Jou 316 sou 365

Travay 4–5

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Travay 4

1Antan Pyè ak Jan t'ap pale ak pèp la, prèt yo, kòmandan lagad tanp lan ak sadiseyen yo vin rive. 2Yo te fache anpil dèske apòt yo t'ap moutre pèp la anpil bagay, dèske yo t'ap anonse yo moun mouri kapab leve menm jan Jezi te leve soti vivan nan lanmò. 3Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche. 4Men, anpil moun ki te tande pawòl la te kwè. Lè sa a, te gen senkmil (5.000) moun konsa ki te kwè. 5Nan denmen, chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo sanble nan Jerizalèm. 6Ladan yo te gen: An, granprèt la, Kayif, Jan, Aleksann ansanm ak fanmi granprèt la. 7Yo fè mennen apòt yo devan yo, epi yo mande yo: Kote n' pran pouvwa pou fè bagay sa a? Ki moun ki ban nou dwa fè sa? 8Lè sa a, Pyè vin anba pouvwa Sentespri, li di yo: Mesye chèf pèp la ak chèf fanmi yo: 9Jòdi a y'ap poze nou keksyon sou yon byen nou fè pou yon enfim, y'ap mande nou ki jan nonm sa a fè geri. 10Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan soti nan lanmò ak pouvwa Bondye. 11Se Jezi menm yo t'ap pale nan pawòl sa a ki ekri nan liv la: Wòch nou te voye jete lè nou t'ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. 12Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou. 13Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki soti nan mas pèp la, ki pa t' resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi. 14Men, yo pa t' jwenn anyen pou reponn yo paske nonm ki te geri a te kanpe la devan je yo bò kot Pyè ak Jan. 15Yo mande apòt yo pou yo soti nan pyès kote Gran Konsèy la te reyini an, epi yo pran diskite bagay la yonn ak lòt. 16Yo t'ap di konsa: Kisa pou n' fè ak mesye sa yo? Paske, tout moun nan Jerizalèm konnen byen pwòp se yo ki te fè gwo mirak sa a. Nou pa ka di se pa vre. 17Men, pou nouvèl la pa gaye plis nan pèp la, n'ap kraponnen yo, n'ap defann yo pale ak pesonn nan non Jezi. 18Apre sa, yo fè rele apòt yo, yo pase yo lòd pou yo pa janm pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi. 19Men, Pyè ak Jan reponn yo: Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye? 20Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande. 21Manm Gran Konsèy yo fè yo menas ankò. Apre sa, yo lage yo. Yo pa t' kapab fè yo anyen paske tout pèp la t'ap fè lwanj Bondye pou sa ki te rive a. 22Nonm ki te geri gremesi mirak apòt yo te fè a te gen karantan pase. 23Lage yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn gwoup zanmi yo, yo rakonte yo tou sa chèf prèt yo ak ansyen yo te di. 24Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. 25Pa pouvwa Sentespri, se ou menm ki te pale nan bouch sèvitè ou, David, zansèt nou, lè l' te di: Poukisa moun lòt nasyon yo t'ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo t'ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen konsa? 26Wa latè yo pran pozisyon, chèf yo mete tèt yo ansanm sou do Bondye ak sou do Moun li chwazi a! 27Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a. 28Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la. 29Koulye a, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesaj ou a avèk konviksyon. 30Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a. 31Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon. 32Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. 33Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout. 34Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an 35renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo. 36Se konsa, te gen yon nonm yo rele Jozèf, yon moun Levi ki soti lil Chip. Apòt yo te ba l' yon ti non Banabas, ki te vle di: Nonm k'ap ankouraje a. 37Enben, li vann yon jaden li te genyen, li pote lajan an renmèt apòt yo.

Travay 5

1Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen. 2Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi li al renmèt apòt yo rès la. 3Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? 4Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe. 5Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil. 6Men, kèk jenn gason vini, yo vlope kò a; yo pran l', y' al antere li. 7Twazèdetan apre, madanm Ananyas, ki pa t' konn sak te rive, vin antre. 8Pyè mande li: Di mwen, èske se pou pri sa a nou te vann jaden an? Li reponn: Wi, se pou pri sa a. 9Lè sa a, Pyè di li: Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n' chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou. 10Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l', y' al antere bò kot mari li. 11Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil. 12Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an. 13Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo. 14Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a. 15Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo. 16Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri. 17Lè sa a, yon sèl jalouzi pran granprèt la ansanm ak sadiseyen yo ki te patizan li. 18Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon. 19Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo soti. Li di yo: 20Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv koulye a. 21Apòt yo obeyi zanj lan: Nan granmaten, y' al nan tanp lan epi yo tanmen moutre pèp la anpil bagay. Granprèt la ansanm ak patizan l' yo sanble tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la, yo reyini Gran Konsèy la. Apre sa, yo voye chache apòt yo nan prizon an. 22Men, lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn yo. Yo tounen nan Gran Konsèy la, yo fè rapò yo. Yo di: 23Nou jwenn prizon an byen fèmen, avèk gad yo nan pòs devan pòt prizon an. Men, lè nou louvri pòt yo, nou pa jwenn pesonn anndan an. 24Lè kòmandan lagad tanp lan ak chèf prèt yo tande sa, yo t'ap mande ki jan apòt yo fè disparèt, kisa ki te rive. 25Men, yon moun vin rive, li di yo: Mesye nou te mete nan prizon yo, men yo nan tanp lan, y'ap pale ak pèp la. 26Lè sa a, kòmandan lagad la ale avèk gad li yo, li mennen apòt yo tounen. Men, yo pa t' aji brital ak yo paske yo te pè pou pèp la pa t' touye yo ak kout wòch. 27Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo keksyon. 28Li di yo: Eske nou pa t' defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n' fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. 29Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n' obeyi Bondye pase pou n' obeyi moun. 30Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n' te kloure l' sou kwa a. 31Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo. 32Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l' yo. 33Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo. 34Men, te gen yon farizyen nan mitan yo ki te rele Gamalyèl. Se te yon dirèktè lalwa tout pèp la te respekte anpil. Li kanpe nan mitan Konsèy la, li mande pou fè apòt yo soti yon ti moman. 35Apre sa, li di: Nou menm moun pèp Izrayèl, pran tèt nou anvan nou fè sa nou pral fè ak mesye yo. 36Sa pa gen lontan, yon nonm yo rele Tedas te parèt. Li te pran pòz grannèg li. Li jwenn katsan (400) moun konsa ki te mete tèt ansanm avè li. Yo touye l', epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an tonbe. 37Apre sa, lè resansman an, te gen Jida, yon nonm Galile, ki te parèt. Li te trennen yon bann moun dèyè li. Li menm tou, yo touye li. Epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye tou. 38Pou koulye a, men sa m'ap di nou: Pa okipe mesye sa yo ankò. Kite y ale. Si plan travay yo a soti nan lèzòm, li gen pou l' disparèt. 39Men, si sa soti nan Bondye, nou p'ap kapab kraze li. Atansyon pou se pa avèk Bondye nou gen zafè! Manm Konsèy yo tonbe dakò avèk Gamalyèl. 40Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo. 41Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi. 42Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pa t' janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain