Jou 2 sou 365
Jenèz 5–8
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jenèz 5
1Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. 2Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun. 3Adan te gen santrantan (0130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt. 4Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 5Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (0930 an). 6Sèt te gen sansenkan (0105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk. 7Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (0807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 8Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (0912 an). 9Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan. 10Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (0815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 11Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (0905 an). 12Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl. 13Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (0840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 14Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (0910 an). 15Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd. 16Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (0830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 17Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (0895 an). 18Jerèd te gen sanswanndezan (0162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk. 19Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 20Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (0962 an). 21Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. 22Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (0300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 23- 24Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'. 25Metouchela te gen sankatrevensètan (0187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. 26Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (0782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 27Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (0969 an). 28Lemèk te gen sankatrevendezan (0182 an) lè li vin gen yon pitit gason. 29Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. 30Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (0595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 31Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (0777 an). 32Noe te gen senksanzan (0500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.
Jenèz 6
1Lè sa a, moun te konmanse ap fè anpil anpil pitit sou latè. Yo te vin gen anpil pitit fi. 2Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo. 3Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (0120 an) sèlman pou yo viv. 4Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo. 5Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo. 6Li vin règrèt li te fè moun sou latè. Kè l' vin sere ak lapenn. 7Seyè a di: Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo, san kite yonn. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tout tou bèt kat pat, tout bèt ki trennen sou vant ak tout zwazo k'ap vole nan syèl, paske mwen règrèt anpil dèske mwen te fè yo. 8Men, Noe te fè Bondye plezi. 9Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye. 10Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. 11Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste. 12Bondye gade latè, li wè l' te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti. 13Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè. 14Fè yon gwo batiman pou ou ak bwa pichpen. W'a fè anpil ti chanm ladan l'. W'a badijonnen l' byen badijonnen anndan kou deyò avèk goudwon. 15Men ki jan pou ou fè l': Batiman an va gen katsansenkant (0450) pye longè, swasannkenz pye lajè, ak karannsenk pye wotè. 16W'a mete yon twati sou batiman an. W'a kite yon espas dizwit pous ant twati a ak rebò a. W'a louvri yon sèl pòt sou kote batiman an. W'a mete yon etaj anba, yon etaj nan mitan, yon etaj anwo. 17Mwen pral voye yon gwo inondasyon dlo sou latè pou detwi tout sa k'ap viv anba syèl la. tout sa ki sou latè pral peri. 18Men, m'ap fè yon kontra avè ou. W'a antre nan batiman an, ou menm, pitit gason ou yo, madanm ou ansanm ak madanm pitit ou yo. 19W'a pran avèk ou tout yon pè nan tout kalite bèt, yon mal ak yon fenmèl. Wa fè yo antre nan batiman an ansanm ak ou pou yo pa mouri. 20Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri. 21Ou menm bò pa ou, ranmase tout kalite manje, mezi ou kapab. Fè yon bèl pwovizyon mete la pou ou ka jwenn manje pou ou manje ansanm ak tout bèt yo tou. 22Se konsa Noe fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.
Jenèz 7
1Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen. 2Nan tout bèt ki bon pou moun manje, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite. Nan tout bèt ki pa bon pou moun manje, w'a pran yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite. 3Konsa tou, pou zwazo k'ap vole nan syèl la, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite, pou ras la pa disparèt sou latè. 4Paske, nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè. 5Noe fè tout sa Seyè a te ba li lòd fè a. 6Noe te gen sisanzan (0600 an) lè inondasyon an te fèt sou latè. 7Li antre nan batiman an, li menm, pitit gason li yo, madanm li ansanm ak madanm pitit li yo pou yo te ka chape anba inondasyon an. 8tout kalite bèt, kit sa ki bon pou moun manje, kit sa ki pa bon pou moun manje, tout zwazo, tout bèt ki trennen sou vant, 9yo tout yo vin jwenn Noe nan batiman an, de pa de, mal ak fenmèl, jan Bondye te bay Noe lòd la. 10Sou sèt jou vre, dlo kouvri tout latè. 11Jou ki fè Noe sisanzan (0600 an), yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a. 12Lapli tonbe san rete pandan karant jou karant nwit. 13Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an, 14ansanm ak tout kalite bèt domestik, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo, tout kalite ti zwazo, tout kalite bèt ki gen zèl. 15Yo tout yo te vin jwenn Noe nan batiman an, de grenn nan chak kalite bèt vivan ki sou latè. 16Se konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noe. 17Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè. 18Dlo yo ranfòse, yo gonfle pi rèd sou tè a jouk batiman an t'ap flote nèt sou dlo a. 19Dlo a moute pi rèd toujou anwo tè a, li kouvri tèt tout gwo mòn ki anba syèl la. 20Dlo a moute vennsenk pye depase tèt mòn yo. 21Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun. 22tout bèt vivan ak tout moun sou latè mouri. 23Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo. 24Apre sa, dlo a rete anwo tè a pandan sansenkant (0150) jou.
Jenèz 8
1Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese. 2Sous dlo ki nan fon lanmè a te sispann bay dlo. Syèl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe. 3Dlo yo menm t'ap bese, yo t'ap bese piti piti. Se sou sansenkant (0150) jou dlo yo te konmanse bese. 4Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo. 5Dlo yo t'ap bese toujou jouk sou dizyèm mwa a. Sou premye jou dizyèm mwa a, tèt mòn yo parèt. 6Karant jou apre sa, Noe louvri fennèt li te fè nan batiman an. 7Li lage yon kònèy. Kònèy la soti. li ale vini, li ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè. 8Apre sa, li lage yon pijon, pou l' wè si dlo a te fin bese sou tè a. 9Men, pijon an pa t' jwenn kote pou l' poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noe lonje men l', li pran pijon an, li fè l' antre nan batiman an ankò. 10Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l' soti nan batiman an. 11Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tout vèt nan bèk li. Konsa, Noe vin konnen dlo a te bese sou tout latè. 12Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pa t' tounen vin jwenn li ankò. 13Se konsa, lè Noe te gen sisan ennan (0601 an), nan premye jou premye mwa lanne jwif yo, dlo a te fin bese nèt sou latè. Noe dekouvri batiman an, li voye je l' gade, li wè tout tè a te chèch. 14Sou vennsetyèm jou dezyèm mwa a, tè a te fin chèch nèt. 15Lè sa a, Bondye di Noe: 16-Soti nan batiman an, ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo. 17Fè tout bèt yo soti tout ansanm avèk ou, zwazo yo, zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo. Se pou yo fè pitit, fè anpil pitit pou mete sou tè a ankò. 18Se konsa Noe soti nan batiman an ansanm ak madanm li, pitit li yo ak madanm pitit li yo. 19tout bèt bwa yo, tout zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo, tout zwazo yo, yo tout yo soti nan batiman an tou. 20Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la. 21Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la. 22Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p'ap janm sispann.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
