Jou 304 sou 365
Lik 23–24
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Lik 23
1Tout bann moun yo leve, yo mennen Jezi devan Pilat. 2Rive la, yo pran depoze plent sou do l', yo di konsa: Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèt la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, yon wa. 3Pilat mande li: Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li. 4Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo: Mwen pa wè ankenn rezon pou m' kondannen nonm sa a. 5Men, yo kenbe la avè l', yo di: L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li kòmanse travay sa a depi nan peyi Galilye, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la. 6Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile. 7Aprann Pilat aprann Jezi te soti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a. 8Ewòd pa t' manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l'. Li te kwè li tapral wè Jezi fè kèk mirak. 9Li poze l' anpil keksyon, men Jezi pa reponn li anyen. 10Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t'ap depoze anpil gwo plent kont Jezi. 11Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l' nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li; epi yo voye l' tounen bay Pilat. 12Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi. 13Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la. 14Li di yo: Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m' konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l' keksyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè ankenn nan move zak n'ap plede di l' fè yo. 15Ewòd pa jwenn li koupab non plis. Men li voye l' tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. 16Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li. 17Pou chak fèt Delivrans, Pilat te blije lage yon prizonye ba yo. 18Yo tout pran rele ansanm: Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou. 19Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la. 20Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò. 21Men yo rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! 22Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li? 23Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany. 24Se konsa Pilat pran desizyon pou l' ba yo sa yo te mande a. 25Li lage moun pèp la te vle a, nonm ki te nan prizon pou konplo ak krim lan. Epi Pilat renmèt yo Jezi pou yo te fè li sa yo te vle a. 26Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te soti nan jaden. Yo pran msye, yo chaje l' anba kwa a pou l' pote li dèyè Jezi. 27Yon bann moun nan pèp la t'ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t'ap kriye, ki t'ap plenn sò li. 28Jezi vire gade yo, li di yo konsa: Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande; kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo. 29Gen jou k'ap vin dèyè; lè sa a y'a di: benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pa t' janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete. 30Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande mòn yo: Kouvri nou! 31Paske, si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p'ap fè bwa chèch la? 32Yo mennen de lòt moun, de krimenèl pou yo touye ansanm ak Jezi. 33Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de krimenèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li. 34Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo. 35Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: Gade! Li sove lòt moun; si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l' sove tèt pa l' tou. 36Sòlda yo t'ap pase l' nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l', yo ba l' venèg pou l' bwè, 37epi yo di li: Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm! 38Men sak te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye. 39Yonn nan krimenèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou. 40Men lòt la reprann li, li di li: Gen lè ou pa pè Bondye, ou menm ki anba menm kondannasyon avèk li a? 41Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen. 42Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou! 43Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi. 44Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi. 45Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso. 46Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri. 47Lè kaptenn lame a wè sak te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di: Se vre wi. Nonm sa a te inonsan. 48Tout moun ki te vini an foul pou asiste espektak sa a te wè sak te rive. Yo tounen al lakay yo, yo t'ap bat lestonmak yo. 49Tout zanmi Jezi yo te rete yon ti jan lwen ansanm ak fanm ki t'ap mache avè l' yo depi nan peyi Galile. Yo tout t'ap gade sak t'ap pase. 50Te gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye. 51Li t'ap tann kilè Bondye t'ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pa t' dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside. 52Jozèf al lakay Pilat, li mande kò Jezi. 53Apre sa, li al desann kò a sou kwa a, li vlope l' nan yon bèl dra blan, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pa t' ankò janm mete pesonn ladan li. 54Se te yon jou vandredi, repo a tapral kòmanse. 55Medam ki t'ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li. 56Apre sa, yo tounen lakay yo, y' al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pa t' fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l' la.
Lik 24
1Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a. 2Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen soti devan bouch kavo a. 3Yo antre, men yo pa jwenn kò Seyè Jezi. 4Yo te la konsa, yo pa t' konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere. 5Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? 6(Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a: 7Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou yo kloure l' sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve soti vivan ankò. 8Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo. 9Yo soti kite kavo a, y' al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo. 10Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jan ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la. 11Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pa t' kwè yo. 12Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sak te rive a. 13Menm jou sa a, te gen de disip ki tapral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm. 14De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase. 15Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo. 16Yo te wè l', men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li. 17Li di yo: Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris. 18Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sak te rive nan senmenn ki sot pase a? 19Li di yo: Ki sak te rive konsa? Yo reponn li: Tou sak te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen. 20Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l' amò, epi yo kloure l' sou yon kwa. 21Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pep Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. 22Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a. 23Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan. 24Gen kèk zanmi nou yo ki al nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l' la; men li menm, yo pa wè li. 25Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa! 26Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l' te resevwa lwanj li? 27Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo; li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo. 28Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen. 29Yo kenbe l', yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l' rete ak yo. 30Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', epi li ba yo li. 31Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo. 32Yonn pran di lòt: Eske nou pa t' santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l' t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l' t'ap esplike nou sak te ekri nan Liv yo? 33Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo. 34Yo tout yo t'ap di: Se vre wi, Seyè a leve vivan. Simon wè li. 35Lè sa a, de disip yo pran rakonte sak te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l' te kase pen an. 36Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout. 37Yo te pè, yo pran tranble: yo te kwè se yon revenan. 38Men, Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Pouki tout lide sa yo nan tèt nou? 39Gade men m' ak pye m' yo. Se mwen menm wi. Nou mèt mangen m'. Gade m' byen: yon revenan pa gen vyann ak zo jan nou wè m' genyen an. 40Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l' ak pye l' yo. 41Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pa t' kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: Eske nou gen kichòy la a pou manje? 42Yo ofri l' yon moso pwason boukannen. 43Li pran l', li manje l' devan je yo. 44Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive. 45Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo. 46Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò. 47Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. 48Nou temwen tout bagay sa yo. 49Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m' te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap soti anwo nan syèl la va desann sou nou. 50Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l' beni yo. 51Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la. 52Yo menm menm, lè yo fin adore l', yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan. 53Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
