Jou 12 sou 365

Jenèz 39–41

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jenèz 39

1Moun Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l' nan men yo. 2Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la. 3Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen. 4Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l' reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen. 5Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l'. 6Potifa te lage tout zafè l' nan men Jozèf. Li pa t' okipe anyen ankò, se annik vin chita manje. Jozèf te vin yon bèl gason byen kanpe. 7Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l': -vin kouche avè m' non! 8Men Jozèf derefize, li di l': -Mèt mwen an pa okipe anyen k'ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m'. 9Mwen gen menm otorite avè l' nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esepte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m' fè yon bagay konsa, pou m' fè peche sa a kont Bondye? 10Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l'. 11Yon jou, Jozèf vin pou fè travay li nan kay la. Lè sa a pesonn pa t' la: 12Madanm lan kenbe rad Jozèf, li di l': -Jòdi a, se pou ou kouche avè m'. Lè Jozèf wè sa, li chape kò l' met deyò, li kite rad la nan men madanm lan. 13Madanm lan menm, lè li wè Jozèf te kite rad la nan men l' pou l' kouri ale deyò, 14li rele domestik li yo, li di yo: -Nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, men koulye a li soti pou avili m'. Li vini jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m' kouche avè l'. Mwen pete rele. 15Lè li tande m' rele a, msye kouri, li met deyò, li kite rad li la bò kote m'. 16Madanm lan kite rad la bò kote l', li tann mèt Jozèf la tounen lakay la. 17Li rakonte l' menm bagay la, li di l': -Esklav ebre ou mennen lakay la vin jwenn mwen jouk isit la pou avili m'. 18Men, mwen pete yon rèl, li kouri met deyò, li kite rad li bò kote m'. 19Lè Potifa tande madanm li di l' sa domestik li a te fè l', li move sou Jozèf. 20Li fè arete l', mete l' nan prizon kote yo fèmen tout prizonye wa a. Se konsa Jozèf twouve l' nan prizon. 21Men Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l' jan l' te renmen l', li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans. 22Li mete l' veye tout lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab tout bagay nan prizon an. 23Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pa t' bezwen okipe anyen ankò paske Seyè a te la avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.

Jenèz 40

1Kèk tan apre sa, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa Lejip la te fè mèt yo yon bagay. 2Farawon an te move ni sou chèf kanbiz la ni sou chèf boulanje a. 3Se konsa li te mete yo lakay kòmandan gad palè a, kote yo te fèmen Jozèf nan prizon an. 4Kòmandan gad palè a mete yo sou kont Jozèf pou l' sèvi yo. Yo pase kèk tan nan prizon an. 5Yon jou lannwit, antan yo nan prizon an, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa a te fè yo chak yon rèv. Chak rèv te gen sans pa yo. 6Lè Jozèf vin jwenn yo nan denmen maten, li jwenn yo boulvèse. 7Li mande yo: -Poukisa nou kagou konsa jòdi a? 8Yo reponn li: -Nou chak fè yon rèv, men pa gen pesonn isit la ki ka esplike nou rèv yo. Jozèf reponn yo: -Eske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m' rèv nou yo. 9Chèf kanbiz la rakonte Jozèf rèv li te fè a, li di l': -Nan rèv mwen an, mwen wè yon pye rezen devan m'. 10Li te gen twa branch. Branch yo pran boujonnen, yo fè flè, yo fè rezen, rezen yo mi. 11Gwo gode farawon an te nan men mwen. Mwen pran rezen yo, mwen pije yo nan gode farawon an, lèfini mwen bay wa a li. 12Jozèf di li: -Men sa rèv la vle di: Twa branch yo se twa jou. 13Nan twa jou, farawon an pral chonje ou, li pral mete ou nan pozisyon ou ankò. Ou pral bay farawon an diven jan ou te konn fè l' anvan lè ou te chèf kanbiz li a. 14Men, lè tout bagay va mache byen pou ou, pa bliye m'. Tanpri, rann mwen sèvis sa a, pale ak farawon an pou mwen. Fè m' soti nan prizon sa a. 15Ou wè: se vòlè yo te vòlè m' nan peyi Ebre yo. Isit la menm, mwen pa t' fè anyen pou yo te mete m' nan prizon. 16Lè chèf boulanje a wè bèl esplikasyon Jozèf te bay lòt la, li di l': -Mwen menm tout mwen fè yon rèv. Mwen wè te gen twa panyen pen sou tèt mwen. 17Nan panyen ki te anwo nèt la, te gen tout kalite bagay yo konn kwit nan fou pou wa a. Men, zwazo t'ap manje yo nan panyen an sou tèt mwen. 18Jozèf reponn li: -Men sa rèv la vle di: Twa panyen yo se twa jou. 19Nan twa jou farawon an pral fè rele ou, l'ap fè yo pann ou nan yon pyebwa, kote zwazo ap vin dechèpiye ou. 20Sou twa jou vre, farawon an t'ap fè yon gwo resepsyon pou tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo, paske se te jou fèt li. Li fè rele chèf kanbiz la ak chèf boulanje a devan tout lòt chèf yo. 21Li mete chèf kanbiz la nan plas li ankò pou sèvi l'. 22Men, li fè pann chèf boulanje a, jan Jozèf te di yo a. 23Men, chèf kanbiz la pa dòmi reve Jozèf, li bliye l' nèt.

Jenèz 41

1Dezan te fin pase. Farawon an fè yon rèv. Li wè li te kanpe bò larivyè Nil la. 2Li wè sèt bèl vach byen gra moute soti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a. 3Apre sa, sèt lòt vach tout lèd, tout mèg, moute soti nan dlo a tou. Yo vin kanpe toupre lòt vach yo, bò dlo a. 4Sèt vye vach mèg yo manje sèt bèl vach gra yo. Epi je farawon an vin klè. 5Dòmi pran l' ankò, li fè yon lòt rèv. Li wè sèt gwo grap ble ki t'ap pouse sou yon sèl pye ble. Yo te plen grenn, yo te mi. 6Apre sa, sèt lòt grap vin parèt sou menm pye ble a. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo. 7Sèt grap chèch yo souse sèt bèl grap yo. Epi je farawon an vin klè ankò. Se rèv sa yo li te fè. 8Nan maten, li te boulvèse anpil, li voye chache dènye divinò ak nèg save ki nan peyi Lejip la. Li rakonte yo rèv la, men yo yonn pa t' kapab esplike rèv la ba li. 9Se lè sa a, chèf kanbiz la di farawon an: -Koulye a mwen chonje mwen te fè yon fòt. 10Yon jou, monwa, ou te ankòlè sou sèvitè ou yo. Ou te fè mete yo nan prizon lakay kòmandan gad palè ou la. Se te mwen menm, chèf kanbiz ou a, ansanm ak chèf boulanje ou la. 11Yon jou lannwit, nou tout de nou reve. Chak moun te fè yon rèv diferan. Chak rèv te gen sans pa l'. 12Te gen yon jenn ebre avèk nou nan prizon an. Se te yon esklav kòmandan gad palè a. Nou rakonte l' rèv nou yo. Epi li esplike yo ban nou, li bay chak moun sans rèv li te fè a. 13tout bagay pase jan li te di a: Sou twa jou vre, farawon an te mete m' nan plas mwen ankò. Pou chèf boulanje a menm, li te fè pann li. 14Farawon an voye chache Jozèf. Yo fè l' soti byen vit nan prizon an. Jozèf fè labab, li koupe cheve l', li chanje rad, epi li parèt devan farawon an. 15Farawon an di Jozèf konsa: -Mwen fè yon rèv, pesonn pa ka di m' sa l' vle di. Men yo di m' depi yo rakonte ou yon rèv, ou ka esplike l'. 16Jozèf reponn farawon an: -Se pa mwen menm non! Se Bondye ki pral bay farawon an esplikasyon rèv la. 17Farawon an di: -Mwen reve mwen te kanpe bò larivyè Nil la. 18Konsa, sèt bèl vach byen gra te moute soti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a. 19Apre sa, sèt lòt vach tout mèg, tout lèd, tout chèch te moute soti nan dlo a dèyè lòt yo. Mwen poko janm wè vye vach lèd konsa nan tout peyi Lejip la. 20Vye vach mèg yo manje bèl vach gra yo. 21Lè yo te fin vale yo, se tankou si yo pa t' janm manje. Yo te rete menm jan yo te ye anvan an. Epi je m' vin klè. 22Apre sa, mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè sèt grap ble byen plen, byen mi ki t'ap pouse ansanm sou yon sèl pye ble a. 23Apre sa, sèt lòt grap parèt dèyè yo. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo. 24Grap mèg yo souse sèt bèl grap yo. Mwen rakonte rèv yo bay divinò yo, men yo yonn pa t' kapab esplike yo ban mwen. 25Jozèf di farawon an: -tout de rèv yo vle di menm bagay la: Bondye fè ou konnen sa li pral fè. 26Sèt vach gra yo, se sèt lanne. Sèt bèl grap yo se sèt lanne tou. Yo vle di menm bagay. 27Sèt vach tout mèg, tout lèd ki vin apre lòt yo, se sèt lanne. Sèt grap ble boule yo, se sèt lanne tou. Sa vle di pral gen sèt lanne grangou. 28Se jan m' sot di farawon an: Bondye vle fè ou konnen sa li pral fè. 29Pandan sèt lanne pral gen bèl rekòt nan tout peyi Lejip la. 30Apre sa, pral gen sèt lanne grangou. Lè sa a, moun pral bliye tout bèl rekòt yo te fè nan peyi a. Grangou pral fini nèt ak peyi a. 31Grangou ki pral tonbe sou peyi a pral rèd anpil. Moun p'ap wè tras rekòt ki te fèt nan peyi a. 32Si farawon an fè menm rèv la de fwa, sa vle di Bondye gen tan fin fè plan l' nèt. Se yon bagay Bondye pral fè talè konsa. 33Koulye a, se pou farawon an chwazi yon moun ki gen lespri ak bon konprann pou l' mete l' chèf sou tout peyi Lejip la. 34Se pou ou mete chèf toupatou nan peyi Lejip la, pou yo ranmase yon senkyèm nan tout rekòt ki pral fèt pandan sèt bon lanne yo. 35Se pou yo ranmase pwovizyon pandan tout lanne ki pral vini yo. Se pou farawon an ba yo otorite pou yo anpile pwovizyon yo nan depo nan chak vil, lèfini pou yo veye yo. 36Konsa, pwovizyon sa yo va sèvi yon rezèv pou peyi a pandan sèt lanne grangou k'ap vin tonbe apre sa sou peyi Lejip, pou grangou pa fini ak peyi a. 37Farawon an ak tout moun pa l' yo te tonbe dakò ak sa Jozèf te di a. 38Farawon an di moun pa l' yo: -Ki bò nou ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye sou li tankou nonm sa a? 39Farawon an di Jozèf: -Gade tout bagay Bondye fè ou konnen! Pa gen pesonn ki gen plis lespri, osinon plis bon konprann pase ou. 40M'ap mete ou chèf sou tout peyi mwen an. Se pou tout moun nan peyi a obeyi ou. Se sèlman paske mwen wa kifè mwen menm m'a pi gwo chèf pase ou. 41Apre sa, farawon an di Jozèf: -Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la. 42Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l' nan dwèt Jozèf. Li abiye l' ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l'. 43Li fè l' moute sou yon cha. Se te pi bèl cha nan tout peyi a apre cha wa a. Li bay gad onè ki t'ap mache devan Jozèf yo lòd pou yo di byen fè: Abrèk. Se konsa farawon an te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip la. 44Farawon an di Jozèf: -Se mwen menm farawon an k'ap pale avèk ou. Pesonn pa gen dwa fè anyen ni al ankenn kote nan peyi Lejip san pèmisyon ou. 45Farawon an rele Jozèf Safna-Paneak. Li pran Asnat, pitit fi Potifera, yon prèt lavil On, li bay Jozèf li pou madanm. Jozèf al vizite tout peyi Lejip la. 46Jozèf te gen trantan lè li te konmanse sèvi farawon an, wa peyi Lejip la. Li pati, li vwayaje toupatou nan peyi Lejip la. 47Pandan sèt bon lanne yo, tè a te bay anpil anpil rekòt. 48Jozèf ranmase pwovizyon pandan sèt lanne bon rekòt yo nan tout peyi a, li mete yo nan depo nan lavil yo. Chak lavil te gen kont depo pou sere tout sa jaden alantou yo te bay. 49Li ranmase ble, li ranmase ble tankou ou ta di sab bò lanmè. Sitèlman te gen anpil ble, yo pa t' ka konnen kantite ki te genyen. 50Anvan lanne grangou yo mete pye, Jozèf te gen tan gen de pitit ak Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an. 51Jozèf rele premye a Manase paske li t'ap di nan kè l': Bondye fè m' bliye tout soufrans mwen ansanm ak moun lakay papa m' yo. 52Li rele dezyèm lan Efrayim paske li t'ap di nan kè l': Bondye fè m' fè pitit nan peyi kote m'ap soufri a. 53Sèt bon lanne rekòt yo te fin pase nan peyi Lejip la. 54Sèt lanne grangou yo te konmanse jan Jozèf te di a. Grangou t'ap bat nan tout lòt peyi yo tou, men te gen manje toujou nan tout peyi Lejip la. 55Men, yon lè grangou konmanse mete pye nan peyi Lejip la tou. Pèp la menm pran rele nan zòrèy farawon an, y'ap mande manje. Farawon an di moun peyi Lejip yo: -Al jwenn Jozèf. Se li menm ki va di nou sa pou nou fè. 56Lè grangou a te toupatou nan peyi Lejip la, Jozèf louvri tout depo yo. Li vann moun peyi Lejip yo ble, paske grangou a te rèd anpil nan peyi Lejip la. 57Moun soti toupatou nan tout lòt peyi yo vin achte ble nan men Jozèf nan peyi Lejip, paske grangou a te rèd anpil toupatou sou latè.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain