Jou 162 sou 365
Sòm 34–37
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Sòm 34
1(034:1) Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. (034:2) Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li. 2(034:3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. 3(034:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm! 4(034:5) Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo. 5(034:6) Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont. 6(034:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray. 7(034:8) Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje. 8(034:9) Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li! 9(034:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen. 10(034:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen. 11(034:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a. 12(034:13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan? 13(034:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti. 14(034:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun. 15(034:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'. 16(034:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo. 17(034:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray. 18(034:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. 19(034:20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo. 20(034:21) L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze. 21(034:22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. 22(034:23) Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.
Sòm 35
1Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m' yo, goumen ak moun k'ap fè m' lagè yo. 2Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou. 3Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k'ap pousib mwen yo. Fè m' konnen se ou menm k'ap delivre m'. 4Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo. 5Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo. 6Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo. 7San m' pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen. San m' pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'. 8Men, y'ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo, y'ap pran nan pèlen yo te tann lan, y'ap tonbe nan twou yo te fouye a. 9Se konsa Seyè a pral fè kè m' kontan, m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen. 10M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo. 11Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè. 12Moun mwen fè byen se yo k'ap fè m' mal. Mwen fin dekouraje. 13Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo, 14menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m', tankou yon moun ki pèdi manman l'. 15Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf. 16Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen. 17Seyè, pou konbe tan ankò w'a penmèt sa? Pwoteje m' non anba bèt sovaj sa yo. Sove m' anba lyon sa yo. 18M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun. 19Pa kite lènmi m' yo, bann mantò sa yo, fè fèt sou tèt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m' san m' pa fè yo anyen an fè siy sou mwen. 20Yo pale tankou moun k'ap chache kont. Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun ki pa nan kont ak pesonn nan peyi a. 21Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wè ou! 22Men ou menm, Seyè, ou wè tout bagay. Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Seyè! Pa rete lwen m' konsa. 23Leve non, Seyè, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen! 24Ou pa nan patipri, Seyè. Fè m' jistis. Pa kite lènmi m' yo fè fèt sou tèt mwen. 25Pa kite yo di nan kè yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avè l'! 26Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache! 27Se pou moun ki kontan wè jan m' inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze. 28Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen.
Sòm 36
1(036:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (036:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye. 2(036:3) Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo. 3(036:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko. 4(036:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal. 5(036:6) Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou. 6(036:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo. 7(036:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon. 8(036:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo. 9(036:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè! 10(036:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou! 11(036:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri. 12(036:13) Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!
Sòm 37
1Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo! 2Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon. 3Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze! 4Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen. 5Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou. 6L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi. 7Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo. 8Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal. 9Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo. 10Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo. 11Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale. 12Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo. 13Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan. 14Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo. 15Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo. 16Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal. 17Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo. 18Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan. 19Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a. 20Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen. 21Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado. 22Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a. 23Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat. 24Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men. 25Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite. 26Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun. 27Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete. 28Paske, Seyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt. 29Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan. 30Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki soti nan bouch li. 31Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite. 32Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l' touye l'. 33Men, Seyè a p'ap lage l' nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l' lè y'ap jije l'. 34Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè. 35Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou. 36Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò. 37Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit. 38Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou. 39Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray. 40L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
