Kouplè 1
Te gen yon fanm kite, malad Li pase douzan, li pa t kapab geri. Tout kote l ale li pa t jwenn gerizon Li vin kouche, pou li tann lanmò li.
Kè
Pandan li kouche, li tande y ap pale Gen yon sovè ki fè anpil mirak, Li pran kouraj li di konsa: Mwen gen espwa M ap jwenn gerizon.
Kouplè 2
Yon jou l leve, li te ale Foul la anpil, li pa t kapab antre Li te fòse l touche ròb Jezi, Menm lè sa a fanm nan te jwenn gerizon.
Kouplè 3
Pandan fanm nan touché wòb Jezi Jezi santi li pa menm jan ankò Li te kanpe, li foul la: Mwen santi yon moun ki touche wòb mwen
Kouplè 4
Disip yo reponn, yo di Senyè: Foul la anpil kòman ou fè konn sa Fanm nan parèt, li di: Senyè, Se mwen menm menm ki touche wòb ou a.
Kouplè 5
Fanm nan kanpe tou ap tranble Jezi rete, li gade fanm nan; Li di fanm nan: Ou gen lafwa, Avèk lafwa ou, ou jwenn gerizon.
