Jou 38 sou 365

Resansman 1–2

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Resansman 1

1Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa: 2-Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W'a pran non tout gason, yonn apre lòt. 3N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize. 4N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou. 5Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou. 6Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi. 7Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab. 8Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa. 9Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon. 10Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou. 11Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni. 12Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi. 13Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran. 14Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl. 15Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan. 16Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo. 17Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo, 18yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, 19dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la. 20Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. 21Yo jwenn karannsimil senksan (046.500) gason pou branch fanmi Woubenn lan. 22Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an, 23yo jwenn senkantnèfmil twasan (059.300) gason. 24Pou branch fanmi Gad la, 25yo jwenn karannsenkmil sisansenkant (045.650) gason. 26Pou branch fanmi Jida a, 27yo jwenn swasannkatòzmil sisan (074.600) gason. 28Pou branch fanmi Isaka a, 29yo jwenn senkannkatmil katsan (054.400) gason. 30Pou branch fanmi Zabilon an, 31yo jwenn senkannsètmil katsan (057.400) gason. 32Pou branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, 33yo jwenn karantmil senksan (040.500) gason. 34Pou branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, 35yo jwenn tranndemil desan (032.200) gason. 36Pou branch fanmi Benjamen an, 37yo jwenn trannsenkmil katsan (035.400) gason. 38Pou branch fanmi Dann lan, 39yo jwenn swasanndemil sètsan (062.700) gason. 40Pou branch fanmi Asè a, 41yo jwenn karanteyenmil senksan (041.500) gason. 42Pou branch fanmi Neftali a, 43yo jwenn senkanntwamil katsan (053.400) gason. 44Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t'ap ede yo nan travay la. 45Pou tout branch fanmi yo ansanm, 46yo jwenn sisantwamil senksansenkant (0603.550) gason. 47Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo, 48paske Seyè a te di Moyiz konsa: 49-Ou pa bezwen fè resansman branch fanmi Levi a. Ou pa bezwen konte moun fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo. 50Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a. 51Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'. 52Lòt moun pèp Izrayèl yo menm va moute tant yo apa, chak fanmi ansanm bò làbanyè yo, dapre pozisyon yo nan lame a. 53Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a. 54Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo te fè l' vre.

Resansman 2

1Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 2-Lè moun pèp Izrayèl yo va rive yon kote pou yo rete, chak moun va moute tant yo toupre làbanyè yo, anba ti drapo branch fanmi zansèt yo. Y'a moute tant yo devan ak sou kote Tant Randevou a, men pa twò pre l'. 3Tout moun k'ap mache anba làbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a. 4Dapre resansman an, te gen swasannkatòzmil sisan (074.600) gason nan divizyon sa a. 5Moun Isaka yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Jida a yo. Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te chèf fanmi yo a. 6Dapre resansman an, te gen senkannkatmil katsan (054.400) gason nan divizyon sa a. 7Moun Zabilon yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Jida yo. Se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te chèf fanmi yo a. 8Dapre resansman an, te gen senkannsètmil katsan (057.400) gason nan divizyon sa a. 9Konsa, anba làbanyè Jida a, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sankatrevensimil katsan (0186,400) gason. Se toujou yo menm ki pou mache devan lè y'ap deplase. 10Tout moun k'ap mache anba làbanyè Woubenn yo va moute kan yo sou bò sid, chak divizyon apa. Se Elisou, pitit gason Chedeyou a, ki te chèf fanmi Woubenn lan. 11Dapre resansman an, te gen karannsimil senksan (046.500) gason nan divizyon sa a. 12Moun Simeyon yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Woubenn yo. Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te chèf fanmi yo a. 13Dapre resansman an, te gen senkannèfmil twasan (059.300) gason nan divizyon sa a. 14Moun Gad yo va rete sou menm bò a, agoch moun Woubenn yo. Se Elyasaf, pitit gason Reouyèl la, ki te chèf fanmi yo a. 15Dapre resansman an, te gen karannsenkmil sisan (045.600) gason nan divizyon sa a. 16Konsa, anba làbanyè Woubenn lan te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkanteyenmil katsansenkant (0151.450) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an dezyèm pozisyon lè y'ap deplase. 17Lè tout moun ap deplase, y'a mache nan menm pozisyon yo mete yo lè y'ap moute kan yo, anba làbanyè yo: de divizyon devan, de divizyon dèyè ak fanmi Levi yo nan mitan ap pote Tant Randevou a. 18Tout moun k'ap mache anba làbanyè Efrayim lan va moute kan yo sou solèy kouche, chak divizyon apa. Se Elichama, pitit gason Amiyoud la, ki te chèf fanmi Efrayin lan. 19Dapre resansman an, te gen karantmil senksan (040.500) gason nan divizyon sa a. 20Moun Manase yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Efrayim yo. Se Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te chèf fanmi yo a. 21Dapre resansman an, te gen tranndemil desan (032.200) gason nan divizyon sa a. 22Moun Benjamen yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Abidan, pitit gason Gideyoni a, ki te chèf fanmi yo a. 23Dapre resansman an, te gen trannsenkmil katsan (035.400) gason nan divizyon sa a. 24Konsa, anba làbanyè Efrayim lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou san witmil san (0108.100) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an twazyèm pozisyon lè y'ap deplase. 25Tout moun k'ap mache anla làbanyè Dann lan va moute kan yo sou bò nò, chak divizyon apa. Se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki te chèf fanmi Dann lan. 26Dapre resansman an, te gen swasanndemil sètsan (062.700) gason nan divizyon sa a. 27Moun Asè yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Dann yo. Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te chèf fanmi yo a. 28Dapre resansman an, te gen karanteyenmil senksan (041.500) gason nan divizyon sa a. 29Moun Neftali yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Ayira, pitit gason Enan an, ki te chèf fanmi yo a. 30Dapre resansman an, te gen senkanntwamil katsan (053.400) gason nan divizyon sa a. 31Konsa, anba làbanyè Dann lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkannsètmil sisan (0157.600) gason. Se toujou yo menm ki pou mache dèyè nèt, chak divizyon anba drapo pa yo. 32Men kantite gason yo te jwenn nan pèp Izrayèl la dapre branch fanmi zansèt yo. Dapre resansman yo te fè a, divizyon pa divizyon, te gen sisantwamil senksansenkant (0603.550) gason antou. 33Men yo pa t' konte moun branch fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. 34Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo moute kan yo, chak divizyon apa, anba làbanyè pa yo. Lè y'ap deplase, yo mache pa divizyon, chak moun ansanm ak branch fanmi zansèt yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain