Chant 22

Ala yon mèvèye, mèvèye jou

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Ala yon mèvèye, mèvèye jou Jou m pa ka jamè bliye, Lè m te nan tenèb, pèdi nan labou, Jezi Sovè m mwen kontre; Ala yon zanmi ki gen charite, Li satisfè m ak gras Li, Li pran tristès mwen, Li plen m ak lajwa E Li fè tout tenèb mwen pati.

Kè

Syèl la desann, plen nanm mwen ak lajwa, Lè Sovè mwen te sove m sou lakwa. Tout peche m padone, Tenèb mwen tounen limyè. Syèl la desann, plen nanm mwen ak lajwa.

Kouplè 2

Fèt yon lòt fwa ak pisans Lespri Sen, Li fè m yon pitit Bondye, Lanmou Kalvè jistifye m, se sèten, Li ban m yon ran bò kote l; Travay sa a fèt nan yon ti moman Lè m repanti nan peche m, Lè m aksepte Li e lè m konfese Li, O beni non Li, Li sove m.

Kouplè 3

Alèkile, esperans mwen genyen La dire tout lavi sa a L a fini yon jou, men m tout asire M ap jwenn yon plas nan syèl la. Tou sa rive m paske yon bèl jou Mwen te kwè nan Jezikri, Byenfè yo si bèl ak lavi etènèl Mwen resevwa tout nan men Li. (Heaven Came Down and Glory Filled my Soul) (Song Every Body Loves No.23) 1961 by Singspiration, Inc. Trans. 1969 by Singspiration, Inc. All right reserved. Used by permission.

Retour aux chants