulye a, nou gen dwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje. 4Tansèlman, se pa pou n' manje vyann ak tout san ladan l', paske san yon bèt se nanm li. 5Konprann sa byen: si yon moun touye nou, m'ap fè l' rann mwen kont. M'ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont. 6Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun gen pou touye l' tou, paske Bondye kreye moun pòtre ak li. 7Nou menm, se pou nou fè pitit, anpil pitit. Gaye kò nou toupatou sou latè, pou pitit nou yo toujou fè anpil pitit tou. 8Bondye pale ankò ak Noe ansanm ak pitit li yo, li di yo: 9-Men m'ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k'ap vin apre nou yo. 10M'ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tout sa ki soti nan batiman an pou peple sou latè ankò. 11Wi, m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m' pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè. 12Bondye di ankò-Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li. 13M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a. 14Chak fwa m'a fè nwaj yo konmanse sanble, lakansyèl la va parèt nan syèl la. 15Lè sa a, m'a chonje kontra mwen te fè avèk nou ansanm avèk tout kalite bèt vivan yo. p'ap janm gen gwo inondasyon ankò ki pou detwi tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. 16Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l', m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè. 17Sa se siy kontra mwen pase ak tout moun ansanm ak tout bèt k'ap viv sou latè. Se konsa Bondye te pale ak Noe. 18Men non pitit Noe yo ki te soti nan batiman an: Sèm, Kam ak Jafè. Kam se te papa Kanaran. 19Se twa pitit Noe sa yo ki peple mete moun sou tout latè. 20Noe se premye moun ki travay latè. Li plante yon jaden rezen. 21Yon jou, apre li te fin bwè diven, li sou. Li wete tout rad sou li, li kouche toutouni anba tant li. 22Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l' toutouni, li ale di de frè l' yo sa. 23Men, Sèm ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l' dèyè do yo, yo kenbe l' anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni. 24Lè Noe soti anba toudisman diven l' lan, yo di l' sa dezyèm pitit gason l' lan te fè l'. 25Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo. 26Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm. 27Se pou Bondye mete sou byen Jafè yo. Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo. Se pou Kanaran tounen esklav yo. 28Apre gwo inondasyon an, Noe viv twasansenkantan (0350 an). 29Lè l' mouri, li te gen nèfsansenkantan (0950 an).
Jenèz 10
1Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè. 2Men pitit gason Jafè yo: Se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras. 3Gomè te fè twa pitit gason. Achkenaz, Rifat ak Togama. 4Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim. 5Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. 6Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. 7Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan. 8Kouch te gen yon lòt pitit gason yo te rele: Nimwòd. Nimwòd sa a, se premye moun ki te gwo chèf sou latè. 9Se te yon gwo chasè devan Seyè a. Se poutèt sa yo di. Gwo chasè devan Bondye tankou Nimwòd. 10Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea. 11Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak. 12Lèfini, li bati lavil Rezèm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil. 13Mizrayim fè pitit. Se yo ki zansèt moun peyi Lidi, peyi Anan, peyi Leyab ak peyi Naftou, 14peyi Patwous, peyi Kaslou ak peyi Kaftò. Se nan peyi Kaslou sa a moun Filisti yo soti. 15Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et. 16Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach, 17Evi, Aka, Seni, 18Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye. 19Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha. 20Se tout pitit ak pitit pitit Kam yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. 21Sèm te gran frè Jafè. Li te gen anpil pitit tou. Se li ki te zansèt tout pitit Ebè yo. 22Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram. 23Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach. 24Se Apachad ki te papa Chelak. Chelak menm te papa Ebè. 25Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske se nan tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Yo te rele frè l' la Joktan. 26Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azmavèt, Jerak, 27Adoram, Ouzal, Dikla, 28Obal, Abimayèl, Seba, 29Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye. 30Tè kote yo t'ap viv la te pran depi lavil Mecha, li moute kote lavil Sefa, jouk mòn ki bò kote solèy leve a. 31Se tout pitit ak pitit pitit Sèm yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. 32tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo.
Jenèz 11
1Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt. 2Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete. 3Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. 4Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè. 5Seyè a desann pou l' wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a. 6Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle. 7Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di. 8Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la. 9Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè. 10Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (0100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad. 11Apre sa, li viv senksanzan (0500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 12Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela. 13Apre sa, li viv katsantwazan (0403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 14Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè. 15Apre sa, li viv katsantwazan (0403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 16Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg. 17Apre sa, li viv katsantrantan (0430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 18Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou. 19Apre sa, li viv desannevan (0209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 20Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug. 21Apre sa, li viv desansetan (0207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi. 22Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò. 23Apre sa, li viv desanzan (0200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 24Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak. 25Apre sa, li viv sandiznevan (0119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 26Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran. 27Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt. 28Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la. 29Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska. 30Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit. 31Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. 32Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (0205 an).
Jenèz 12
1Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m'a moutre ou la. 2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun. 3M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon. 4Abram pati jan Seyè a te di l' la. Lòt pati ansanm avè l' tou. Abram te gen swasannkenzan lè li kite Karan. 5Abram pran Sarayi, madanm li, Lòt, pitit frè li a, ansanm ak tout byen li te genyen ak tout domestik li te gen avè l' nan lavil Karan, yo tout yo pati pou Kanaran. Yo rive nan peyi a. 6Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a. 7Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l'. Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an. 8Apre sa, li pati ankò, li ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Seyè a la tou, epi li fè sèvis pou li. 9Li vwayaje toujou, li desann nan direksyon sid, bout pou bout jouk li rive nan rejyon Negèv la. 10Men, grangou tonbe sou peyi a, pa t' gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan. 11Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li. Koute non. Ou se yon bèl fanm. 12Lè gason nan peyi Lejip yo wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m' pou yo sa pran ou nan men m'. 13Tanpri, di yo se sè mwen ou ye pou yo pa touye m', pou yo ka aji byen avè m' poutèt ou. 14Se konsa, rive Abram rive nan peyi Lejip, mesye yo gen tan wè jan Sarayi te yon bèl fanm. 15Kèk grannèg nan gouvènman an wè sa tou, y al di farawon an jan li te bèl. Epi yo mennen Sarayi nan palè a. 16Poutèt Sarayi, farawon an te aji byen ak Abram. Li ba li kantite mouton, kabrit, bèf, bourik, chamo, san konte esklav, fanm kou gason, pou sèvi l'. 17Men, paske farawon an te pran Sarayi, madanm Abram, pou madanm li, Seyè a voye yon bann move maladi sou li ak sou moun ki te nan palè a. 18Lè sa a, farawon an fè rele Abram, li di li. Kisa ou fè m' konsa? Poukisa ou pa t' di m' se madanm ou Sarayi ye? 19Poukisa ou te di m' se sè ou li ye? Mwen pa ta janm pran l' pou madanm mwen. Monchè, men madanm ou. Pran l', al fè wout ou. 20Farawon an pase moun li yo lòd pou fè Abram pati kite peyi a, li menm ansanm ak madanm li avèk tout sa ki te pou li.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
