Jou 224 sou 365

Jeremi 28–30

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jeremi 28

1Nan menm lanne a, nan katriyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Ananya, pitit Azou, moun lavil Gabawon, vin pale avè m' nan tanp Seyè a. Devan tout prèt yo ansanm ak pèp la, li di mwen: 2-Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen kraze pouvwa wa Babilòn lan. 3Nan dezan, jou pou jou, m'ap pote tout bagay ki te nan tanp Seyè a tounen nan plas yo. Wi, tou sa wa Nèbikadneza te pran nan tanp lan pou l' te pote ale lavil Babilòn, m'ap fè yo tounen nan plas yo. 4M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an. 5Lè sa a, devan tout prèt yo ansanm ak foul moun ki te nan kay Seyè a, pwofèt Jeremi reponn pwofèt Ananya. 6Li di konsa: -Dakò! Se pou Seyè a fè sa vre! Se pou li fè sa ou di a rive vre, pou l' fè tout bagay ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak moun yo te depòte yo tounen soti lavil Babilòn. 7Tansèlman, koute byen sa m'ap di ou, ou menm ansanm ak pèp la: 8Pwofèt ki te vini anvan m' yo ak anvan ou tou te fè konnen lagè, grangou ak move maladi pral tonbe sou anpil gwo peyi, sou anpil gran wa ak tout pèp yo. 9Men, lè yon pwofèt di tout bagay pral mache byen, se lè sa li di ki gen pou rive a rive vre y'a rekonèt se Seyè a ki te voye l'. 10Lè sa a, pwofèt Ananya pran jouk bèf ki te sou zepòl Jeremi an, li kraze l' an miyèt moso. 11Apre sa, li pran pale ankò devan tout pèp la. Li di konsa: -Men mesaj Seyè a: Nan dezan, jou pou jou, se konsa mwen pral kraze pouvwa Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Mwen pral kraze jouk bèf li te mete sou zepòl tout nasyon yo. Apre sa, pwofèt Jeremi al fè wout li. 12Kèk tan apre pwofèt Ananya te kraze jouk bèf ki te sou zepòl pwofèt Jeremi an, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa: 13-Ale pale ak Ananya. W'a di l' men sa Seyè a voye di ou: Ou te kraze yon jouk bèf fèt an bwa. Ou pral ranplase l' ak yon jouk bèf fèt an fè. 14Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la di: M'ap mete yon jouk fè sou zepòl tout nasyon sa yo pou yo sèvi Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Ata bèt nan bwa va soumèt devan l'. 15Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa: -Koute byen, Ananya! Se pa Seyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la. 16Se sa ki fè men sa Seyè a di: Li pral disparèt ou sou latè. Anvan lanne an bout, w'ap mouri, paske ou pouse pèp la pou l' te kenbe tèt ak Seyè a! 17Menm lanne an vre, nan setyèm mwa a, pwofèt Ananya mouri.

Jeremi 29

1Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon lèt bay tout moun Nèbikadneza te depòte soti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte. 2Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo. 3Jeremi renmèt lèt la nan men de moun Sedesyas, wa peyi Jida a, t'ap voye bò kote Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se te Elasa, pitit Chafan ak Gemarya, pitit Ilkija. Jeremi voye di yo nan lèt la: 4-Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye pou tout moun li te fè yo pran lavil Jerizalèm pou depòte jouk lavil Babilòn. 5Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou manje. 6Marye, fè pitit. Marye pitit gason nou yo, marye pitit fi nou yo pou yo ka fè pitit. Kote nou ye laba a, peple. Pa kite nou fin mouri. 7Travay pou fè peyi kote Seyè a fè yo depòte nou an wè zafè l' mache byen. Lapriyè Seyè a pou yo. Paske, si sa bon pou yo la bon pou nou tou. 8Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k'ap rakonte rèv yo fè. 9Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m' mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 10Seyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò. 11Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan. 12Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. 13N'a chache m', n'a jwenn mwen paske n'a chache m' ak tout kè nou. 14Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m' ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m' te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m' te pran nou pou m' te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 15Seyè a voye di nou sa paske nou pretann di li voye pwofèt ban nou lavil Babilòn. 16Enben, men sa Seyè a di sou wa ki chita sou fotèy wa David la, sou pèp lavil Jerizalèm la, ki vle di rès fanmi yo pa t' depòte ansanm ak nou yo. 17Wi. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje. 18M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon. 19Tou sa va rive yo paske yo pa t' vle koute sa m' t'ap di yo. Se Seyè a menm ki di sa. Malgre mwen pa t' sispann voye pwofèt yo, sèvitè m' yo, ba yo, yo pa janm vle koute. 20Men, nou menm Seyè a te pran lavil Jerizalèm pou l' depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Seyè a ap di nou! 21Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t'ap pran non Seyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout. 22Apre sa, lè moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo va bezwen bay moun madichon y'a sèvi ak non mesye sa yo. Y'a di: Se pou Seyè a fè ou sa l' te fè Sedesyas ansanm ak Akab wa Babilòn lan te fè boule tou vivan. 23Se sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesaj mwen pa t' mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m'. Se Seyè a menm ki di sa. 24Seyè a te bay pwofèt Jeremi yon mesaj pou Chemaja, moun Nekelam, 25paske Chemaja te pran reskonsablite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo: 26-Seyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo. 27Poukisa ou pa fè anyen ak Jeremi, nonm Anatòt la, k'ap pran pòz pwofèt li nan mitan pèp la? 28Men koulye a li ekri nou isit lavil Babilòn, li voye di nou n'ap rete lontan nan sitiyasyon sa a. Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou ka manje. 29Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi. 30Lè sa a, Seyè a bay Jeremi lòd sa a: 31-Voye mesaj sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Seyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l'. Li fè nou bwè yon bann manti. 32Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a.

Jeremi 30

1Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi: 2-Se mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, k'ap pale avè ou. Ekri nan yon liv tou sa mwen te di ou. 3Paske, talè konsa mwen pral fè pèp mwen an, moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo kanpe ankò. M'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo, y'a reprann peyi a pou yo ankò. 4Men mesaj Seyè a voye bay moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo. 5Mwen tande moun ap rele anmwe. Tout moun tèt anba, yo pa konn sa pou yo fè. 6Mande sa ki genyen! Al gade non! Eske gason konn pouse pitit? Poukisa mwen wè tout gason men anba tivant tankou fanm ki gen tranche? Y'ap dekonpoze, figi yo rale. 7Ala malè, mezanmi! Se yon gwo jou malè k'ap vini. Pa gen jou ki ka parèt devan li. Se va yon tan lafliksyon pou fanmi Jakòb la! Men, y'a chape anba l'. 8Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè jou sa a va vini, m'a kraze jouk bèf ki dèyè kou yo a, m'a kase chenn ki nan ren yo a. Yo p'ap janm esklav moun lòt nasyon ankò. 9Se mwen menm, Seyè a, Bondye yo a, y'a sèvi ansanm ak yon pitit David m'a mete wa sou yo. 10Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò. 11M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou. 12Men sa Seyè a di pèp li a ankò: Pou jan ou donmaje a, pa gen renmèd pou ou. Malenng ou an p'ap janm geri. 13Pa gen pesonn pou defann kòz ou. Se vre, yo konn geri malenng. Men, pou malenng pa ou la, pa gen renmèd. 14Tout moun ki t'ap fè lamou avè ou yo bliye ou. Yo yonn pa okipe ou ankò. Mwen frape ou, tankou si m' te lènmi ou. Pinisyon an te rèd pou ou, paske peche ou la te grav anpil. Ou te fè anpil gwo mechanste. 15Poukisa w'ap plenyen pou jan ou donmaje a, pou soufrans ou ki pa ka fini an? Se paske peche ou la te grav anpil, ou te fè anpil gwo mechanste kifè mwen pini ou konsa. 16Men, yon lè yo gen pou yo devore moun k'ap devore ou koulye a. Y'ap fè tout moun ki pa vle wè ou yo prizonye, y'ap depòte yo. Y'ap piye moun k'ap piye ou yo. Y'ap fini ak moun k'ap fini avè ou yo. 17Nou menm moun Siyon, yo te rele nou: moun yo mete deyò. Yo t'ap di: pa gen moun pou okipe nou. Men, se mwen menm k'ap ban nou renmèd, k'ap geri tout malenng nou yo. Se Seyè a menm ki di sa. 18Seyè a di ankò: -Mwen pral fè moun fanmi Jakòb yo te depòte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bèl kay yo kote yo te ye anvan an. 19Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò. 20Pitit gason yo va tankou nan tan lontan. M'ap fè peyi a kanpe byen fèm ankò devan mwen. M'a pini tout moun k'ap peze yo. 21Se yonn nan nou ki va chèf nan peyi a. Wi, se nan mitan nou yon chèf va soti pou gouvènen nou. L'a vin jwenn mwen lè m'a rele l'. Paske pesonn p'ap pran chans vin jwenn mwen si mwen pa rele l'. Se Seyè a ki di sa. 22Lè sa a, se pèp mwen y'a ye ankò, mwen menm m'a Bondye yo. 23Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo. 24Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li soti pou li fè a. Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain