Kouplè 1
Fòk mwen di ou ki kote Kris te pran m: Pou w pa konprann mwen te fè moun debyen; Mwen t ap neye nan peche lwen Bondye. Lanmou Jezi fè mwen gras, li chwazi m.
Kè
Mwen pa konnen poukisa Kris renmen m Sèlman mwen wè laglwa li kouvri mwen Li plen kè sen yo ak lanmou pou mwen Mwen san pwoblèm Kris regle tout afè m.
Kouplè 2
Dyab la renmen mwen pase tout pechè Yon fwa l te vin pou l degize lavi m Nan feblès mwen, li t ap fèm kriminèl, Jezi sove m sa se yon gran mistè.
Kouplè 3
Se nan fatra Kris te pran m, Li lave m, Li vin mete mwen pami moun sove. Eske m pa dwe renmen bon sovè sa a? Anverite, viv pou Kris ou mouri!
Kouplè 4
Gen yon lòt bagay ki fè m kontan toutan Se lè m sonje mwen pa moun isiba, Peyi pa mwen se nan syèl kot Bondye, Mwen opilan, Sovè m pra l vin chèche m.
Kouplè 5
Zanmi mwen yo se pa blag m ap ban nou, Se temwanyaj sa Jezi fè pou mwen Eske ou pa vle gen yon plas nan syèl la? Vin bay Kris kè ou w a temwanye non li.
