Jou 361 sou 365
Revelasyon 8–11
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Revelasyon 8
1Lè ti Mouton an kase setièm sele a, pandan yon demi (1/2) lè de tan, ou pa t' tande okenn bri nan sièl la. 2Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon. 3Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la. 4Lafimen lansan li t'ap boule a pran moute nan men zanj ki te devan Bondye a, ansanm ak lapriyè pèp Bondye a. 5Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l' ak dife ki te sou lotèl la, li jete l' sou latè. Lè sa a, te gen kout loraj, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè. 6Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen. 7Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè (1/3) nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo. 8Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tiè (1/3) dlo lanmè a tounen san. 9Yon tiè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tiè nan batiman ki sou lanmè a peri. 10Apre sa, twazièm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe soti nan sièl la. Li tonbe sou yon tiè nan tout larivyè ak sous dlo yo. 11Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tiè nan tout dlo yo vin anmè kou fièl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè. 12Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon tiè (1/3) nan solèy la, yon tiè nan lalin lan, ak yon tiè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tiè nan limiè yo konn bay la. Pandan yon tiè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tiè lannwit lan te fè tou nwa. 13Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.
Revelasyon 9
1Apre sa, senkièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen wè yon zetwal soti nan sièl la tonbe sou latè. Yo ba l' kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an. 2Zetwal la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen soti ladan l', tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap soti nan pi a bouche solèy la. Sièl la vin tou nwa. 3Yon bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo mache ale toupatou sou latè. Yo te ba yo menm pouvwa ak eskòpyon. 4Yo te di yo pou yo pa t' fè malè sou okenn zèb, ni sou okenn piebwa ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, sèlman sou moun ki pa t' pote mak letanp Bondye a sou fwon yo. 5Krikèt yo pa t' gen dwa touye moun sa yo. Men, pandan senk mwa yo te gen dwa fè yo soufri. Krikèt yo fè moun yo soufri tankou si se eskòpyon ki te mòde yo. 6Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo. 7Krikèt yo te sanble ak chwal ki pare pou al nan batay. Sou tèt yo chak te gen yon bagay ki sanble ak yon kouwòn lò. Figi yo menm te tankou figi moun. 8Yo te gen cheve sou tèt yo tankou cheve fi. Dan yo menm te tankou dan lyon. 9Sou lestonmak yo, yo te gen yon plak an fè pou pwoteje yo. Lè yo bat zèl yo, yo fè bri tankou yon bann kabwèt chwal ki pral nan batay. 10Yo gen menm ke ak eskòpyon, ak yon pikan nan pwent ke a. Se avèk ke yo yo te gen pouvwa fè moun mechanste pandan senk mwa. 11Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Nan lang ebre yo rele l': Abadon. Nan lang grèk yo rele l': Apolyon, ki vle di: moun k'ap krase brize a. 12Premie malè a te pase. Te gen de (2) lòt malè ankò ki te gen pou vini apre sa. 13Lè sa a, sizièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan kat kwen lotèl an lò ki te devan Bondye a. 14Vwa a pale ak sizièm zanj ki te kenbe klewon an. Li di li konsa: Lage kat zanj ki mare nan chenn bò gwo larivyè Lefrat la. 15Yo lage kat zanj yo. Yo te pare yo pou sa menm, pou lè sa a, pou jou sa a, nan mwa sa a, nan lanne sa a, pou yo te ka touye yon moun sou chak twa moun ki sou latè. 16Yo di m' kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon (200.000.000). 17Men ki jan mwen te wè chwal yo ak kavalie yo nan vizyon an: Kavalie yo te gen yon kalite chemiz an fè pou pwoteje lestonmak yo. Chemiz yo te wouj kou dife, ble kou digo, jòn kou safran. Tèt chwal yo menm te tankou tèt lyon. Dife ansanm ak lafimen epi souf t'ap soti nan bouch yo. 18Twa bagay sa yo ki t'ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon moun sou chak twa moun sou latè. 19Paske se nan bouch yo chwal yo te gen tout pouvwa sa a ansanm ak nan ke yo. Baton ke yo menm te sanble ak sèpan: yo te gen yon tèt pou yo te fè moun mechanste. 20Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache. 21Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.
Revelasyon 10
1Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l' te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife. 2Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm. 3Li pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loraj yo pran gwonde reponn li. 4Fini yo fin pale, mwen tapral ekri sa yo te di a, lè m' tande yon vwa nan sièl la ki di m' konsa: Sa sèt loraj yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li. 5Apre sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan sièl. 6Li fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè sièl la ak tou sa ki ladan l', tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di: Yo p'ap bay dèle ankò. 7Men lè setièm zanj lan va pran kònen klewon l' lan, Bondye pral fè sa li gen pou l' fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l' te fè pwofèt ki t'ap sèvi l' yo konn sa. 8Apre sa, vwa mwen te tande sot nan sièl la pran pale avè m' ankò. Li di mwen konsa: Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan. 9Mwen pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l' pou l' ban m' ti liv la. Li di mwen konsa. Men li, pran l', manje li. L'ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l'ap dous tankou siwo myèl. 10Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l', li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m' vale l', li te anmè kou fièl nan lestonmak mwen. 11Apre sa, yo di mwen: Se pou ou fè konnen mesaj Bondye a ankò, mesaj ki pale sou anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.
Revelasyon 11
1Apre sa, yo ban m' yon baton wozo ki sèvi pou pran mezi. Yo di mwen konsa: Leve. Ale pran mezi kay Bondye a ansanm ak lotèl la. Konte konbe moun k'ap adore nan tanp lan. 2Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pie yo pandan karannde mwa. 3M'ap voye de temwen m' yo ak rad sak sou yo, pou yo fè konnen mesaj Bondye a pandan mil desanswasant (1.260) jou. 4De temwen yo se de pie oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a. 5Si yon moun chache fè yo mal, dife ap soti nan bouch yo, l'ap detwi tout lènmi yo. Se konsa moun k'ap chache fè yo mal gen pou mouri. 6Yo gen pouvwa fèmen sièl la pou okenn lapli pa tonbe lè y'ap fè konnen mesaj Bondye a. Yo gen pouvwa tou pou yo fè dlo tounen san. Yo gen pouvwa pou yo fè tout kalite kalamite tonbe sou latè, kantite fwa y'a vle li. 7Lè y'a fin di sa yo gen pou di a, bèt ki soti nan gwo twou san fon an va mare batay ak yo. La kraze yo, la touye yo. 8Kadav yo va rete nan mitan lari gwo lavil la, kote yo te kloure Seyè a sou kwa a. Lè sa a, y'a chanje non lavil la. Y'a rele l' Sodòm osinon Lejip. 9Moun tout kalite ras ki soti nan tout peyi ak nan tout nasyon ki pale tout lang, va rete la ap gade kadav yo pandan twa jou ak yon demi (1/2) jounen. Yo p'ap kite moun antere yo. 10Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè. 11Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l' ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil. 12Lè sa a, de pwofèt yo tande yon vwa soti nan sièl la ki t'ap pale byen fò ak yo, li t'ap di yo: Moute bò isit. Yo moute nan sièl la sou yon nwaj devan tout lènmi ki t'ap gade yo. 13Menm lè a, yon gwo tranblemanntè fèt. Yon kay sou chak dis kay nan lavil la tonbe kraze. Sètmil (7.000) moun mouri nan tranblemanntè sa a. Lòt moun yo menm te pè anpil, yo t'ap fè lwanj Bondye ki nan sièl la. 14Konsa, dezyèm malè a te pase! Men, atansyon, twazièm lan pral vini talè konsa. 15Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan. 16Vennkat granmoun yo ki te chita sou fòtèy yo devan Bondye tonbe atè, fwon yo touche tè, yo adore Bondye. 17Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou. 18Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a! 19Lè sa a, pòt tanp Bondye nan sièl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loraj pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
