Jou 134 sou 365

2 Istwa 25–28

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

2 Istwa 25

1Amasya te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalèm. 2Amasya te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa ak tout kè li. 3Lè Amasya fin chita otorite l', li fè touye chèf lame ki t'ap sèvi avè l' yo epi ki te touye papa l'. 4Men li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske dapre sa ki ekri nan Liv lalwa Moyiz la, Bondye te bay lòd sa a: Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè. 5Amasya reyini tout gason nan branch fanmi Jida yo ak nan branch fanmi Benjamen yo, li moute yon lame, chak fanmi apa. Li mete yon chèf alatèt chak rejiman mil sòlda ak yon chèf alatèt chak divizyon san sòlda. Li fè konte tout gason ki te gen ventan ak sa ki te gen ventan depase. Li fè kouche yo sou rejis. Li jwenn te gen twasanmil (0300.000) sòlda ki te pi bon nan sèvi ak zam, ki te pare pou fè lagè, ki te gen ladrès pou sèvi ak frenn ak gwo plak pwotèj. 6Lèfini, li pran sanmil (0100.000) vanyan sòlda nan peyi Izrayèl, li peye yo chak twasan (0300) kilo ajan pou yo goumen pou li. 7Men yon pwofèt Bondye vin di li: -Monwa, pa pran sòlda peyi Izrayèl sa yo ak ou nan lame a, paske Seyè a pa avèk moun peyi Izrayèl yo, avèk bann pitit Efrayim sa yo. 8Paske si ou konprann ou ka ranfòse lame ou la avèk moun sa yo pou ou al fè lagè, Bondye ap fè ou bese tèt devan lènmi ou yo, paske se Bondye ki gen pouvwa pou fè ou genyen osinon pou fè ou pèdi batay la. 9Amasya mande pwofèt Bondye a: -Bon, sa k'ap rive twa san kilo ajan sa yo mwen deja bay sòlda peyi Izrayèl yo? Pwofèt la reponn li: -Seyè a ka renmèt ou plis pase sa! 10Se konsa Amasya fè sòlda li te fè vini soti nan peyi Efrayim yo mete kò yo sou kote, li voye yo al fè wout yo lakay yo. Men sòlda sa yo te fache anpil sou moun peyi Jida yo poutèt sa. Yo tounen lakay yo byen move. 11Amasya mete gason sou li, li mennen lame li a nan Fon Sale a kote li touye dimil (010.000) moun mòn Seyi. 12Sòlda peyi Jida yo fè dimil (010.000) prizonye met sou sa. Yo pran yo, yo mennen yo sou tèt yon falèz, yo lage yo anba kote yo mouri kraze. 13Men, sòlda Amasya te voye tounen lakay yo pou yo pa ale nan lagè ansanm avè l' yo, anvayi lavil peyi Jida yo, depi lavil Samari rive lavil Bètowon. Yo touye twamil (03.000) moun, yo pran yon pakèt bagay pote ale. 14Lè Amasya t'ap tounen apre li fin kraze moun peyi Edon yo, li pran bondye moun mòn Seyi yo avè l'. Li fè yo tounen bondye pa l', li sèvi yo, li boule lansan pou yo. 15Seyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l' konsa: -Poukisa koulye a ou pran sèvi bondye yon pèp ki pa t' ka sove pèp sa a anba men ou? 16Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen. 17Men Amasya, wa peyi Jida a, koute konsèy lòt moun, li voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li di l': -Vini non! Ann wè sa ki pi fò! 18Men, Joas voye reponn li: -Yon jou, yon pye pikan ki te sou mòn Liban an voye yon misyon bay yon pye sèd. Li di l': Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avè l'. Yon bèt bwa pase bò la, li kraze pye pikan an. 19Amasya, ou di ou kraze moun peyi Edon yo, koulye a, ou kite lògèy vire tèt ou. Men pito ou rete chita lakay ou tande! Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou epi pou sa pase mal ni pou ou, ni pou peyi Jida a? 20Men Amasya derefize koute l'. Paske se te volonte Bondye pou l' te lage l' nan men Joas poutèt li te pran sèvi bondye pèp Edon yo. 21Se konsa Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bò lavil Bètchemès, nan peyi Jida. 22Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gaye, yo kouri al lakay yo. 23Joas, wa peyi Izrayèl la, fe Amasya, pitit Joas, pitit pitit Joakaz, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemès. Lèfini, li mache sou lavil Jerizalèm. Li kraze miray lavil la sou yon longè ki pran depi nan pòtay Efrayim lan rive jouk bò pòtay Kwen an. Sa te fè antou 180 mèt nan miray la. 24Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a sou kont Obèd-Edon, ak tout richès ki te nan palè a, san konte kantite moun li te fè prizonye tankou yon garanti. Apre sa, li tounen tounen l' lavil Samari. 25Amasya, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la. 26Tout rès istwa Amasya a, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, tou sa ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo. 27Depi lè Amasya te lage pye Seyè a, yo t'ap fè konplo sou do l' lavil Jerizalèm. Bout pou bout, li kouri al kache lavil lakis. Men, yo voye dèyè l' jouk lavil lakis, yo pran l', yo touye l'. 28Lèfini yo pote kadav li sou chwal lavil Jerizalèm. Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la.

2 Istwa 26

1Tout pèp peyi Jida a pran Ozyas, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Ozyas te gen sèzan lè sa a. 2Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l' tounen anba otorite wa peyi Jida a apre lanmò papa l'. 3Ozyas te gen sèzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkanndezan. Manman l' te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalèm. 4Ozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a menm jan ak Amasya, papa l', te fè l'. 5Pandan toutan Zakari te la pou moutre l' jan pou l' gen krentif Bondye a li t'ap sèvi Seyè a san mank. Pandan tout tan li t'ap sèvi Seyè a, Bondye te fè zafè l' mache byen. 6Ozyas leve al goumen ak moun Filisti yo. Li kraze miray ranpa lavil Gat, lavil Jabne ak lavil Asdòd. Li bati lòt lavil ak miray ranpa nan zòn Asdòd ak nan mitan peyi Filisti a. 7Bondye ede l' goumen kont moun Filisti yo, kont moun Arabi ki t'ap viv lavil Goubaal yo, ak kont moun Mawon yo. 8Moun Amon yo te peye lajan taks bay Ozyas. Yo t'ap nonmen non l' jouk sou fwontyè peyi Lejip, paske li te vin gen anpil pouvwa. 9Ozyas ranfòse defans lavil Jerizalèm. Li bati gwo fò tou won bò Pòtay Kwen an, bò Pòtay Fon an ak nan yon kwen miray la. 10Li bati gwo fò tou won nan dezè a, li fouye gwo basen pou kenbe dlo paske li te gen anpil mouton ni nan plenn lan ni sou platon yo. Li te gen moun ap travay pou li nan jaden li yo, ak moun pou okipe jaden rezen l' yo nan mòn, paske li te renmen travay latè. 11Ozyas te gen yon gwo lame toujou pare pou fè lagè. Lame a te separe an gwoup, dapre jan yo te enskri nan rejis Jeiyèl, sekretè wa a, ak Masyas, grefye a, te kenbe sou kontwòl Ananya, yonn nan gwo chèf wa a. 12Te gen demil sisan (02.600) chèf fanmi alatèt vanyan sòlda sa yo. 13Sou zòd yo te gen yon lame ak twasansètmil senksan (0307.500) sòlda toujou pare pou lagè. Yo te grannèg anpil, yo te toujou pare pou al goumen ak lènmi wa yo. 14Ozyas bay tout moun nan lame a plak pwotèj, frenn, kas pou tèt yo, rad an plak fè, banza ak flèch, ak wòch pou gwo fistibal. 15Nan lavil Jerizalèm, li te gen yon enjenyè ki t'ap fè tout kalite machin pou voye flèch ak gwo wòch. Li fè mete machin sa yo nan fò won yo ak nan kwen miray ranpa yo. Yo t'ap nonmen non Ozyas byen lwen, paske Bondye te sitèlman ede l' li te vin gen anpil pouvwa. 16Men, lè li fin chita pouvwa l' byen chita, lògèy vire tèt li, sa lakòz pye l' chape. Li fè bagay Seyè a, Bondye li a, pa t' ba li dwa fè. Yon jou li antre nan Tanp Seyè a pou boule lansan sou lotèl lansan an. 17Azarya, prèt la, antre dèyè l' ak katreven lòt prèt Seyè a, tout vanyan gason. 18Yo vin kanpe devan wa a, yo di l': -Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Seyè a. Se prèt yo ase, moun fanmi Arawon yo, yo mete apa pou fè sa. Wete kò ou kote yo mete apa nèt pou Seyè a. Paske sa w'ap fè a pa bon devan Bondye. Bondye p'ap kontan avè ou poutèt sa. 19Ozyas te kanpe ak lansanswa a nan men l' pou l' te ofri lansan an. Li move sou prèt yo. Lamenm, nan mitan Tanp Seyè a, toupre lansan an, devan tout prèt yo, yon move maladi po parèt sou fwon li. 20Lè granprèt la, Azarya, ak lòt prèt yo gade l', yo wè maladi a parèt sou fwon li. Yo mete l' deyò. Li menm, li prese soti paske se Seyè a menm ki te pini l'. 21Wa Ozyas rete ak maladi po a sou li jouk li mouri. Li te rete nan yon ti kay apa pou kont li, jan yo fè l' pou moun ki gen maladi sa a. Yo enpoze l' mete pye l' nan kay Seyè a. Se Jotam, pitit gason l' lan, ki te reskonsab tout bagay nan palè a. Se li menm tou ki te gouvènen pèp la nan peyi a. 22Pwofèt Izayi, pitit Amòz la, te ekri tout rès istwa Ozyas la, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a. 23Lè Ozyas mouri, yo antere l' apa nan simityè wa yo. Poutèt vye maladi po li a, yo pa t' mete l' nan tonm wa yo. Se Jotam, pitit li a, ki moute wa nan plas li.

2 Istwa 27

1Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk. 2Jotam te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou Ozyas, papa l', te fè. Tansèlman, li pa t' janm mete pwent pye l' nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo. 3Se Jotam ki te bati Pòtay Nò Tanp Seyè a. Li fè anpil travay nan miray lavil la nan zòn yo rele Ofèl la. 4Li bati anpil lavil nan mòn peyi Jida a. Li bati gwo fò ak fò won nan tout rakbwa yo. 5Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan (03.300) kilo ajan, senkantmil (050.000) barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne. 6Jotam te vin gen anpil pouvwa, paske li te mache dwat devan Seyè a, Bondye li a. 7Tout rès istwa Jotam lan, tout lagè li te fè, tou sa li te reyalize, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl ak wa peyi Jida yo. 8Li te gen vennsenkan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. 9Lè Jotam mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Akaz, pitit li, ki moute wa nan plas li.

2 Istwa 28

1Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'. 2Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo. 3Li fè boule lansan pou yo nan Fon Benninon an, li ofri pwòp pitit gason l' yo pou yo boule yo dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo. 4Li fè touye bèt, boule lansan nan tout tanp zidòl yo, sou ti mòn yo ak anba gwo pyebwa. 5Poutèt tout bagay sa yo, Seyè a, Bondye Akaz la, lage l' nan men wa peyi Siri a. Moun Siri yo bat li. Yo fè anpil moun peyi a prizonye, yo mennen yo lavil Damas. Konsa tou, Seyè a lage l' nan men wa peyi Izrayèl la ki bat li byen bat. 6Se konsa, yon sèl jou Peka, pitit Remalya, touye sanvenmil (0120.000) sòlda, tout vanyan gason, nan peyi Jida a, paske pèp la te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a. 7Zikri, yon vanyan sòlda peyi Efrayim, touye Maseja, pitit wa a, Azrikam, chèf palè a, ak Elkana, chèf ki vin apre wa a. 8Atout moun peyi Jida yo te fanmi moun peyi Izrayèl yo, moun peyi Izrayèl yo fè desanmil (0200.000) moun prizonye, fanm ak timoun, yo piye peyi a, yo pran yon pakèt bagay pote ale lavil Samari. 9Nan lavil Samari te gen yon moun yo te rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun peyi Izrayèl yo ki t'ap rive lavil Samari. Li di yo: -Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida yo. Se poutèt sa li lage yo nan men nou. Men koulye a, Bondye tande ki jan nou menm nou ansasinen yo ak raj. 10Koulye a menm, nou soti pou nou fè moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo tounen esklav pou sèvi nou. Men nou menm poutèt pa nou, lè nou fè sa, èske nou pa fè sa ki mal tou devan Seyè a, Bondye nou an? 11Koute sa m'ap di nou: Prizonye sa yo se frè ak sè nou yo ye. Kite yo tounen lakay yo, paske se sou nou Seyè a move koulye a. 12Lè sa a, kat nan gwo chèf moun peyi Efrayim yo: Azarya, pitit Jokanan, Berekya, pitit Mesilemòt, Ezekya, pitit Chaloum, ak Amasa, pitit Adlayi, leve dèyè moun ki te soti nan lagè yo. 13Yo di yo: -Pa mennen prizonye sa yo isit la! Si nou fè sa n'ap antò devan Seyè a. Nou deja fè kont peche nou konsa, Seyè a tou move sou pèp Izrayèl la, pou n'ap vin mete ankò sou sa nou fè ki mal ak sou peche nou yo! 14Se konsa sòlda yo renmèt prizonye yo ak tou sa yo te pran bay chèf yo ak tout pèp la. 15Lè sa a, yo chwazi kat menm mesye sa yo pou yo reskonsab prizonye yo. Yo pran rad nan bagay sòlda yo te piye yo, yo mete sou moun ki te toutouni yo, yo biye yo, mete sapat nan pye yo, yo ba yo manje, yo ba yo bwè. Yo mete renmèd sou tout kote yo te blese. Yo fè tou sa ki te twò fèb yo moute bourik, yo mennen tout prizonye yo tounen lavil Jeriko, lavil Palmis yo, yo renmèt yo bay fanmi yo. Lèfini, yo tounen tounen yo lavil Samari. 16Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou, 17paske moun peyi Edon yo te fè yon pase nan peyi a ankò. Yo bat lame peyi Jida a, yo fè anpil moun prizonye. 18Moun Filisti yo, bò pa yo menm, t'ap piye lavil peyi Jida yo ki te nan pye mòn yo ak nan zòn Negèv la. Yo pran pou yo lavil sa yo: Bètchemès, Ajalon, Gedewòt, Soko, Timna ak Gimzo ansanm ak tout ti bouk ki te sou zòd lavil sa yo. Yo rete ladan yo. 19Seyè a te voye tout malè sa yo sou peyi Jida a poutèt Akaz, wa peyi Jida a, ki te pouse pèp la neglije Bondye yo a, epi ki poutèt pa l' te vire do bay Bondye nèt. 20Men Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, vin atake wa Akaz pito. Pase pou l' ede l', li kraze l' pi mal. 21Se konsa, Akaz pran dènye bagay ki gen valè nan kay Seyè a, nan palè wa a ak lakay chèf yo, li fè wa peyi Lasiri a kado. Men, sa pa t' sèvi l' anyen. 22Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a. 23Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la. 24Akaz pran tout veso ki te nan Tanp Bondye a, li kraze yo an miyèt moso. Li kondannen pòt Tanp Seyè a. Li fè fè lòt lotèl pou lòt bondye yo toupatou nan lavil Jerizalèm. 25Li bati tanp nan tout lavil ak ti bouk nan peyi Jida pou boule lansan pou lòt bondye yo. Se konsa li fè Seyè a, Bondye zansèt li yo, fache anpil sou li. 26Tout rès istwa Akaz la ak tou sa li te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo. 27Lè li mouri, yo antere l' lavil Jerizalèm, men yo pa t' mete l' nan tonm wa Izrayèl yo. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain