Jou 14 sou 365
Jenèz 44–46
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jenèz 44
1Apre sa, Jozèf bay chèf domestik la lòd sa a: -Plen sak mesye yo manje mezi yo ka pote. Mete lajan chak moun nan bouch sak yo. 2W'a pran gwo gode m' lan, gode an ajan an, w'a mete l' nan bouch sak pi piti a ansanm ak tout lajan l' lan. Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l' fè a. 3Nan denmen maten, byen bonè, yo voye mesye yo al fè wout yo ak tout bourik yo. 4Yo te fin kite lavil la dèyè, men yo pa t' pi lwen pase sa, lè Jozèf di domestik li a: -Leve, kouri dèyè mesye yo. Lè w'a trape yo, w'a di yo: Poukisa nou aji mal konsa ak moun ki fè nou byen? 5Poukisa nou pran gwo gode mèt mwen an? Se ladan l' li bwè, se ak li li sèvi pou l' konnen sa ki pral pase. Sa nou fè a pa bon menm. 6Lè domestik la trape yo, li repete tout sa mèt li a te di l'. 7Men yo reponn: -Men msye, nou pa konprann sa w'ap di la a. pou n' ta fè bagay konsa? Mande Bondye padon! 8Gade, lajan nou te jwenn premye fwa a nan bouch sak nou yo, nou pote l' tounen ba ou soti peyi Kanaran. Ki jan ou vle wè pou nou ta vòlò ajan osinon lò kay mèt la? 9Si ou jwenn gwo gode a nan men yonn nan nou, se pou moun sa a mouri. Nou menm lòt yo, se pou yo fè nou tounen esklav. 10Domestik la di: -Dakò. Men, si yo jwenn gode a nan men yonn nan nou, se moun sa a m'ap pran pou sèvi m' esklav. Lòt yo lib, yo mèt ale. 11La menm, yo prese mete sak yo atè, chak moun louvri sak yo. 12Chèf domestik Jozèf la pran fouye sak yo yonn apre lòt. Li konmanse ak sak pi gran an pou l' fini ak sak pi piti a. Yo jwenn gode a nan sak Benjamen an. 13Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran mesye yo, yo chire rad sou yo. Chak moun chaje bourik yo ankò, yo tounen lavil. 14Lè Jida ak frè l' yo rive lakay Jozèf, Jozèf te la toujou. Yo bese tèt yo jouk atè devan li. 15Jozèf di yo: -Kisa nou fè konsa? Eske nou pa konnen yon nonm tankou mwen gen pouvwa pou m' wè tout sa ki pral rive? 16Jida reponn li: -Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l' lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou. 17Men Jozèf di: -Mande Bondye padon! Mwen pa ka fè sa. Moun ki te gen gode a, se li menm sèlman k'ap rete pou sèvi m' esklav. Lòt yo mèt tounen lakay papa yo ak kè poze jan yo te vini an. 18Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l' konsa: -Tanpri, mèt. Kite m' di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an. 19Mèt, ou te mande nou èske papa nou la, èske nou gen lòt frè. 20Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l'. Men, li mouri. Nan de pitit manman l' yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l' anpil. 21Ou te mande nou pou nou mennen l' isit la pou ou te ka wè l'. 22Nou te reponn ou, mèt, ti bway la pa t' ka kite papa l'. Si li kite l', chagren va touye papa a. 23Men, ou te kenbe pawòl ou pi rèd, ou te di nou si ti frè nou an pa vini ak nou, nou pa bezwen parèt devan ou. 24Lè nou tounen kay papa nou, nou rakonte l' tout sa ou te di nou. 25Apre sa, papa di nou: Tounen al achte manje pou mwen. 26Nou di l': Non, papa. Nou pa ka desann paske si ti frè nou an pa ale ak nou, nou p'ap ka parèt devan chèf la. Men, si ou dakò pou ti frè nou an ale ak nou, n'a desann. 27Lè sa a, papa nou di: Nou konnen madanm mwen te fè de sèl pitit gason pou mwen. 28Gen yonn ki pati kite m'. Mwen kwè se bèt nan bwa ki dwe devore l', paske mwen pa janm wè l' jouk koulye a. 29Jòdi a, si nou pran sa a nan men m', si yon malè rive l', avèk tout laj sa ki sou tèt mwen an, mwen p'ap ka sipòte lapenn sa a, chagren va touye m'. 30Koulye a atò, mèt, si mwen tounen al jwenn papa m' san pitit gason l' sa a, ki de je nan tèt li, 31kou la gade li wè pitit li a pa la, l'ap mouri. Se nou menm ki va lakòz lapenn sa a k'ap twòp pou granmoun lan. Papa nou va mouri sou kont nou. 32Wi, se mwen menm ki te bay papa m' garanti m'ap tounen ak pitit la. Mwen te di l': Si m' pa mennen l' tounen ba li, se mwen menm k'ap pote fòt la devan l' jouk jou mwen mouri. 33Se poutèt sa, mèt, tanpri, kite ti bway la ale avèk frè l' yo, kite m' pran plas li. Gade m' pou esklav ou. 34Mwen pa konnen ki pye pou m' ta mete devan pou m' tounen kay papa m' san ti gason an pa avèk nou. Mwen pa ta vle wè lapenn sa a tonbe sou papa m'.
Jenèz 45
1Jozèf pa t' kapab kenbe ankò devan tout moun ki t'ap sèvi l' yo. Li di byen fò: -Fè tout moun soti. Se konsa, pesonn pa t' la avèk Jozèf lè li fè frè l' yo rekonèt li. 2Li te pran kriye byen fò, tèlman fò moun peyi Lejip yo te tande l'. Bri a te rive jouk lakay farawon an. 3Jozèf di frè l' yo: -Se mwen menm Jozèf. Eske papa m' vivan toujou? Men frè l' yo pa t' kapab reponn li paske yo te boulvèse lè yo wè l' devan yo. 4Jozèf di frè l' yo: -Pwoche vin pi pre m'. Yo pwoche, li di yo: -Se mwen menm Jozèf wi, frè nou an. Se mwen menm wi nou te vann bay moun ki tapral peyi Lejip la. 5Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen règrèt nou te vann mwen pou yo mennen m' isit la. Se Bondye ki te voye m' devan pou m' te ka sove lavi nou. 6Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò. 7Bondye te voye m' vini devan pou ras nou an pa t' fini nan peyi a, pou m' te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri. 8Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m' isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m' sèvi yon papa pou farawon an. Mwen se chèf nan tout kay li, se mwen k'ap gouvènen tout peyi Lejip la. 9Koulye a, prese tounen kay papa m'. Al di l': Men sa Jozèf, pitit gason l' lan, voye di l': Bondye mete m' chèf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize. 10Ou pral rete nan peyi Gochenn. Konsa, w'a toupre m', ou menm ansanm ak pitit ou yo, pitit pitit ou yo, mouton ou yo, bèf ou yo ak tout sa ou genyen. 11Lè wa Gochenn, m'a pran swen ou, paske grangou a la pou senk lanne ankò. 12Koulye a, nou wè, pa vre. Benjamen, frè m' lan, wè tout se mwen menm menm Jozèf k'ap pale ak nou an. 13Fè papa m' konnen jan moun respekte m' isit nan peyi Lejip. Rakonte l' tou sa nou wè. Prese mennen papa m' desann isit la. 14Epi li lage kò l' nan bra Benjamen, frè li a, li konmanse kriye ankò. Benjamen tout t'ap kriye sou zepòl li. 15Apre sa, li bo tout frè li yo, li t'ap kriye toujou. Lèfini, frè l' yo pran pale ak li. 16Lè moun lakay farawon yo vin konnen frè Jozèf yo te vini, sa te fè farawon an ak chèf li yo kontan. 17Farawon an di Jozèf konsa: -Pale ak frè ou yo. Di yo men sa pou yo fè: Chaje bèt yo, ale nan peyi Kanaran. 18Lè y'a rive, y'a pran papa yo ak tout fanmi yo, y'a tounen vin jwenn mwen. m'a ba yo pi bon tè ki nan peyi Lejip la pou fè jaden. Y'a manje pi bon manje ki gen nan peyi a. 19Ou menm poutèt pa ou, w'a di yo sa pou yo fè. Y'a pran kèk cha nan peyi Lejip la pou timoun yo ak madanm yo. Y'a mennen papa yo vini. 20Yo pa bezwen règrèt kite anyen, paske se pi bon bagay nan tout peyi Lejip la m'ap ba yo. 21Se sa menm pitit Izrayèl yo te fè. Jozèf ba yo kèk cha jan farawon an te ba li lòd la. Li ba yo pwovizyon pou fè vwayaj la. 22Li ba yo chak yon rad tout nèf. Men, li bay Benjamen twasan (0300) pyès lajan ak senk rad nèf. 23Apre sa, li pran dis mal bourik chaje ak pi bon bagay ki te nan peyi Lejip la, dis fenmèl bourik chaje ak ble ak pen ak tout kalite lòt pwovizyon ankò, li voye bay papa l' pou l' ka fè vwayaj la. 24Lè l'ap voye frè l' yo pati, li di yo: -Piga nou chache kont yonn ak lòt nan chemen an, tande. 25Yo kite peyi Lejip, yo rive Kanaran lakay Jakòb, papa yo. 26Yo di l': -Papa, Jozèf la toujou wi. Se li menm k'ap gouvènen peyi Lejip la wi. Men, Jakòb rete tout frèt, paske li pa t' kwè yo. 27Men, lè yo rakonte l' tout sa Jozèf te di yo, lè li wè cha Jozèf te voye pou l' te ka vwayaje a, Jakòb gen yon sèl kontantman ki pran l'. 28Li di yo: -Se kont. Jozèf, pitit mwen an, vivan toujou. Fòk m ale pou m' ka wè l' anvan m' mouri.
Jenèz 46
1Izrayèl pati avèk tout sa li te genyen. li al Bècheba, li touye bèt, li ofri yo bay Bondye Izarak, papa li. 2Jou lannwit sa a, Bondye pale ak Izrayèl nan rèv, li di l': -Jakòb! Jakòb! Jakòb reponn: -Men mwen wi. 3Bondye di li: -Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a. 4M'ap desann avè ou nan peyi Lejip, m'ap fè pitit pitit ou yo tounen isit la ankò. Se Jozèf ki va fèmen je ou lè wa mouri. 5Jakòb pati, li kite Bècheba. Pitit Izrayèl yo pran Jakòb, papa yo, ansanm ak timoun yo ak madanm yo, yo fè yo moute sou cha farawon an te voye pou yo vwayaje a. 6Yo pran tout bèt ak tout byen yo te fè nan peyi Kanaran an. Yo desann nan peyi Lejip. Yo mennen Jakòb desann nan peyi Lejip ak tout pitit pitit li yo. 7Jakòb pran pitit gason l' yo ak pitit fi l' yo, pitit pitit li yo, fi kou gason, li desann nan peyi Lejip ak yo tout. 8Men non pitit Izrayèl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l' yo. Premye gason an te rele Woubenn. 9Men non pitit Woubenn yo: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. 10Men non pitit Simeyon yo: Jemouyèl, Jamen, Orad, Jaken, Zoka ak Sayil. Li te fè dènye sa a ak yon fanm peyi Kanaran. 11Men non pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari. 12Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul. 13Men non pitit Isaka yo: Tola, Pouva, Jòb ak Chimwon. 14Men non pitit Zabilon yo: Serèd, Elon ak Jaleyèl. 15Se pitit sa yo Leya te fè pou Jakòb lè yo te Mezopotami. Leya te fè yon fi tout yo te rele Dena. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou tranntwa gason ak yon fi. 16Men non pitit gason Gad yo: Zifjon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areyèli. 17Men non pitit gason Asè yo: Jimna, Jichva, Jichvi epi Beria. Yo te gen yon sè ki te rele Serak. Beria te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. 18Se pitit gason sa yo Zilpa te fè pou Jakòb. Zilpa sa a, se te sèvant Laban te bay Leya, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèz moun. 19Men non pitit gason Rachèl, madan Jakòb: Jozèf ak Benjamen. 20Pandan Jozèf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an, te fè Manase ak Efrayim pou li. 21Men non pitit Benjamen yo: Bela, Bekè, Achbèl, Gera, Naaman, Ei, Wòch, Moupen, Oupim epi Ad. 22Se pitit gason sa yo Rachèl te fè pou Jakòb. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou katòz moun. 23Men non pitit gason Dann lan: Ouchim. 24Men non pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè epi Chilèm. 25Se pitit gason sa yo Bila te fè pou Jakòb. Bila sa a, se te sèvant Laban te bay Rachèl, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèt moun. 26Antou sa te fè swasannsis moun, pitit ak pitit pitit ki te desann nan peyi Lejip ansanm ak Jakòb, san konte madanm pitit li yo. 27Avèk Jozèf ki te gen tan fè de pitit nan peyi Lejip, sa te fè antou swasanndis moun laras Jakòb ki te vin nan peyi Lejip. 28Izrayèl te voye Jida devan al mande Jozèf pou l' vin jwenn li Gochenn. 29Jozèf fè pare cha li a, li moute, li al Gochenn, li al kontre papa l'. Rive Jozèf rive devan papa l', li lage kò l' nan bra l', li pase yon bon tan ap kriye sou zepòl li. 30Izrayèl di Jozèf konsa: -Koulye a, mwen wè figi ou, mwen konnen ou vivan toujou, mwen mèt mouri. 31Epi Jozèf di frè l' yo ak tout fanmi papa l' yo: -Mwen pral avèti wa a. Mwen pral di l': men frè m' yo ak tout fanmi papa m' yo ki t'ap viv nan peyi Kanaran vin jwenn mwen isit la. 32Se gadò mouton yo ye. Se bèt yo konn gade. Yo mennen tout mouton yo ak tout bèf yo ansanm ak tout sa yo genyen. 33Lè farawon an va rele nou pou mande nou ki metye nou, 34n'a reponn li: Monwa, depi nou tout piti jouk koulye a, se bèt n'ap gade, tankou tout zansèt nou yo. Konsa, nou ka rete nan peyi Gochenn lan. Li te di yo sa paske moun peyi Lejip yo pa ka sipòte wè moun k'ap gade bèt viv nan mitan yo.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
