Chant 52

Lemonn Plen Tristès Ak Mizè

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Lemonn plen tristès ak mizè, Kè nou chaje chak jou. Jezi te pran tout fado nou yo Sou mòn Kalvè pou nou.

Kè

Li vle pran tout fado w yo pou ou Bò Kalvè, bò Kalvè. Li vle pran tout fado w pou ou Li tou pre nou toujou.

Kouplè 2

Lage tout chay ou sou Jezi Kite krent ak sousi PAske Jezi wete fado nou, Sou Kalvè Li mouri.

Kouplè 3

Nanm twouble, Senyè a konnen Chagren ki nan kè ou. PAske Jezi wete tout fado yo Sou mòn Kalvè pou ou. (Burdens Are Lifted - Favorites No.4, No.66) Copyright 1952 by Singspiration, Inc. Trans 1969 by Singspiration, Inc. All rights reserved. Used by permission.

Retour aux chants