Jou 364 sou 365

Revelasyon 18–19

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Revelasyon 18

1Apre sa, mwen wè yon lòt zanj desann soti nan sièl la. Li te gen gwo pouvwa nan men li. Li te klere byen bèl, li klere tout latè. 2Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete. 3Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch. 4Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo. 5Paske, peche l' yo fè pil sou pil rive jouk nan sièl la. Bondye chonje tou sa li fè ki mal. 6Se pou n' aji avè l' menm jan li te aji avèk nou. Pou tou sa li fè yo, n'a peye l' de fwa lavalè. Plen gode l' ak yon gwòg de fwa pi fò pase sa l' te pare pou nou an. 7Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn. 8Se poutèt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mèt ki gen pouvwa. 9Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l' la. 10Y'a rete byen lwen tèlman yo pral pè l' y'a wè jan li pral soufri a. Y'a di konsa: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Ou menm Babilòn, lavil ki fò a, yon sèl moman kont pou peni ou! 11Kòmèsan latè yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pa t' gen pesonn ankò pou achte machandiz yo: 12lò, ajan, bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè violèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asie, an fè ak an mab, 13kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun. 14Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò! 15Kòmèsan ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye, 16y'a di: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè violèt, twal fin koulè wouj! Pou jan l' te chaje ak bijou an lò, ak bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl! 17Yon sèl moman kont pou l' te pèdi tout richès sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen. 18Lè yo wè lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele: pa t' gen okenn lòt lavil ki te tankou gwo lavil sa a! 19Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l' te genyen! 20Ou menm, sièl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fè nou. 21Lè sa a, yon zanj ki te gwonèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l' nan lanmè a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pesonn p'ap janm wè l' ankò. 22Yo p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metie. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankò. 23Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo. 24Yo peni Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.

Revelasyon 19

1Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li. 2Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l' la. Li peni l' byen peni, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo. 3Yo t'ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan. 4Vennkat granmoun yo ak kat bèt vivan yo tonbe ajenou, yo adore Bondye ki te chita sou fòtèy la. Yo t'ap di: Amèn. Lwanj pou Bondye nou an! 5Yon vwa pale bò kot fòtèy la, li t'ap di: Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi l', nou tout ki gen krentif pou li, piti kou gran! 6Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa. 7Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare. 8Yo ba l' dwa abiye ak twal fen, byen klere, byen pwòp. (Twal fin an, se tout bagay pèp Bondye a te fè ki dwat devan Bondye.) 9Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon. 10Mwen lage kò m' atè pou m' adore li. Men, li di m': Non, pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore. Pawòl Jezi a, se li menm ki nan bouch pwofèt yo. 11Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. 12Je l' yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pesonn dòt pa t' konnen li. 13Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye. 14Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. 15Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. 16Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo. 17Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwezo k'ap vole nan sièl la, li t'ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a. 18vin manje viann wa yo ak viann jeneral yo, viann sòlda yo, viann chwal yo ansanm ak viann kavalie yo, viann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran. 19Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l' la. 20Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la. 21Nepe ki t'ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain