Jou 264 sou 365
Jonas 1–4
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jonas 1
1Yon jou, Seyè a pale ak Jonas, pitit gason Amitayi a, 2li di l' konsa: -Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen. 3Men lè sa a, Jonas leve, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare pou pati pou Tasis. Li peye pasaj li. Li moute abò batiman an avèk marin yo. Li pati pou Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a. 4Men, Seyè a voye yon gwo van sou lanmè a. Yon sèl gwo van tanpèt leve, batiman an te prèt pou koule. 5Marin yo te pè anpil. Chak moun t'ap lapriyè bondye pa yo. Pou yo te ka soulaje batiman an, yo lage dènye chay nan lanmè. Jonas menm poutèt pa l' te desann nan lakal batiman an, li kouche kouche l'. Dòmi pote l' ale. 6Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l' konsa: -Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri. 7Apre sa, marin yo yon di lòt: -Ann tire osò pou n' konnen ki moun ki lakòz sa rive nou. Yo tire osò, epi se non Jonas ki soti. 8Epi yo di l': -Di nou sa ki lakòz malè sa a rive nou. Sa w'ap fè isit la? Kote ou soti? Moun ki peyi ou ye? Ki nanchon ou? 9Jonas reponn yo: -Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Seyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a. 10Jonas pale ak yo, li di yo ki jan li t'ap kouri pou Seyè a. Marin yo te sezi yon sèl sezi. Yo di l' konsa: -Sa ou fè konsa, monchè? 11Lanmè a t'ap vin pi move chak lè. Yo di l': -Sa pou nou fè ak ou pou lanmè a vin kal? 12Jonas reponn yo: -Pran m', lage m' nan lanmè. Lanmè a va kal nèt. Mwen konnen se mwen menm menm ki lakòz nou pran nan van tanpèt sa a. 13Marin yo menm t'ap naje zaviwon pou wè si yo ta mennen batiman an ale atè. Men, yo pa t' kapab, lanmè a t'ap vin pi move toujou. 14Lè yo wè sa, yo rele nan pye Seyè a, yo lapriyè l' konsa: -O Seyè! Tanpri, pa kite nou mouri poutèt nonm sa a. Pa rann nou reskonsab lanmò yon moun ki inonsan. Paske, se ou menm, Seyè, ki vle l' konsa. 15Epi yo pran Jonas, yo lage l' nan lanmè. Lamenm, kalmi fèt. 16Lè marin yo wè sa, yo te vin pè Seyè a anpil. Yo ofri bèt pou touye ba li. Yo pwomèt pou yo sèvi l'. 17Seyè a fè yon gwo pwason vin vale Jonas. Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant pwason an.
Jonas 2
1Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di: 2Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen. 3Ou te voye m' jete byen fon, nan fon lanmè. Dlo te sènen m' toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo te pase sou mwen. 4Mwen t'ap di nan kè m': Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò! 5Dlo yo kouvri m', yo te prèt pou neye m'. Lanmè a te fin vale m', zèb lanmè te mare nan tout tèt mwen. 6Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m' soti nan twou a. Ou ban m' lavi ankò. 7Lè m' santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m'. 8Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a. 9Men, m'ap chante pou m' fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou. 10Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a.
Jonas 3
1Bondye pale yon dezyèm fwa ankò ak Jonas, 2li di l' konsa: -Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesaj mwen te ba ou pou yo a. 3Se konsa, Jonas leve, li ale lavil Niniv jan Seyè a te di l' la. Niniv te yon gwo lavil ki mande twa jou pou mache soti nan yon bout ale nan lòt bout la. 4Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt. 5Moun lavil yo te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo pou moutre jan yo nan lapenn pou tout mal yo te fè. 6Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife. 7Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè. 8Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo. 9Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri. 10Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a.
Jonas 4
1Jonas pa t' kontan menm lè li wè sa, sa te fè l' fache anpil. 2Li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: -Aa Seyè! Men sa m' t'ap di a wi, lè m' te nan peyi m' lan. Se sa menm wi, mwen pa t' vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo. 3Koulye a, Seyè, ou mèt tou touye m' fini ak sa. M' pito mouri pase pou m' viv pou m' wè bagay sa a devan je m'! 4Seyè a reponn li: -Ki rezon ou genyen pou ou fache konsa? 5Jonas kite lavil la, li ale sou bò solèy leve, li chita. Lèfini, li fè yon tonèl, li chita nan lonbraj anba tonèl la, l'ap tann pou l' wè sa ki pral rive nan lavil la. 6Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè yon ti pye masketi pouse. Li fè l' rive yon ti wotè pi wo pase Jonas pou mete yon ti lonbraj sou tèt li, pou li ka santi l' pi alèz. Jonas te kontan anpil lè li wè pye masketi a. 7Men, nan denmen maten, anvan bajou kase, Bondye fè yon mawoka pike pye masketi a. Pye masketi a mouri. 8Lèfini, lè solèy fin leve, Bondye fè yon sèl van lès soufle byen cho. Jonas te prèt pou pèdi konesans avèk chalè solèy la ki t'ap bat li sou tèt. Msye mande mouri, li di konsa: -Pito m' tou mouri m' fini ak sa! 9Men, Bondye mande l' konsa: -Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi? Jonas reponn li: -Wi. Mwen gen rezon fache. M' fache pou m' mouri. 10Lè sa a, Seyè a reponn li: -An! Ou pran lapenn pou yon ti pye masketi ki pa koute ou anyen. Se pa ou ki te fè l' grandi. Li pran yon sèl nwit pou l' grandi. Apre yon sèl jou, li mouri. 11Epi ou pa ta vle m' pran lapenn pou lavil Niniv, gwo kapital sa a, kote ki gen depase sanven mil (0120.000) timoun inonsan, moun ki pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal, ansanm ak yon kantite bèt!
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
