Jou 26 sou 365

Egzòd 35–37

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Egzòd 35

1Moyiz sanble tout pèp Izrayèl la, li di yo: -Men sa Seyè a bay lòd pou nou fè. 2N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'. 3Ata dife piga nou limen nan ankenn kay jou repo a. 4Moyiz pale ak tout pèp Izrayèl la ki te sanble, li di yo: -Men sa Seyè a ban nou lòd fè: 5Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l'. y'a pote lò, ajan ak kwiv, 6bon twal siperyè koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan ak twal pwès fèt ak pwal kabrit, 7po belye tenn koulè wouj, po bazann, ak bwa zakasya, 8lwil pou lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye a ak nan lansan an, 9pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon prèt la. 10Se pou tout moun pami nou ki gen ladrès vin jwenn mwen pou yo fè travay Seyè a bay lòd fè a: 11kay Bondye a avèk tant lan, twati li, kwòk li yo, ankadreman li yo, travès li yo, poto li yo ak tout sipò yo, 12Bwat kontra a ak manch li yo, kouvèti bwat la, ak rido pou kache bwat la, 13tab la avèk manch li yo ansanm ak tout bagay pou sèvi ak li, ak pen yo ofri bay Bondye a tou, 14gwo lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi avè l' yo, tèt lanp yo ak lwil pou lanp yo, 15lòtèl pou boule lansan an ak tout manch li yo, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, lansan santi bon, rido pou fèmen kote yo antre nan tant lan, 16lòtèl pou boule nan dife bèt yo ofri bay Bondye, avèk griyaj an kwiv li a, ak tout manch li yo ak tout bagay ki pou sèvi avè l' yo, basen lan ak tout pye li, 17rido pou galeri a ak poto l' yo ak tout sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre nan galeri a, 18dis pikèt ak tout kòd pou tant lan ak galeri a, 19bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, ak rad pou pitit gason l' yo lè y'ap fè travay prèt yo. 20Lè Moyiz fin di yo sa, tout pèp Izrayèl la al lakay yo. 21Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo. 22Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye. 23Tout moun ki te gen bon twal siperyè koulè ble, koule violèt osinon koulè wouj, twal fen blan, twal pwès fèt ak pwal kabrit, po belye tenn koulè wouj, ou ankò po bazann, tout moun ki te gen bagay sa yo lakay yo pote yo vini. 24Tout moun ki te vle ofri ajan ak kwiv devan Seyè a, yo te pote l', yo te leve l' devan Seyè a. Tout moun ki te gen bwa zakasya lakay yo ki te ka sèvi nan travay la te pote l'. 25Tout fanm ki te gen ladrès te file fil koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen koulè blan, epi yo pote yo vini. 26Tout fanm ki te soti pou fè kichòy ak tout kè yo te fè twal pwès ak pwal kabrit, yo pote yo vini tou. 27Chèf yo menm te pote pyè oniks ak lòt pyè pou yo gani jile ak plastwon prèt la, 28ansanm ak epis santi bon ak lwil pou lanp sèt branch lan, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye, ak lansan santi bon. 29Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a. 30Moyiz di pèp Izrayèl la: -Gade. Seyè a chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri a, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a. 31Li mete lespri l' sou li an kantite pou l' ba li ladrès, konesans ak bon konprann pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè a, 32pou l' konn fè bèl desen, pou l' fè travay an lò, an ajan ak an kwiv, 33pou l' travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, epi pou l' konn moute yo, pou l' travay bwa, pou l' ka fè tout kalite travay atizan konn fè. 34Bondye ba li don pou l' moutre lòt moun metye sa yo. Se menm jan an tou pou Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan. 35Seyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, violèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay.

Egzòd 36

1Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Seyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Seyè a te bay lòd la. 2Moyiz fè rele Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout lòt bòs atizan Bondye te bay ladrès ak konesans. Li fè rele tout moun ki te vle pou yo mete men nan travay la ak tout kè yo. 3Yo resevwa nan men Moyiz tout ofrann moun pèp Izrayèl yo te pote pou fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a. Y al travay. Moun Izrayèl yo menm te toujou ap pote ofrann yo bay Moyiz chak maten, san pesonn pa t' fòse yo. 4Lè sa a, tout bòs atizan ki t'ap travay pou kay Bondye a kite travay yo t'ap fè a, yo vin jwenn Moyiz. 5Yo di l' konsa: -Pèp la pote depase sa nou bezwen pou nou fini ak travay Seyè a te bay lòd fè a. 6Lè sa a, Moyiz fè pibliye lòd sa a nan tout kan an: -Pesonn, ni gason ni fanm, pa bezwen pote ankenn ofrann pou kay Bondye a ankò. Se konsa, yo te fè moun yo sispann pote lòt ofrann. 7Sa yo te pote deja a te menm twòp pou travay ki te gen pou fèt la. 8Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'. 9Chak lèz te mezire katòz mèt longè, de mèt lajè. Tout lèz yo te menm gwosè. 10Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm. Apre sa, yo fè menm bagay la tou ak senk lòt lèz yo. 11Yo pran kòdon fèt ak twal ble, yo fè pasan, yo moute yo sou rebò dènye lèz nan chak gwoup. 12Yo mete senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la yon jan pou yo koresponn de pa de. 13Yo te fè senkant ti kwòk an lò. Yo pase kwòk yo nan pasan yo pou kenbe de gwoup rido yo ansanm. Se konsa, yo te fè yon sèl tant pou sèvi kay kote pou Bondye rete a. 14Apre sa, yo fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou kouvri tant kote Bondye rete a. 15Tout onz lèz yo te menm gwosè, chak te mezire kenz mèt longè ak de mèt lajè. 16Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm sou yon bò. Apre sa, yo fè menm bagay la ak sis lòt lèz yo apa. 17Yo mete senkant pasan sou rebò dènye lèz nan premye gwoup la ak senkant pasan sou rebò dènye lèz nan dezyèm gwoup la. 18Yo fè senkant ti kwòk an kwiv pou kenbe de gwoup lèz yo ansanm, pou yo ka fè yon sèl tant. 19Yo fè yon kouvèti pou tant lan ak po belye tenn koulè wouj. Apre sa, yo fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou ale anwo kouvèti ki fèt ak po belye a. 20Yo te fè ankadreman an bwa zakasya pou soutni tant Bondye a. 21Chak ankadreman te mezire kenz pye longè sou vennsèt pous lajè. 22Yo chak te gen de bout ki depase ki te penmèt mare yo yonn ak lòt. Yo fè tout ankadreman kay la menm jan an tou. 23Yo te fè ven ankadreman pou fasad sid la. 24Yo fè karant sipò an ajan pou ale anba pye ankadreman yo, de sipò pou chak ankadreman. 25Yo fè ven ankadreman pou fasad nò a, 26ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman. 27Pou fasad lwès kay Bondye a, ki bay sou dèyè, yo fè sis ankadreman 28ak de lòt ankadreman ki pou fè kwen ki sou deyè kay Bondye a. 29Kwen yo te mare yonn ak lòt pa anba, yo te bout-a-bout jouk anwo nan gwo bag la. Se konsa yo te moute de ankadreman ki te fè de kwen yo. 30Konsa sa te fè wit ankadreman ak sèz sipò an ajan, de sipò pou chak ankadreman. 31Apre sa, yo fè travès yo an bwa zakasya. Yo mete senk pou ankadreman sou yon bò kay Bondye a, 32senk pou ankadreman sou lòt bò a ak senk pou ankadreman sou bò lwès la pa dèyè. 33Yo fè travès mitan an yon jan pou l' pase nan ren ankadreman yo, depi yon bout rive nan lòt bout la. 34Yo te kouvri ankadreman yo ak lò. Yo te fè bag an lò pou kenbe travès yo. Apre sa, yo kouvri tout travès yo ak lò tou. 35Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'. 36Yo fè kat poto an bwa zakasya pou rido a. Yo te kouvri yo ak lò, yo moute kwòk an lò sou yo. Yo travay kat sipò an ajan pou poto yo. 37Pou fèmen kote yo antre nan tant lan, yo fè yon rido ak bon twal ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, bwode sou tout kò l'. 38Yo fè senk poto avèk kwòk. Yo kouvri tèt poto yo ak trenng pou soutni rido yo ak lò. Epi yo fè senk sipò an kwiv pou poto yo.

Egzòd 37

1Bezaleyèl te fè Bwat Kontra a an bwa zakasya. Bwat la te mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè ak de pye twa pous wotè. 2Li kouvri l' nèt, andedan kou deyò, ak pi bon kalite lò ki genyen. Li mete yon bòdi an lò fè wonn li. 3Li fonn lò pou fè kat gwo bag tou won pou bwat la. Li moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò. 4Li fè de jenn ti poto an bwa zakasya, li kouvri yo nèt ak lò. 5Li pase poto yo nan twou bag yo, yonn sou chak bò bwat la pou yo te kapab pote l' kote yo vle. 6Li fè yon kouvèti an bon lò pou bwat la. Kouvèti a te mezire twa pye nèf pous longè ak de pye twa pous lajè. 7Li pran de gwo moso lò, li bat yo ak mato, li fè pòtre de zanj cheriben li moute sou de pwent kouvèti a, 8yonn sou bò gòch, lòt la sou bò dwat. Li fè yo tankou si yo te fè yon sèl pyès ak kouvèti a. 9Zanj cheriben yo te gen zèl yo louvri anwo tèt yo pou kouvri kouvèti a. Yo te yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a. 10Li fè tab la an bwa zakasya. Tab la te mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè. 11Li kouvri l' nèt ak pi bon lò ki genyen, li mete yon bòdi an lò fè wonn li. 12Li mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi li kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò. 13Li fè kat gwo bag tou won an lò. Li moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a. 14Li te moute bag won yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo yo pase poto bwa ki pou sèvi pou pote tab la. 15Li fè poto yo ak bwa zakasya, epi li kouvri yo nèt ak lò. Se poto sa yo ki sèvi pou pote tab la. 16Li fè tout bagay ki pou ale sou tab la: asyèt, bòl, tas, gode, bagay ki pou sèvi lè y'ap fè sèvis pou Bondye. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen. 17Li fè gwo lanp sèt branch lan ak pi bon lò ki genyen. Li pran yon sèl moso lò pou li fè lanp sèt branch lan: kò li, branch li yo, flè yo, boujon yo, ak fèy yo ki te fè yon sèl pyès ak li. 18Li te gen yon branch nan mitan ak twa branch chak bò. 19Sou chak branch sou kote yo, te gen pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo sou yo. Konsa, konsa, sou tout sis branch sou kote yo. 20Sou branch mitan an te gen kat flè nwa kajou avèk tout boujon yo sou yo. 21Te gen yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo. 22Boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ak pye lanp sèt branch lan. Se yon sèl moso lò yo bat pou fè tout. 23Li fè sèt ti lanp pou lanp sèt branch lan avèk pensèt pou netwaye lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen. 24Li te pran swasannkenz liv bon lò pou fè lanp sèt branch lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak lanp sèt branch lan. 25Bezaleyèl fè lòtèl pou boule lansan an ak bwa zakasya. Li fè l' kare kare: dizwit pous lajè, dizwit pous longè, trannsis pous wotè. Kat kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la. 26Bezaleyèl kouvri tout anwo lòtèl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. Apre sa, li mete yon bòdi an lò fè wonn li. 27Li fè de bag an lò, li moute yo anba bòdi a sou de kote lòtèl la. Se nan bag sa yo pou yo pase manch ki pou sèvi pou pote lòtèl la. 28Li fè manch yo an bwa zakasya epi li kouvri yo nèt ak lò. 29Bezaleyèl fè lwil ki pou sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou Bondye a ansanm ak lansan santi bon an, jan moun ki konn fè odè avèk ladrès yo fè yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain