Chant 9

Sonje byin zanmi nan la vi

Réveillons-Nous Chrétiens · Créole

Kouplè 1

Sonje byin zanmi nan la vi Gnou tan pou chak bagay Pa gin profesi ki va akonpli avan le l Pa jaj m tro prese Tro prese pa fe nou rive vit AIe pi dousman kan mem ou gin pou rive.

Kè

Gnou tan pou plante gnou tan pou nou rekolte Gnou tan pou krie gnou tan pou nou konsole m zanmi moin Ou met asire kan mem sa gin poul fini Profite le tan, chanje la vi nou Profite le tan, ranje la vi nou Kite inkredil yo, tout malis kache yo Kite idolat yo, cheche aranje la vi nou Profite le tan kan mem sa gin poul rive.

Kouplè 2

Konnin nan tan sa a Byineme gnou moun doue gin pasians Si ou pa gin pasians ou pa kab ap sevi Bondie Le pou delivre fok ou gingnin pasians Se pou n tan n Bondie Biyneme pou n ka deliver.

Kouplè 3

Le nou gin problem Biyneme nou pap dekouraje Nou met asire Bondie gin gnou plan Pou ou Li fe nou promes pou nou ka invoke non li Jou n va delivre, apre sa nou va bali gloua.

Retour aux chants