Kouplè 1
Nanm mwen te swaf Li pat jwenn satisfaksyon, E plezi lemonn te twonpe nanm mwen, Men yon bon jou Lè m t ap chèche soulajeman; Jezi te di m : Genyen lavi nan mwen.
Kè
Wi, mwen te jwenn li, Bèl sous lavi a, Grasa Jezi kite mouri pou mwen , San li te koule, sou mòn kalvè a; E kounye a, li satisfè nanm mwen.
Kouplè 2
Lavi m te tris, lè m pa t ko konnen Jezi, Pa t gen espwa, nanm mwen te boulvèse, Men gras Bondye te louvri sous lavi a, M te jwenn ladan padon ak libète.
Kouplè 3
Zanmi mwen yo, O! poukisa nou mize? Vin Kounye a, vin jwenn sous lavi sa a, Fado peche yo twò lou pou sipòte, Jezi vle ban nou repo Jodi a.
