Jou 220 sou 365

Jeremi 15–17

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jeremi 15

1Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m' pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m'. Fè yo ale. 2Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo! 3Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwezo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo. 4M'ap fè tout nasyon sou latè sezi lè y'a wè sa ki rive yo poutèt sa Manase, pitit gason Ezekyas la, te fè nan lavil Jerizalèm lè li te wa nan peyi Jida a. 5Seyè a di: -Ki moun ki va gen pitye pou nou, nou menm moun lavil Jerizalèm? Ki moun ki va pran lapenn pou nou? Ki moun ki va kite sa y'ap fè pou vin pran nouvèl nou? 6Se nou menm ki voye m' jete. Se Seyè a menm ki di sa. Se nou menm ki vire do ban mwen. Se konsa, mwen leve men m' sou nou pou m' detwi nou, paske mwen bouke pran pasyans ak nou. 7Nan tout ti bouk nan peyi a, mwen mete nou nan laye pou vannen nou tankou pay. Mwen detwi pèp mwen an, mwen kite yo san pitit. Men, yo pa kite move chemen yo t'ap swiv la. 8Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fèk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M' rete konsa m' ba yo kè sere ak kè sote. 9Manman ki pèdi sèt pitit la tonbe san konesans. Souf li kout. Gwo midi, solèy kouche pou li. Li wont, li pa konn sa pou l' fè ankò. M'ap lage sa ki vivan toujou nan nou yo nan men lènmi k'ap touye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 10Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m'? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m' madichon. 11Seyè, se pou tout madichon yo rive m' vre si mwen pa sèvi ou byen, si mwen pa t' plede avè ou pou tout lènmi m' yo, lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sak pa bon. 12Pesonn pa ka kraze bout fè k'ap soti nan nò a, fè ki melanje ak kwiv la. 13Seyè a di m' ankò: -M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m'ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a. 14M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo nan yon peyi nou pa konnen, paske nou fè m' fè kolè. Tankou yon dife m'ap boule nou. 15Lè sa a mwen di: -Ou menm, Seyè, ou konn tout bagay. Pa bliye m' non! Vin pote m' sekou! Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m' yo! Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gen tan touye m'. Chonje se poutèt ou y'ap joure m' konsa! 16Lè ou pale avè m', mwen koute tou sa ou di m'. Pawòl ou yo, se tout plezi m'. Yo fè kè m' kontan, paske yo mete m' apa pou ou, Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a. 17Mwen pa pèdi tan m' chita ak moun k'ap bay blag pou m' pran plezi m' ak yo. Ou te pran m' anba ponyèt ou. M' mete kò m' sou kote, paske ou te fè m' fache menm jan avè ou! 18Poukisa m'ap soufri san rete konsa? Poukisa kote m' blese a pa ka geri? M' pa ka jwenn renmèd pou li. Gen lè ou soti pou ou woule m'? Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l' vle. 19Men sa Seyè a reponn mwen: -Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m' ankò pou ou sèvi m'. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap soti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo. 20M'ap fè ou kanpe devan moun sa yo tankou yon miray fèt an kwiv byen solid. Y'a goumen avè ou, men yo p'ap ka fè ou anyen. M'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou, pou m' delivre ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 21M'ap delivre ou anba men mechan yo, m'ap fè ou soti anba ponyèt lwijanboje yo.

Jeremi 16

1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Pinga ou marye pou ou pa gen ni pitit gason ni pitit fi yon kote konsa. 3Paske se mwen menm Seyè a k'ap di ou sa ki pral rive pitit gason ak pitit fi ki fèt isit la, sa ki pral rive manman ak papa k'ap fè pitit nan peyi a. 4Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa. 5Wi, men sa Seyè a di ankò: -Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pesonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Seyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò. 6Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pesonn p'ap kriye pou yo. Pesonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo. 7Pesonn p'ap manje pen ak diven avèk moun ki nan lapenn, avèk moun ki gen lanmò nan fanmi yo. Pesonn p'ap moutre yo nan lapenn ak moun ki pèdi papa yo osinon manman yo. 8Pa antre nan kay kote y'ap fè fèt non plis. Pa chita sou tab pou manje bwè ak yo. 9Paske men sa mwen menm, Seyè a ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Nou tout k'ap viv isit la, m'ap fè nou wè m'ap fè tout moun sispann fè kè yo kontan, sispann fè fèt lè y'ap marye. 10Lè w'a di yo tou sa, y'a mande ou: Men, poukisa Seyè a pran desizyon pou li voye gwo malè sa a sou nou? Kisa nou fè ki mal? Ki krim nou fè ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi? 11Lè sa a, w'a reponn yo: -Men sa Seyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y' al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo. 12Lèfini, nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m'. 13Se konsa, m'ap mete nou deyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò. 14Se konsa, men sa Seyè a di: -Yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip. 15Lè sa a, y'a di pito: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi nan nò a ak tout lòt peyi kote li te gaye yo. Wi, m'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a. 16Seyè a di ankò: -Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch. 17Je m' louvri sou tou sa y'ap fè. Anyen pa kache pou mwen. Yo mèt kache kò yo jan yo vle, mwen wè tou sa yo fè ki mal. 18Pou konmanse, m'ap fè yo peye doub pou tout peche yo, pou tou sa yo fè ki mal, paske yo derespekte tout peyi m' lan ak vye zidòl yo ki tankou kadav santi. Yo plen peyi a ak fo bondye. 19Seyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m' tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va soti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: -Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen. 20Eske moun ka fè bondye pa yo? Zidòl sa yo pa bondye tout bon. 21Se konsa, fwa sa a, mwen pral fè yo konprann. Fwa sa a, mwen pral fè yo konnen fòs ponyèt mwen. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Bondye sèl Mèt la.

Jeremi 17

1Seyè a di: -Yo ekri peche moun Jida yo ak yon sizo an fè. Li make nan kè nou ak yon pwent an dyaman. Li grave sou kat kwen lotèl nou yo, 2pou pitit yo ka chonje tout lotèl yo ak tout poto repozwa yo plante bò pyebwa plen fèy sou tèt mòn yo. 3Nou menm k'ap fè sèvis sou mòn yo, nan mitan pyebwa yo, m'ap fè moun vin piye richès nou yo ak trezò nou yo poutèt peche nou te fè sou mòn yo toupatou nan peyi a. 4Se nou menm ankò ki pral bay peyi mwen te ban nou an. M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo, nan yon peyi nou pa t' janm konnen paske nou te fè m' fache. Kòlè m' tankou yon dife ki p'ap janm mouri. 5Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo. 6Y'ap tankou yon ti pyebwa nan dezè k'ap pouse nan yon tè sèk, san dlo, nan yon tè sale kote pèsonn pa rete. Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen. 7benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li. 8L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k'ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l' anyen, l'ap toujou donnen. 9Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm? 10Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo. 11Moun k'ap fè mal pou yo ka rive rich, yo tankou zwezo k'ap kouve ze yo pa t' ponn. Yo poko parèt, y'ap pèdi tou sa yo te genyen. Anvan yo mouri, yo gen tan pèdi tèt yo. 12Tanp nou an tankou yon bèl fotèy ki kanpe sou tèt mòn lan depi nan konmansman. 13Seyè! Se ou ki tout espwa pèp Izrayèl la. Tout moun ki lage ou pral wont. Moun ki vire do ba ou ap disparèt tankou non ki ekri sou sab, paske yo lage ou, Seyè, ou menm ki sous dlo fre a. 14Seyè, geri m' non, m'a gaya! Delivre m' non, m'a sove! Se pou ou m'a fè lwanj. 15Moun yo ap di mwen: Kote sa Seyè a te di a? Se pou l' rive vre! 16Men, Seyè, mwen pa t' janm kole dèyè ou pou ou te voye malè sou yo! Mwen pa t' janm mande pou move tan tonbe sou yo! Seyè, ou konn sa! Se devan ou mwen te di tou sa m' te di. 17Tanpri, pa kite sa vire mal pou mwen! Jou malè se ou ki tout pwoteksyon m'! 18Se moun k'ap chache touye m' yo ki pou wont. Pa mwen. Se yo ki pou gen kè kase. Pa mwen. Fè malè tonbe sou yo. Kraze yo an miyèt moso! 19Men sa Seyè a di ankò: -Al kanpe bò Pòtay Pèp la, kote wa Jida yo pase pou antre soti nan lavil la. W'a bay mesaj sa a. Lèfini, al kanpe bò tout lòt pòtay lavil yo, w'a di menm bagay la. 20W'a di yo: Nou menm, wa peyi Jida ak tout moun nan peyi a, nou tout moun lavil Jerizalèm ki pase nan pòtay sa yo, koute sa Seyè a di: 21Li te di si nou renmen lavi nou, pa pote ankenn chay jou repo a. Pa kite yo pote chay antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo. 22Pa pote chay soti lakay nou jou repo a. Piga nou fè ankenn travay jou sa a. Se pou nou mete jou repo a apa pou Seyè a, jan mwen te bay zansèt nou yo lòd la. 23Men zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa okipe sa m' te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m'. Yo derefize fè sa m' te di yo fè. 24Men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Si nou menm nou koute lòd mwen ban nou, si nou pa kite pesonn pote chay antre nan pòtay lavil la jou repo a, si nou kenbe jou repo a tankou yon jou nou mete apa pou mwen, si nou pa fè ankenn travay jou sa a, 25lè sa a, wa nou yo va antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ansanm ak chèf nou yo. Y'a chita sou fotèy wa David la. Yo menm ansanm ak tout pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo, y'a moute cha lagè yo ak chwal yo. Ap toujou plen moun nan lavil Jerizalèm. 26Moun va soti nan tout lavil peyi Jida yo, nan tout vwazinaj lavil Jerizalèm lan, y'a soti nan peyi moun Benjamen yo, nan zòn ki nan pye mòn yo, nan mòn yo ak nan sid peyi Jida a, y'a pote bèt pou boule nèt pou Seyè a, bèt pou yo touye sou lotèl li a, ofrann grenn jaden yo ak lansan, ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi nan kay Seyè a. 27Tansèlman, si nou pa koute m', si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pesonn p'ap ka touye dife sa a.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain