Chant 38

Isi ba mwen satisfè ak sa m genyen

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Isi ba mwen satisfè ak sa m genyen Ak mezi byen Jezi vle ban mwen. M konnen nan syèl la Kote zanj y ap chante Mwen gen yon palè depi mwen sove.

Kè

Nan peyi anwo a Mwen genyen yon palè Se lòtbò mòn lan Mwen anvi rive, Yon jou m a wè li Lè Jezi va vini M a louwe Li pou letènite.

Kouplè 2

Malgre mwen tante, Toumante, meprize Kèk fwa menm tèt mwen Konn byen chaje. Mwen se vwayajè Mwen prale nan syèl la. Mwen wè ak lafwa Yon palè laba.

Kouplè 3

Mwen pa malere, Mwen p ap dekouraje Mwen santi mwen byen, E mwen vle chante. Devan twòn Bondye, M ap ansanm ak zanj yo, Chante pou Jezi yon kantik nouvo. (Mansion over the Hilltop - Favorite N.4, No.19) Copyright 1949 by Singspiration, Inc. Trans. 1969 by Singspiration, Inc. All right reserved. Used by permission.

Retour aux chants