Chant 5

Anba lonbraj lakwa Jezi a

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Anba lonbraj lakwa Jezi a Se la nou va repose; Wi repose nan gras Bondye Ala bèl bagay lè n ap mache Men nou nan men Jezikri, N ap rete fèm nan gras Bondye

Kè

Jezi bon bèje ap veye sou nou Li fè nou pwomès, li pa p janm dòmi Se poutèt sa nan kay bèje a Mouton yo gen kè poze; Wi repoze nan gras Bondye

Kouplè 2

Nan pi bèl patiraj ki genyen Se la li fè nou manje; Nan pi bèl zèb anba frechè Nan pi bèl rivyè k ap koule, K ape koule byen trankil, Li fè nou bwè swaf nou pase.

Kouplè 3

Ou menm k ap travay pou Jezi Ou pa bezwen dekouraje; Kenbe pi fèm, ou va rive, Gras Bondye se benediksyon, Eske w pa ta renmen l tou Chwazi Jezi Jodi a menm.

Retour aux chants