Kouplè 1
Letènèl pran Samyèl, Yon jou nan yon visyon Li voye li lakay Izayi Pou l al chwazi yon Wa Letènèl ekzòte l Piga w chwazi, si ou chwazi, Mwen menm mwen va rejte ou.
Kè
Piga ou chwazi (2 fwa) Se mwen menm ki konn sa m a pran (2 fwa)
Kouplè 2
Se menm jan pou lèzòm, Yo gade sou figi; Yo gade sou sa k frape je Mwen menm mwen sonde kè; Mwen sonde mwèl ak zo. Mwen konnen tout sa ki bon Ak sa ki pa bon.
Kouplè 3
Festen an kòmanse, Izayi apwoche Avèk pitit li yo Yo youn apre lòt. Letènèl pa chwazi; Pami tout mesye yo. Si ou chwazi, Mwen menm va rejte ou.
Kouplè 4
Samyèl priye ankò, Li mande Izayi: Eske ou pa genyen lòt pitit ankò? Izay reponn: Mwen rete yon dènye, Se li menm ki okipe mouton yo. Samyèl di voye chèche li Festen an p ap fini san li.
