Kouplè 1
Gen de bagay mwen pa dwe konnen Gen de kote, m pa dwe ale Men gen yon bagay, mwen konnen siman Wi Jezi bon, m santi l nan kè m
Kè
O! Wi! Bondye bon, li bon pou nanm mwen Wi li lave m e li fè m kenbe Tankou yon dlo fre, o! wi! Bondye bon Li telman bon, m santi l nan kè m.
Kouplè 2
Genyen anpil moun ki pa krenn Bondye Dènye jou a li va two ta Pou yo wè tou sa pisans li te ye O! wi! li bon, m renmen l konsa.
Kouplè 3
Va genyen yon jou soley va kouche P ap genyen limyè menm toutan, Ou menm ki pa kwè, ki bò ou prale? P ap gen kote pou ou kache.
Kouplè 4
E tout frè ak sè ki genyen pisans Nou dwe rann glwa pou pisans sa a Lemonn pa konnen ki sa nou te jwenn Se Sovè a ki renmen nou.
