Chant 80

Lè kè ou byen tris, O gade Jezi

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Lè kè ou byen tris, O gade Jezi, Se pi bon zanmi ou ka genyen, Ou va jwenn Jezi kanpe tou pre ou, Pou konsole ou chak lè, chak jou.

Kè

Kè w tris, di Jezi tout bagay, Ale kounye a, Pa pran tan pou di Li tout, Kè w tris, bay Jezi tout chay la, Li va ranpli kè w avèk lajwa.

Kouplè 2

Jezi bay lajwa nan plas gwo tristès, Li bay soulajman nan plas lapenn, Jezi se toujou gran doktè a, Lè ou chèche L, W a jwenn Li san dout.

Kouplè 3

Jezi konnen nenpòt traka ou genyen, E Li vle geri nanm ou twouble, Eske w va gen konfyans nan lanmou Li? Jezi sèl ka geri lespri ou. (Heartaches - Good News in Song No.19) Copyright 1961 by Renewal Rodeheaver Co., Owner. Used by permission.

Retour aux chants