Jou 294 sou 365
Lik 1–2
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Lik 1
1Teofil chèf mwen, anpil moun te seye ekri istwa tout evènman ki te pase nan mitan nou yo. 2Yo te rakonte yo jan nou te aprann yo nan bouch moun ki te wè yo ak pwòp je yo depi nan konmansman, moun ki te resevwa lòd mache fè konnen pawòl Bondye a. 3Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Koulye a, mwen kwè se yon bon bagay pou m' ekri yo tout, yonn apre lòt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chèf mwen. 4Konsa wa kapab rekonèt tou sa yo te moutre ou yo se verite yo ye. 5Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la. 6Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch. 7Men, yo pa t' gen pitit paske Elizabèt pa t' kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun. 8Yon jou, Zakari te desèvis kou prèt devan Bondye, paske se te tou gwoup pa l' la. 9Dapre koutim sèvis la, yo te tire osò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve fwa sa a, se Zakari ki te soti. 10Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an. 11Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari; li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an. 12Lè Zakari wè l', li sezi; li te pè anpil. 13Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan. 14Ala kontan wa kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. 15L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a. 16L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. 17L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit; l'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la. 18Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fè kwè sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou. 19Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale avè ou, pou m' pote bon nouvèl sa a ba ou. 20Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive. 21Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari; yo te sezi wè jan l' te mize nan tanp lan. 22Men, lè Zakari soti, li pa t' kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l', men li pa t' kapab pale. 23Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li. 24Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay; li t'ap di: 25Gade sa Mèt la fè pou mwen non! Se koulye a sa fè l' plezi pou l' wete dezonè m' devan lèzòm. 26Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt la, Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazarèt. 27Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. 28Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. 29Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l' kisa bonjou sa a te vle di. 30Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. 31Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. 32L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li. 33La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini. 34Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! 35Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye. 36Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès. 37Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. 38Mari di li: Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a. Epi zanj lan kite li. 39Nan menm epòk sa a, Mari soti, li pran chemen pou l' rive byen vit nan yon bouk nan mòn peyi Jide a. 40Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou. 41Lè Elizabèt tande Mari di l' bonjou, pitit la pran sote nan vant li. Lamenm Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri. 42Li pran pale byen fò, li di konsa: Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li. 43Kisa m' ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? 44Gade! Bonjou ou la poko rive nan zòrèy mwen, pitit la pran sote nan vant mwen tèlman li kontan. 45Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre. 46Lè sa a Mari di: Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa. 47Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen. 48Paske li voye je l' sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni! 49Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte. 50L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. 51Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo. 52Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. 53Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen. 54Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, 55pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo. 56Mari pase twa mwa konsa ak Elizabèt. Apre sa, li tounen lakay li. 57Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason. 58Vwazinaj ak fanmi l' yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li. 59Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la; yo te vle rele l' Zakari, menm non ak papa li. 60Men, manman l' di yo: Non, se Jan pou l' rele. 61Yo di l' konsa: Men, pa gen pesonn nan fanmi ou ki rele Jan. 62Yo fè papa a siy pou mande l' ki non li ta vle bay pitit la. 63Zakari mande yo yon ti tablo, epi li ekri: Se Jan ki non li. Yo tout te sezi. 64Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò. 65Tout moun ki te nan vwazinaj la te pè; nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jidè a. 66Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo; yonn t'ap di lòt: Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre. 67Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran fè konnen pawòl Bondye te mete nan bouch li: 68Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj. 69Li voye yon moun avek gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li soti. 70Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. 71Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo. 72Se konsa la gen pitye pou zansèt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a. 73Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an. 74Li te di l' konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l' san nou p'ap bezwen pè. 75Wi, la fè nou viv apa pou Bondye, la fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou. 76Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, wa pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li. 77Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo. 78Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve. 79Li gen pou l' klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbraj lanmò. Li gen pou l' fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a. 80Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l' t'ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l' te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la.
Lik 2
1Lè sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo te konte dènye moun ki nan peyi l'ap gouvènen yo. 2Premye travay sa a te fèt nan tan Kireniyis t'ap kòmande nan peyi yo rele Siri a. 3Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te soti. 4Jozèf te rete nan peyi Galile, nan yon bouk yo rele Nazarèt. Men, paske li te moun nan fanmi ak ras David, li moute, li ale nan Jide, nan lavil David yo rele Betleyèm lan. 5Jozèf tapral fè yo pran non l' ansanm ak non Mari, fiyanse li, ki te ansent. 6Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive. 7Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l' kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pa t' gen plas pou yo nan lotèl la. 8Nan menm zòn sa a, te gen gadò mouton ki t'ap pase nwit la deyò ap veye mouton yo. 9Lè sa a, yon zanj Bondye parèt devan yo, bèl limyè Bondye a klere tout kote yo te ye a. Yo te pè anpil. 10Men zanj lan di yo konsa: Pa pè. N'ap anonse nou yon bon nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil. 11Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Seyè a. 12Men remak ki va fè nou rekonèt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt, kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje. 13Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan; yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa: 14Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen. 15Zanj yo kite gadò mouton yo, yo tounen al nan syèl la. Lè sa a, gadò mouton yo yonn di lòt: Ann al jouk Betleyèm, ann al wè sa ki rive, sa Bondye fè nou konnen an. 16Yo prese ale, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak tipitit la kouche kote yo bay bèt yo manje a. 17Lè yo wè l', yo tanmen rakonte sa zanj lan te di yo sou pitit la. 18Tout moun ki t'ap koute yo te sezi tande sa yo t'ap rakonte a. 19Mari menm te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l', li t'ap repase yo nan tèt li. 20Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo; yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen. 21Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l' Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l' te vin ansent li. 22Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l' apa pou Bondye, 23dapre sa ki te ekri nan lalwa Bondye a: Mete tout premye pitit gason yo apa pou Mèt la. 24Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a. 25Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li. 26Li te fè l' konnen li pa t'ap mouri san l' pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l' voye a. 27Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a, 28Simeyon pran tipitit la nan bra l', li di Bondye mèsi. Li di: 29Koulye a, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze. 30Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an. 31Ou pare l' mete devan tout pèp yo. 32Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a. 33Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa. 34Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: Bondye chwazi pitit sa a; l'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li. 35Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe. 36Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele An, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Asè. Li te fin vye granmoun. Li te viv sètan avèk nonm li te marye depi l' te jennfi a. 37Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pa t' janm kite tanp lan; li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè. 38Menm lè sa a tou, li vin rive, li t'ap di Bondye mèsi. Li t'ap pale sou Jezi bay tout moun ki t'ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm. 39Lè yo fin fè tou sa lalwa Bondye te mande yo fè a, Jozèf ak Mari tounen ansanm avèk tipitit la nan peyi yo, lavil Nazarèt nan Galile. 40Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l', epi favè Bondye te avèk li. 41Chak lanne pou fèt Delivrans lan, manman ak papa Jezi te konn ale lavil Jerizalèm. 42Lè Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalèm al nan fèt la jan yo te toujou fè. 43Lè jou fèt yo fin pase, moun yo t'ap tounen lakay yo. Ti Jezi menm rete lavil Jerizalèm. Men, papa l' ak manman l' pa t' wè sa. 44Yo te kwè li te avèk lòt moun ki t'ap vwayaje ansanm ak yo. Yo mache tout yon jounen. Se lè sa a yo pran chache l' pami fanmi yo ak zanmi yo. 45Men yo pa jwenn li. Yo tounen Jerizalèm al chache li. 46Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo keksyon tou. 47Tout moun ki t'ap tande l' te sezi pou jan l' te gen lespri, ak jan l' t'ap reponn yo. 48Lè papa l' ak manman l' wè l', yo pa t' manke sezi. Manman li di l' konsa: Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m' nou pa chache ou. Ou fè kè n' kase. 49Jezi di yo: Poukisa pou n'ap chache m' konsa? Nou pa t' konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen? 50Men yo pa t' konprann sa l' t'ap di yo. 51Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l' menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li. 52Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
