Jou 287 sou 365

Mak 4–5

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Mak 4

1Jezi te rekòmanse ap bay mesaj la bò lanmè Galile a ankò. Foul moun ki te sanble bò kote l' la te sitèlman anpil, li te blije moute chita nan yon kannòt ki te sou lanmè a. Tout foul moun yo menm te rete atè sou rivaj la, toupre dlo a. 2Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l' te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa: 3-Koute! Yon nonm soti pou li al simen grenn nan jaden li. 4Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo. 5Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske tè a pa t' fon. 6Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasen yo pa t' fon. 7Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pa t' ka donnen. 8Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100). 9Apre sa, Jezi di yo konsa: -Si nou gen zòrèy poun tande, tande. 10Apre Jezi te fin kite gwo foul moun yo dèyè, moun ki te toupre l' yo ansanm ak douz disip li yo di li: -Esplike nou parabòl sa a non. 11Li di yo: -Nou menm, nou resevwa sekrè Peyi kote Bondye Wa a; men moun ki deyò yo, yo tande tout bagay an parabòl. 12Konsa Yo mèt gade byen gade, men yo p'ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p'ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo. 13Apre sa, Jezi di yo: -Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n'a fè pou nou konprann tout lòt parabòl yo? Koute! 14Nonm k'ap simen an, se pawòl Bondye a l'ap simen. 15Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l', Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. 16Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. 17Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. 18Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la, 19men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm. 20Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a; yo tande pawòl la, yo resevwa l' epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn. 21Apre sa, li di yo ankò: -Yo pa limen yon lanp pou yo mete l' anba yon mamit osinon anba yon kabann, pa vre? Eske se pa sou yon etajè pou yo mete li? 22Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale yon jou. Konsa tou, nanpwen sekrè ki p'ap parèt aklè yon lè. 23Si nou gen zòrèy poun tande, tande. 24Li di yo toujou: -Fè atansyon sa n'ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l' sou li. 25Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' ata ti sa l' te genyen an. 26Li di yo ankò: -Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li. 27Apre sa, lannwit li dòmi, lajounen li leve fè zafè li. San l' pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi. 28Tou sa, paske se tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou kòmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la. 29Lè grenn yo mi se lè sa a nonm lan mete manchèt ladan l', paske sezon rekòt la rive. 30Li di yo ankò: -Kisa m' ta di Peyi kote Bondye Wa a sanble ankò? Ki parabòl mwen ta ban nou pou fè nou konprann sa li ye? 31Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l', se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè. 32Men, lè ou fin simen l', li pran grandi: li depase tout plant menm kalite avè l', li pouse gwo branch. Konsa, zwazo nan syèl la ka fè nich nan lonbraj yo. 33Se avèk anpil parabòl konsa li t'ap ba yo mesaj li a. Li te fè l' yon jan pou yo tout te ka konprann li. 34Li pa t' louvri bouch li pou l' pa t' rakonte yo yon parabòl. Men, lè l' te pou kont li avèk disip li yo, li te esplike yo tout bagay. 35Menm jou sa a, lè solèy fin kouche, Jezi di disip li yo: -Ann janbe lòt bò lanmè a non. 36Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo. 37Yon gwo van vin leve, lanm yo kòmanse antre nan kannòt la. Yon sèl kou a, kannòt la t'ap fin plen dlo. 38Jezi menm, lè sa a, te nan dèyè kannòt la. Li t'ap dòmi, tèt li apiye sou yon ti zòrye. Disip li yo souke l', yo di l' konsa: -Mèt, mèt, se mouri n'ap mouri wi! Sa pa di ou anyen? 39Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: -Pe la. Li di dlo a: -Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gran kalmi. 40Apre sa, li di yo: -Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou? 41Men disip yo te pè anpil anpil, yonn t'ap di lòt konsa: -Ki moun li ye menm, pou jouk van ak dlo lanmè a obeyi li?

Mak 5

1Jezi ak disip li yo rive lòt bò lanmè Galile a, nan peyi Jerazenyen yo. 2Jezi desann soti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm soti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi. 3Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pesonn pa t' kapab mare l', pa menm avèk chenn. 4Anpil fwa, yo te mete tou de pye l' yo nan yon sep an fè, yo te mare tou de menm l' yo ak yon chenn. Men, chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa t' gen fòs ase pou donte li. 5Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou ti mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap matirize kò l' ak kout wòch. 6Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li. 7Li pran rele byen fò, li di l' konsa: -Kisa m' gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m' soufri. 8(Li te pale konsa, paske Jezi te pase l' lòd sa a: Move lespri, soti sou nonm lan). 9Lè sa a, Jezi mande li: -Ki jan ou rele? Li reponn li: -Yo rele m' Rejiman, paske nou anpil. 10Epi li di Jezi: -Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a. 11Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. 12Tout move lespri yo pran mande Jezi: -Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non poun antre nan yo. 13Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan. 14Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun soti toupatou vin wè sak te rive. 15Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l', byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. 16Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo. 17Lè sa a, yo mande Jezi: -Tanpri souple, kite peyi a. 18Antan Jezi t'ap moute nan kannòt la, nonm ki te gen move lespri a mande l' pèmisyon pou li ale ave l' tou. 19Men Jezi pa t' kite l' ale, li di l' konsa: -Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou. 20Nonm lan pati, li ale nan tout rejyon yo rele Dis Vil la. Li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li. Se te yon gwo sezisman pou tout moun ki te tande l' pale. 21Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann soti nan kannòt la, yon foul moun gen tan sanble bò kote li. Antan li sou rivaj la, 22Jayiris, yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l' nan pye li. 23Li mande Jezi: -Pitit fi m' lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l' ka geri. vin ba l' lavi pou mwen. 24Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l' toupatou. 25Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan. 26Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li; men li pa t' jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. 27Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l' nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li. 28Fanm lan te di nan kè l': Si m' kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri. 29Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l' gaya. 30Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki soti nan li; li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: -Ki moun ki manyen rad mwen an, en? 31Disip li yo reponn li: -Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou? 32Men Jezi t'ap pwonmennen je l' toupatou pou wè moun ki te fè l' sa a. 33Fanm lan menm ki te konnen sak te rive l' t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l' nan pye Jezi. Li di l' tout verite a. 34Jezi di li: -Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt. 35Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa. 36Men Jezi pa t' okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: -Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen. 37Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pa t' pèmèt lòt moun swiv li. 38Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye; lòt menm t'ap plede rele. 39Li antre nan kay la, li di yo konsa: -Men pouki tout bri sa a? Pouki tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. 40Yo tonbe pase l' nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout soti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a. 41Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve. 42Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa. 43Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa t' kite pesonn konn sa. Apre sa, li di yo: -Bay ti fi a manje.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain