Kouplè 1
Monn sa a se pou papa m Se Li ki te fè li Zwazo nan bwa chante ak jwa Pou louwe bonte Li.
Kè
Monn sa a se pou papa m Se Li ki Tou Pisan Syèl la, tè a ak lanmè a, Tout di kijan Li gran.
Kouplè 2
Monn sa a se pou papa m M ap koute toupatou Zetwal, solèy yo tout pale Kijan Li renmen nou.
Kouplè 3
Monn sa a se pou papa m Ala kè mwen kontan! Li renmen mwen jiska lafen, Mwen pou Li pou toutan. (This is My Father's World) (Church Services Hymns No.167)
