Jou 27 sou 365
Egzòd 38–40
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Egzòd 38
1Bezaleyèl fè lòtèl pou boule ofrann yo an bwa zakasya. Li fè l' kare kare: Li te mezire sèt pye sis pous longè, sèt pye sis pous lajè, kat pye sis pous wotè. 2Li travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, li kouvri tout ak kwiv. 3Li fè tout bagay ki pou mache ak lòtèl la: recho, pèl, fouchèt, plato pou resevwa sann, kivèt. Li fè tout bagay sa yo an kwiv. 4Li fè yon griyaj an kwiv pou lòtèl la, tankou griy pou griye vyann. Li mete griyaj la anba rebò lòtèl la, li fè l' soti anba rive mwatye wotè lòtèl la. 5Li fè kat gwo bag tou won an kwiv, li mete yo nan kat pwent griyaj la. Se nan bag sa yo pou yo pase poto ki sèvi manch pou pote lòtèl la. 6Apre sa, li fè manch an bwa zakasya, li kouvri yo an kwiv nèt. 7Li pase manch yo nan bag won yo sou chak bò lòtèl la, pou yo ka pote lòtèl la. Li fè lòtèl la an planch. Tout anndan lòtèl la te rete vid. 8Bezaleyel pran moso kwiv poli ki te sèvi glas pou medam k'ap sèvi nan pòt antre Tant Randevou a, li fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou pou mete l' chita. 9Li fè galeri a. Sou bò sid la, li moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè. 10Ven ankadreman yo ak ven sipò yo te fèt an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo te an ajan. 11Menm jan an tou, sou bò nò a, li moute yon seri rido ki gen senkant mèt longè avèk ven poto sou ven sipò an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo te an ajan. 12Sou bò lwès la, li moute yon seri rido fèt ak lèz twal ki mezire ven mèt longè, avèk dis poto chita sou dis sipò avèk kwòk poto yo ak trenng yo an ajan. 13Sou bò lès la, galeri a te gen swasannkenz pye lajè. 14Sou bò gòch espas kote yo antre a, li moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. 15Sou bò dwat la, li moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. Se konsa sa te fèt chak bò pòt kote yo antre a. 16Tout rido yo te fèt ak twal fen blan tise byen sere. 17Sipò poto yo te fèt an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo, te fèt an ajan. Tèt poto yo te kouvri an ajan. Tout poto galeri a te mare yonn ak lòt ak trenng an ajan. 18Rido ki te fèmen kote yo antre nan tant lan te bwode byen bèl sou tout kò l'. Li te fèt ak bon twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Li te gen dis mèt longè, de mèt edmi wotè, tankou rido galeri a. 19Kat poto kwen, chita sou kat sipò an kwiv tou, t'ap soutni rido pòt la. Kwòk yo ak trenng yo te fèt an ajan. Tèt poto yo te kouvri an ajan. 20Li fè tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a an kwiv. 21Men kantite metal yo te sèvi pou fè tant kote yo mete Bwat Kontra a. Dapre lòd Moyiz te bay, se pitit Levi yo ki te fè lis metal yo, epi se Itama, pitit Arawon, prèt la, ki t'ap dirije yo nan travay sa a. 22Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a, te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. 23Se Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan, ki te ede l'. Owoliyab sa a te yon bon bòs atizan ki te konn fè desen. Li te konn bwode lenn ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan. 24Tout lò yo te sèvi pou fè travay nan kote ki apa pou Bondye a, se te lò moun yo te ofri bay Bondye. Lò a te peze demil nèfsantrant (02930) liv, dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Seyè a. 25Ajan yo te ranmase pou resansman an te peze dimil swasanndis (010.070) liv, dapre mezi yo sèvi kote ki apa pou Seyè a. 26Sa se kantite ajan yo ranmase antou nan men moun ki te vin bay non yo lè resansman an. Chak moun te bay kantite yo te mande yo, ki vle di yon pyès ajan ki peze yon ons, dapre mezi yo sèvi kote yo mete apa pou Seyè a. Te gen sisantwamil senksansenkant (0603.550) gason ki te gen ventan pou pi piti, ki te enskri nan resansman an. 27Nan dimil swasanndis (010.070) liv ajan yo, dimil (010.000) liv te sèvi pou fè sipò pou tant lan ansanm ak sipò pou rido yo. Chak sipò te pran san liv. 28Avèk swasanndis liv ajan ki te rete a, yo fè kwòk ak trenng pou poto yo, epi yo kouvri tèt poto yo. 29Yo te ofri bay Seyè a sètmil katrevendis (07.090) liv kwiv antou. 30Yo sèvi ak kwiv la pou fè sipò ki nan pòt antre tanp lan, lòtèl la ak griyaj kwiv la ansanm ak tout bagay y'ap bezwen pou sèvi ak lòtèl la. 31Yo fè sipò pou galeri toutotou a, sipò pou pòt kote ki apa pou Seyè a, ansanm ak tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a.
Egzòd 39
1Yo pran twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Yo fè rad tou pou Arawon mete sou li sèlman lè l'ap fè sèvis Bondye, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 2Yo fè jile a ak lò, ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen blan tise byen sere. 3Yo pran fèy lò, yo bat yo, yo koupe yo an filang, yo travay yo nan twal ble, violèt ak wouj la, ansanm ak nan twal fen blan an. Yo bwode yo byen bèl ak anpil ladrès. 4Yo fè zèpòlèt pou jile a. Yo tache yo yonn chak bò jile a pou kenbe moso devan an ak moso dèyè a nan plas yo. 5Bèl sentiwon byen bwode ki mache ak jile a te fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a. Yo te fè l' an lò avèk twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 6Apre sa, yo pran pyè oniks yo, yo moute yo chak sou yon gwo moso lò, yo grave non douz branch fanmi Izrayèl yo tankou lè y'ap grave non moun sou so. 7Yo moute pyè yo sou de zèpòlèt jile a, pou yo toujou chonje branch fanmi pep Izrayèl yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 8Yo fè plastwon an, yo bwode l' byen bèl ak anpil ladrès tankou jile a. Yo fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. 9Yo fè l' kare kare, epi yo double l'. Li te mezire nèf pous kare kare, li te double. 10Yo moute kat ranje pyè sou li. Nan premye ranje a, yo mete yon pyè woubi, yon pyè topaz ak yon pyè emwòd. 11Nan dezyèm ranje a, yo mete yon pyè malachi, yon pyè safi ak yon pyè dyaman. 12Nan twazyèm ranje a, yo mete yon pyè opal, yon pyè agat ak yon pyè ametis. 13Nan katriyèm ranje a, yo mete yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. Yo te moute chak pyè sou yon moso lò. 14Te gen antou douz pyè ak non douz branch fanmi pèp Izrayèl yo grave yonn sou chak pyè. Yo te grave yon non sou chak pyè tankou lè òfèv ap grave so sou bag. 15Yo fè ti chenn pou plastwon an. Ti chenn yo te trese tankou ti kòdon. Yo te fèt ak pi bon kalite lò ki genyen. 16Apre sa, yo fè de moso lò pou moute pyè yo ak de bag an lò. Yo moute de bag yo nan de bout anwo plastwon an. 17Yo mare de ti kòdon an lò yo nan de bag yo, nan bout anwo plastwon an. 18Yo pran de lòt bout chenn yo, yo fè yo pase sou devan jile a. Yo tache yo sou de moso lò yo ki sou zèpòlèt jile a. 19Yo fè de lòt bag an lò, yo tache yo nan bout anba plastwon an sou lanvè, nan bòdi a toupre jile a. 20Yo fè de lòt bag an lò ankò, yo tache yo anba de zèpòlèt jile a, sou devan, toupre kouti a anwo sentiwon jile a. 21Yo mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a. Yo fè tou sa dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 22Apre sa, yo pran twal ble, yo fè rad ki pou ale anba jile a. 23Nan mitan rad la, yo fè yon twou pou pase nan tèt prèt la, epi yo mete yon doubli nan ankoli a tankou yo fè l' pou varèz an po bèt yo, pou li pa chire. 24Yo pran twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, yo fè bodri an fòm grenad sou tout woulèt anba rad la. 25Yo fè ti klòch an lò, yo mete yo nan espas ki separe grenad yo sou tout woulèt rad la. Ti klòch yo ak grenad yo te fè wonn rad la. 26Yon ti klòch, yon grenad, yon ti klòch, yon grenad sou tout woulèt rad la pa anba, jouk yo fè tout tou rad pou Arawon mete sou li lè l'ap fè sèvis la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la. 27Yo pran twal fen blan, yo fè chemiz pou Arawon ak pou pitit gason l' yo. 28Yo pran twal fen blan, yo fè mouchwa tèt la ak ganiti pou bonnèt yo pou moun rekonèt grad yo. Epi yo pran twal fen blan tise byen sere, yo fè kalson yo. 29Yo pran twal fen blan tise byen sere ak bon twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè sentiwon bwode byen bèl la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la. 30Yo fè ti plak lò ki pou ale sou mouchwa tèt la ak pi bon kalite lò ki genyen. Yo grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a, tankou lè y'ap grave so sou bag. 31Yo mare l' ak yon ti kòdon ble anwo nèt sou devan mouchwa tèt la, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 32Se konsa yo te fin fè tout travay pou Tant Randevou a, kote pou Bondye rete a. Moun pèp Izrayèl yo te fè tout bagay dapre lòd Seyè a te di Moyiz la. Wi, se konsa yo te fè l'. 33Yo pran tout bagay, yo pote yo bay Moyiz, depi tant lan, kay kote pou Bondye rete a, ak tout bagay ki mache avè li yo, kwòk li yo, ankadreman li yo, trenng li yo, poto li yo ak sipò yo, 34twati ki fèt ak po belye tenn tou wouj yo, twati yo fè ak po bazann ak rido pou kache Bwat Kontra a, 35bwat ki gen de moso ròch kontra yo, manch li yo ak kouvèti a, 36tab la ak tou sa ki pou sèvi ak tab la, pen yo ofri bay Bondye a, 37gwo lanp sèt branch fèt an lò a, ti lanp ki pou moute an liy dwat sou li yo, avèk tou sa ki pou sèvi ak lanp sèt branch lan ansanm ak lwil pou lanp yo, 38lòtèl fèt an lò a, lwil pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, lansan ki santi bon an ak rido pou fèmen kote pou antre nan tant lan, 39lòtèl fèt an kwiv la avèk griyaj an kwiv la, manch yo ak tou sa ki pou sèvi ak lòtèl la, basen lan ak pye l' a, 40rido pou galeri a, poto yo, sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre sou galeri a, kòd yo, pikèt yo ak tou sa yo bezwen pou fè sèvis nan Tant Randevou a kote pou Bondye rete a, 41bèl rad seremoni pou yo mete lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, mete sou li ansanm ak rad pou pitit gason l' yo mete sou yo lè y'ap fè travay prèt yo. 42Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tout travay la jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la. 43Moyiz egzaminen travay yo te fè a, li wè yo te fè l' jan Seyè a te bay lòd fè l' la. Wi, se konsa yo te fè l'. Lèfini, Moyiz beni yo.
Egzòd 40
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a. 3W'a mete bwat ki gen ròch kontra a ladan l'. y'a kache bwat la ak rido a. 4Apre sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fè pote lanp sèt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li. 5W'a pran lòtèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l' devan bwat ki gen ròch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan. 6W'a pran lòtèl pou boule bèt yo ofri yo, w'a mete l' devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a. 7W'a mete basen lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'. 8W'a moute galeri a fè wonn tant lan, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre sou galeri a. 9W'a pran lwil yo sèvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w'a voye l' sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa w'a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt. 10W'a voye lwil la tou sou lòtèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l'. Se konsa w'a mete lòtèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale. 11W'a voye lwil la tou sou basen lan ak sou pye l' a. Se konsa w'a mete yo apa pou mwen. 12Apre sa, w'a fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen. 13W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt li. W'a mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt. 14W'a fè pitit gason l' yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo. 15W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi m' prèt. Seremoni sa a va mete yo apa pou yo ka toujou sèvi m' prèt, de pitit an pitit. 16Moyiz te fè tou sa Seyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Seyè a te mande l' la. 17Sou premye jou premye mwa nan dezyèm lanne a, yo kanpe tant lan. 18Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute trenng yo nan plas yo, li drese poto yo. 19Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l', jan Seyè a te ba li lòd fè a. 20Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la. 21Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Seyè a te ba li lòd la. 22Li mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bò nò tant lan, pa deyò rido a. 23Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la. 24Apre sa, Moyiz mete lanp sèt branch lan nan Tant Randevou a, sou bò sid tant lan anfas tab la. 25Li ranje ti lanp yo devan Seyè a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 26Li mete lòtèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a. 27Li fè boule lansan santi bon sou li, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. 28Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan. 29Li mete lòtèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lòtèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Seyè a te ba li lòd fè a. 30Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lòtèl la, epi li mete dlo ladan l'. 31Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basen lan. 32Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lòtèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. 33Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lòtèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la. 34Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan. 35Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan. 36Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nwaj la te leve soti anwo tant lan yo te ka derape. 37Men, si nwaj la pa t' leve anwo tant lan, yo pa t' pati. Yo te tann jouk nwaj la te leve. 38Lajounen, nwaj Seyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nwaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
