Chant 75

Mwen sonje gen yon jou

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Mwen sonje gen yon jou Kijan mwen te malad Doktè te di konsa Li pa kwè m ap sove Paran m yo tande sa, Yo tout te pran krye Men Jezi te pale nan jou sa a.

Kè

Mwen pa kapab bliye, bliye jou sa a Kòman pou m ta bliye jou sa a Jou m te jwenn soulajman Pou nam mwen Glwaradye! (2 fwa, 4 liy)

Kouplè 2

Lè mwen pavt gen Jezi Kè mwen te toujou tris Mwen pa t kapab manje, Mwen pa t kapab dòmi Lè m rankontre Jezi Tout bagay te chanje Ala yon bon zanmi se Jezi!

Kouplè 3

L mwen te nan`lemonn Mwen toujou t ap kriye Peche mwen yo te wouj E t`t mwen te chaje Chak jou mwen te leve Pwoblèm agoch, adwat Mwen te remèt lavi m bay Jezi.

Kouplè 4

Jodi a si gen moun Ki poko gen Jezi, Kouri vit aksepte l Paske lè a rive Nan Jezi gen lavi, Nan Jezi gen yon lèt k ap koule.

Retour aux chants