Kouplè 1
Yon jou m te pèdi nan chemen an Mwen pa te ka konnen Ki kote m dwe ale Men yon moun te vini pran men mwen E li te kondwi mwen kote dlo a byen fre.
Kè
Jezi se Wa, Jezi se Wa, Jezi se Wa tout wa L ap vin chèche mwen Pou m ale nan syèl la Jezi se Wa tout wa.
Kouplè 2
Depi jou men l te poze sou mwen Lavi mwen te chanje E nanm mwen te vin lib. Nan kè mwen toujou genyen yon chan Ki temwanye grandè Gran lanmou li pou mwen.
Kouplè 3
Ala yon si gran jou sa va ye Lè Jezi va vini Pou pran mwen avèk ou Anpil moun va di: Senyè! Senyè! Men yo p ap ka antre nan bèl vil selès la.
